{"id":683,"date":"2024-01-09T01:32:57","date_gmt":"2024-01-09T01:32:57","guid":{"rendered":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/?p=683"},"modified":"2024-06-03T13:45:02","modified_gmt":"2024-06-03T13:45:02","slug":"fason-bondye-vle-nou-bay","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/fason-bondye-vle-nou-bay\/","title":{"rendered":"Fason Bondye vle nou bay"},"content":{"rendered":"\n<p><strong>II Korentyen 9&nbsp;: 7<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>\u00ab&nbsp;Se pou chak moun bay jan yo te deside nan k\u00e8 yo, san moun pa f\u00f2se yo, san trist\u00e8s, paske Bondye renmen moun ki bay ak k\u00e8 kontan&nbsp;\u00bb.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Tit&nbsp;: \u00ab&nbsp;Bay pa sifi&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Men ki sa V\u00f2lt\u00e8 te di&nbsp;: \u00ab&nbsp;Relijyon an se yon kote yon bann m\u00e8ddam reyini ki chaje enbesil k ap suiv yo&nbsp;\u00bb. V\u00f2lt\u00e8 te gade sou yon pak\u00e8t vye pratik ki te gen nan legliz mwayenaj, nan 17\u00e8m sy\u00e8k la kote responsab yo te konn ap vann sa yo rele endiljans la. Sa vle di ou te ka achte padon pou peche w ak lajan. Legliz nan ep\u00f2k la te konn anseye ofrann nan se te yon mwayen pou retire yon nanm ki nan lanf\u00e8 pou w f\u00e8 l ale nan pigatwa, epi l\u00e8 l soti nan pigatwa li ka ale nan paradi. Relijyon te mete yon pratik ki f\u00e8 moun yo tankou b\u00e8t, yo te tounen zonbi n\u00e8t, t\u00e8lman yo te egare. &nbsp;Jounen jodi a, l\u00e8 n ap gade ki jan anpil legliz chwazi pou f\u00e8 ofrann, nou mande t\u00e8t nou \u00e8ske l diferan ak jan yo te konn vann padon pou peche nan tan lontan jan nou sot di a&nbsp;? Gen k\u00e8k lid\u00e8 ki pwofite inyorans p\u00e8p Bondye a pou pouse yo bay sa yo pa posede. Genyen ki konn menm menase fid\u00e8l yo nan mande yo vide bous, valiz, p\u00f2ch yo nan k\u00f2b\u00e8y ofrann la. Yo manipile moun yo san yo pa wont, yo s\u00e8vi ak inyorans moun yo pou yo mennen yo kote yo vle, pou yo f\u00e8 yo aji kont volonte yo. Mete sou sa, yo kreye yon imaj Bondye nan lespri moun yo kote yo f\u00e8 Bondye tounen yon koperativ, si w mete 10 pousan nan bank Bondye a, l ap ba w 100 pousan enter\u00e8. Nan nivo sa a, ofrann la p\u00e8di tout sans li, li pa ofrann ank\u00f2, li tounen yon envestisman, \u00ab&nbsp;ban m m ap ba w&nbsp;\u00bb, yo devlope rap\u00f2 sa ak Bondye nan tout bagay, l\u00e8 w ap chante yo di \u00ab&nbsp;Men louwanj ou ban m delivrans mwen nan pla men m&nbsp;\u00bb, yo redui siyifikasyon ofrann la tankou yon kom\u00e8s relijye kote y ap pledi di plis ou bay se plis w ap beni, oubyen long\u00e8 ofrann ou se long\u00e8 benediksyon w.<\/p>\n\n\n\n<p>Koute byen, tout sa w ap f\u00f2se fouye nan t\u00e8t yon moun ki pa mache ak verite biblik la ap gen yon enpak sikolojik sou moun nan kanm\u00e8m paske se sou baz yon vye ideyoloji sa w ap f\u00f2se a kanpe.&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Tewolojyen epi jesyon\u00e8 kontab Faldor Jean Rony kalifye pwobl\u00e8m \u201ceco-tewolojik\u201d, sa vle di li gen rap\u00f2 ak yon pwobl\u00e8m&nbsp;tewoloji enviw\u00f2nman\u00bb, paske dapr\u00e8 li menm, dirijan sa yo pa konnen kretyen yo dwe gen yon bon relasyon ak anviw\u00f2nman yo, nan sans, yo pa ta dwe yon menas oubyen predat\u00e8 pou fid\u00e8l yo, men yon gid pou di yo ki atitid yo ta dwe genyen nan tout sikonsans sitou anndan legliz la. Febl\u00e8s sa f\u00e8 yo vale yon tewoloji pwosperite san yo pa konnen ni sa l ye ni nan ki kont\u00e8ks li te pran nesans epi grandi.&nbsp;\u00bb&nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Ki sa Bib la di nou sou sa&nbsp;? Pwobl\u00e8m lak\u00f2l\u00e8t sa a oubyen ofrann nan se te youn nan kast\u00e8t chinwa P\u00f2l te gen pou l rezoud nan dezy\u00e8m l\u00e8t li te ekri pou Korentyen yo. Ki sa Seny\u00e8 a vle nou konnen sou konp\u00f2tman nou dwe genyen l\u00e8 nou ap pote ofrann pou li nan prezans li&nbsp;? \u00c8ske nou dwe santi nou deranje pandan n ap bay ofrann nan&nbsp;? Koute byen <strong>\u00ab&nbsp;Bondye plis enterese nan fason w ap bay la pase sa w ap bay la. Wi, Bondye plis enterese nan fason w ap bay la pase sa w ap bay la.<\/strong>&nbsp;\u00bb T\u00e8ks nou li jodi a ban nou twa verite nou pral gade kounye a&nbsp;: Ou pa dwe bay yon ofrann nan f\u00f2se&nbsp;; Ou pa dwe bay ofrann nan trist\u00e8s&nbsp;; Ou dwe bay yon ofrann ak k\u00e8 kontan, oubyen ak lajwa. Ann konsidere yo youn apr\u00e8 l\u00f2t fr\u00e8 m ak s\u00e8 m yo. &nbsp;<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Ou pa dwe bay yon ofrann nan f\u00f2se (II Kor. 9\u00a0: 7)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Mo f\u00f2se an krey\u00f2l la, se li menm nou jwenn pou tradiksyon nan plizy\u00e8 tradiksyon franse nou abitye ak yo ki se \u00ab\u00a0kontrent\u00a0\u00bb la. Nan yon fason jeneral, yo defini kontrent la tankou yon vyolans ou f\u00e8 sou yon moun, se sa ki f\u00f2se a\u00a0; se l\u00e8 w anpeche yon moun aji ak pw\u00f2p lib\u00e8te pa l. Kontrent sa a ka soti dey\u00f2, sa vle di kote yon l\u00f2t moun oubyen yon l\u00f2t bagay, oubyen li ka soti anndan moun nan menm. L\u00e8 nou di anndan moun nan, li ka yon bary\u00e8 sikolijik, sa vle di moun nan gen yon bagay nan li ki jennen l epi anpeche l aji jan l ta swete a. Nan k\u00e8k dom\u00e8n, yo konn pale sou bary\u00e8 kiltir\u00e8l, sa vle di peyi oubyen kilti kote moun nan ap viv la konn anpeche l aji nan yon fason oubyen yon l\u00f2t, yo pale tou sou bary\u00e8 sosyal, moral epi fizik. Nan sa ki gen pou w\u00e8 ak t\u00e8ks n ap gade jodi a, kontrent la se l\u00e8 ou f\u00f2se yon moun bay yon ofrann san l pa t gen volonte pou l te f\u00e8 sa. Yo konn f\u00e8 sa yo rele vyolans v\u00e8bal sou moun yo, sa vle di ak paw\u00f2l k ap soti nan bouch yo, yo pouse moun nan depoze yon ofrann nan k\u00f2b\u00e8y la li pa t vle bay. Se definisyon sa a ki bay mo \u00ab\u00a0regr\u00e8t\u00a0\u00bb la tout sans li, paske men ki sa regr\u00e8t la vle di\u00a0: \u00ab\u00a0Se l\u00e8 ou chagren, se l\u00e8 ou repanti pou yon bagay ou te f\u00e8 oubyen ou pa t f\u00e8. Nan sans sa a, li n\u00f2mal pou w regr\u00e8t ou te bay yon ofrann si se f\u00f2se yo te f\u00f2se w bay ofrann sa a.<\/p>\n\n\n\n<p>Anpil moun mal konprann epiz\u00f2d Abraram ak sakrifis pitit li Izarak li ta pral bay Bondye a, yo di se yon ofrann li ta pral f\u00e8 anba gwo kontrent paske pa gen yon papa ki t ap dak\u00f2 touye yon pitit li renmen anpil san sa pa deranje l. An nou gade nan Jen\u00e8z 22\u00a0lide k ap soti nan istwa sa a, v\u00e8s\u00e8 2\u00a0: \u00ab\u00a0Bondye di Abraram\u00a0: Pran grenn pitit gasou ou genyen an, sa w renmen anpil la, Izarak, ale nan peyi Morija, l\u00e8 w rive la, w ap touye l epi w ap boule l n\u00e8t pou mwen sou youn nan montay mwen va di w yo\u00a0\u00bb. Sa nou di\u00a0? Ki paran zantray la pa t ap rache l\u00e8 l tande yon paw\u00f2l kon sa\u00a0? Donk, moun ki di se te yon ofrann ki te gen gwo kontrent ladan l sanble gen rezon, men atansyon, v\u00e8s\u00e8 premye nan menm chapit la retire tout dout, koute sa l di\u00a0: \u00ab\u00a0Apr\u00e8 tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram epi li di l\u00a0: Abraram\u00a0! Epi Abraram reponn\u00a0: Mwen mwen\u00a0!\u00bb Bondye sonde Abraram. Gen tradiksyon ki di\u00a0\u00ab\u00a0Apr\u00e8 bagay sa yo, Bondye pase Abraram yon t\u00e8s\u00a0\u00bb, al\u00f2s, sa pa gen rap\u00f2 ditou ak yon ofrann anba kontrent, men pito Bondye t ap pase lafwa Abraram anba epr\u00e8v, se te objektif egz\u00e8sis la. Day\u00e8, mo ebre ki nan t\u00e8ks orijinal la se \u00ab\u00a0Nisah\u00a0\u00bb, ki vle di \u00ab\u00a0epwouve\u00a0\u00bb oubyen \u00ab\u00a0f\u00e8 yon moun pase yon epr\u00e8v oubyen yon egzamen\u00a0\u00bb. Anplis Bondye te vle bay Abraram yon leson, men li te vle anseye nou yon bagay tou sou sakrifis Kris la ki te gen pou l vini, paske Morija, kote Bondye te di Abraram ale pou ofri grenn pitit li a an sakrifis, se menm kote sa a ki ta pral vin tounen M\u00f2n Kalv\u00e8 pita nan 2 Kwon. 31, m\u00f2m kalv\u00e8, kote Bondye ta pral ofri grenn Pitit li a an sakrifis. Bondye t ap teste lafwa Abraram, se pa t yon sakrifis anba kontrent, se pa t yon sakrifis ki te gen gou regr\u00e8t ladan. Day\u00e8, pou montre w t\u00e8lman se te yon t\u00e8s, Bondye te gen tan prepare yon belye pou pran plas Izarak, se la nou jwenn non \u00ab\u00a0Yaweh Jireh\u00a0\u00bb, \u00ab\u00a0le Dieu qui pourvoit\u00a0\u00bbBondye pwovizyon an. Sa enteresan pou n w\u00e8 menm Bondye ki mande nou ofrann nan, se li menm ank\u00f2 ki ban moun mwayen pou n ba l ofrann nan.<\/p>\n\n\n\n<p>M gen yon zanmi ki rakonte m istwa yon j\u00e8n fi ki ale nan yon s\u00e8vis nan yon legliz yon jou nan sem\u00e8n nan, epi pandan y ap f\u00e8 ofrann, past\u00e8 a ap f\u00f2se moun yo depoze tout k\u00f2b yo gen sou yo nan k\u00f2b\u00e8y la menm lajan pou yo pran machin pou yo tounen lakay yo. L\u00e8 yo fenk k\u00f2manse li t ap ezite, men l\u00e8 l w\u00e8 jan past\u00e8 a ap f\u00f2se moun yo, li leve depoze k\u00f2b yon lane iniv\u00e8site nan k\u00f2b\u00e8y la ak yon k\u00e8 sere, yon k\u00f2b li te dwe al bay nan iniv\u00e8site a menm jou a, yon b\u00f2 fr\u00e8 l ki te ba l k\u00f2b la pou l ale peye. M panse nou dwe rele yon chat, yon chat, sa rele v\u00f2l\u00e8. Se sa ki rele kontrent la, l\u00e8 w f\u00f2se moun nan bay, l\u00e8 sa a l ap regr\u00e8t kanm\u00e8m.<\/p>\n\n\n\n<p>Fr\u00e8 ak s\u00e8 m yo, si w santi lespri w pa dispoze pou bay, si yon moun ap f\u00f2se w vide p\u00f2ch ou, bous ak valiz ou, se pou w reziste paske menm l\u00e8 w ta bay tout sa w gen sou ou, Bondye p ap pran plezi nan ofrann nan paske se atitid ou Bondye ap chache, se dispozisyon k\u00e8 moun k ap bay la ki enterese Bondye avan tout bagay. Sa vle di, avan w pote ofrann nan, se k\u00e8\u00a0 w ou dwe ofri bay Bondye. Nou menm dirijan, sispann f\u00e8 vyolans sou p\u00e8p Bondye a, sispann f\u00f2se yo bay, nou se premye gwoup moun ki dwe respekte sa ki ekri nan Paw\u00f2l Bondye\u00a0: Jan moun nan te deside nan k\u00e8 l, san f\u00f2se, oubyen san kontrent.<\/p>\n\n\n\n<p>T\u00e8ks la pa kanpe la, paske anplis li di ou pa dwe bay yon ofrann nan f\u00f2se epi pou w regr\u00e8t, oubyen anba kontrent, li di tou, ou pa dwe bay yon ofrann nan trist\u00e8s.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Ou pa dwe bay yon ofrann la nan trist\u00e8s (II Kor. 9\u00a0: 7)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Gade ki jan yo defini trist\u00e8s\u00a0: \u00ab\u00a0Yon fason ou santi w ki twouble emosyon w epi ki dire\u00a0; yon doul\u00e8 ki anvayi konsyans ou epi ki anpeche w pwofite bagay ki ta dwe f\u00e8 w kontan a\u00a0\u00bb. Nou tande byen\u00a0? Yon fason ou santi w ki twouble emosyon w\u00a0epi ki dire\u00bb, on\u00e8tman m panse nou te ka kanpe la paske definisyon an di tout bagay. \u00c8ske se ak yon santiman latwoublay nou dwe prezante nou devan Bondye l\u00e8 n ap pote ofrann pou li\u00a0? Se santiman latwoublay sa a jen\u00f2m rich ki te mande Jezi ki sa pou l f\u00e8 pou l gen lavi et\u00e8n\u00e8l la te genyen. Jezi te reponn li\u00a0: \u00ab\u00a0Ou pa dwe touye\u00a0; Ou pa dwe f\u00e8 adilt\u00e8\u00a0; Ou pa dwe bay manti\u00a0; onore papa w ak manman w\u00a0; epi se pou w renmen pwochen w menm jan ak t\u00e8t ou\u00a0\u00bb. Jen\u00f2m nan te di Jezi\u00a0: \u00ab\u00a0Mwen f\u00e8 tout bagay sa yo deja, ki sa m dwe f\u00e8 ank\u00f2\u00a0? Jezi di l\u00a0: \u00ab\u00a0Si w vle san defo n\u00e8t, ale epi vann tout sa w posede, epi bay p\u00f2v yo, epi ou va gen yon trez\u00f2 nan sy\u00e8l la. Apr\u00e8 sa, tounen epi suiv mwen.\u00a0\u00bb Men pati ki enterese nou an\u00a0: \u00ab\u00a0L\u00e8 l fin tande tout paw\u00f2l sa yo, jen\u00f2m nan ale tou tris, paske li te gen anpil byen\u00a0\u00bb. Nou jwenn istwa sa a nan Matye chapit 19 v\u00e8s\u00e8 16 a 22. Li te panike l\u00e8 l tande li dwe al vann tout byen l yo, yon santiman latwoublay te pran l, e se definisyon trist\u00e8s la menm, se kon sa anndan nou ye l\u00e8 n ap ofri Bondye yon bagay nan trist\u00e8s. Jan Bib la aprann nou l, Bondye pa pran plezi nan kalite ofrann sa yo, se atitid la l ap chache avan.<\/p>\n\n\n\n<p>Istwa Kayen ak Ab\u00e8l la ka ban nou yon limy\u00e8 anplis sou sa n ap pale a, paske li montre nou atitid 2 fr\u00e8 ki t ap prezante ofrann yo bay Bondye. Jen\u00e8z 4\u00a0: 4b \u00e0 7\u00a0: \u00ab\u00a0Let\u00e8n\u00e8l te kontan ak Ab\u00e8l epi li te aksepte ofrann li an, men li pa t kontan ak Kayen epi li pa t aksepte ofrann li an. L\u00e8 Kayen w\u00e8 sa, li te move anpil, li mare figi l byen mare. Let\u00e8n\u00e8l di Kayen\u00a0: \u00ab\u00a0Pou ki sa ou move kon sa\u00a0? Pou ki sa ou mare figi w kon sa\u00a0? Koute rezon ki f\u00e8 Bondye pa t aksepte ofrann nan dapr\u00e8 v\u00e8s\u00e8 7 la\u00a0: \u00ab\u00a0Pa gen dout nan sa, si sa w te f\u00e8 a te byen, ou pa t ap rive nan sitiyasyon sa a, men paske ou f\u00e8 sa ki mal, peche a kouche nan pap\u00f2t ou, l ap tann l\u00e8 pou l pran t\u00e8t ou. Men ou menm, se pou w kenbe t\u00e8t ak li.\u00a0\u00bb Gen moun ki di t\u00e8ks la pa fin kl\u00e8 n\u00e8t sou rezon ki f\u00e8 Bondye pa t aksepte ofrann Kayen an, k\u00e8lkeswa rezon an, Kayen pa t anp\u00e8 av\u00e8k t\u00e8t li avan l te prezante ofrann nan, pa t anp\u00e8 a vle di li gen yon santiman latwoublay. Sa pa gen anyen pou w\u00e8 ak ofrann li te bay la ki se fui lat\u00e8, chak moun te gen metye pa yo, Kayen se lat\u00e8 li te konn travay. Nan liv Penntatek yo, nou w\u00e8 plizy\u00e8 kote Bondye te konn aksepte p\u00e8p ofrann fui lat\u00e8 nan men p\u00e8p li a. Men t\u00e8ks la di nou Kayen te mare figi l byen mare, nanm li pa t anp\u00e8, li te tris kanm\u00e8m. Se atitid li te genyen an ki f\u00e8 Bondye pa t aksepte ofrann li an. Yon l\u00f2t fwa ank\u00f2, Bib la montre nou akl\u00e8 atitid moun k ap bay ofrann nan vin avan ofrann la nan li menm.<\/p>\n\n\n\n<p>Gen moun ki mal s\u00e8vi ak egzanp David la nan echanj li te genyen ak \u00d2nan an l\u00e8 l te vle achte chan an pou l bati yon ot\u00e8l pou l f\u00e8 sakrifis pou Bondye. Yo s\u00e8vi ak pasaj sa a pou di l\u00e8 w ap ofri Bondye yon bagay f\u00f2k li deranje w, f\u00f2k li f\u00e8 w mal, mo yo s\u00e8vi yo gen menm sans ak \u00ab\u00a0f\u00f2k li ba w yon santiman latwoublay\u00a0\u00bb, sa vle di yon doul\u00e8 ki anvayi konsyans ou epi ki anpeche w pwofite bagay ki ta dwe f\u00e8 w kontan\u00a0\u00bb. \u00d2nan te di wa a l ap f\u00e8 l kado, men David te reponn\u00a0: Non\u00a0! Mwen vle achte l ak lajan nan men, mwen p ap ofri Seny\u00e8 a yon bagay ki pou ou, epi mwen p ap ofri yon sakrifis boule bay Seny\u00e8 a ki pa koute m anyen\u00a0\u00bb. I Kwonik 21\u00a0: 24.<\/p>\n\n\n\n<p>Atansyon&nbsp;! Atansyon&nbsp;! Aksyon David te poze a pa t vle di ofrann la te deranje l oubyen li te kite yon santiman latwoublay nan li menm, rezon an se paske anplis se te desizyon p\u00e8son\u00e8l David pou l te achte l ak lajan men tou, David se wa li te ye, li te gen mwayen pou l achte cham an san sa pa t deranje l, sa vle di se ak bon volonte l li te f\u00e8 l, dapr\u00e8 jan nou te li l nan t\u00e8ks jodi a&nbsp;: jan li te deside sa nan k\u00e8 l&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Fr\u00e8 ak s\u00e8 m yo, si nou gen 100 goud nan p\u00f2ch nou, epi nou santi nou tris pandan n ap depoze l nan k\u00f2b\u00e8y la nan moman ofrann la, kenbe lajan w nan p\u00f2ch ou, Bondye pa pran plezi nan sa. Menm yon zanmi ou vle f\u00e8 yon kado si w santi trist\u00e8s nan k\u00e8 w, kenbe kado w lakay ou, paske t\u00e8ks la kl\u00e8 devan nou\u00a0: \u00ab\u00a0\u2026.se pou w bay san trist\u00e8s, jan ou te deside f\u00e8 sa nan k\u00e8 w\u00a0\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Ou pa dwe bay yon ofrann nan f\u00f2se epi pou w regr\u00e8t, ou pa dwe bay yon ofrann nan trist\u00e8s, men ou dwe bay yon ofrann nan k\u00e8 kontan, oubyen nan lajwa.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Ou dwe bay ofrann la nan k\u00e8 kontan oubyen nan lajwa (II Kor. 9\u00a0: 7)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Yo defini \u00ab\u00a0k\u00e8 kontan\u00a0\u00bb an tankou yon bon emosyon ou genyen ki soti anndan fon k\u00e8 w, yon santiman tout konsyans ou santi. Toujou dapr\u00e8 definisyon sa a, emosyon sa a mache ak yon bagay, sa vle di gen yon rezon ki ba w k\u00e8 kontan sa a. Si se kon sa, k\u00e8 kontan nou genyen an se yon manifestasyon rekonesans pou sa Bondye f\u00e8 pou nou. Nou prezante ofrann nou yo bay Bondye paske nou renmen li, paske li ban nou tout sa nou bezwen avan menm nou mande l yo. Li enteresan pou n gade tou \u00ab\u00a0k\u00e8 kontan\u00a0\u00bb n ap pale a oubyen \u00ab\u00a0lajwa\u00a0\u00bb se fui Lespri a li ye, nou jwenn li nan Galat 2\u00a0:20\u00a0: \u00ab\u00a0Fui Lespri a se k\u00e8 kontan\u2026..\u00a0\u00bb. Sa f\u00e8 nou konprann moun k ap prezante ofrann nan dwe f\u00e8 l selon Lespri, epi k\u00e8lkeswa kote Lespri Seny\u00e8 a ye gen k\u00e8 kontan, al\u00f2s, se yon ofrann ki jwenn enspirasyon l nan Sentespri nou dwe pote bay Bondye, li soti anndan fon k\u00e8 nou, li pa gen limit. Sentespri vle mete nou nan bon kondisyon emosyon\u00e8l, sikolojik ak spirity\u00e8l pou n prezante ofrann nou devan Bondye.<\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 nou gen k\u00e8 kontan, nou bay san gade d\u00e8y\u00e8, nou bay ak liberalite, e se menm liberalite sa a k ap f\u00e8 nou rich, se sa menm nou jwenn nan Pwov\u00e8b 11&nbsp;:24&nbsp;: \u00ab&nbsp;Moun ki bay san gade d\u00e8y\u00e8 ap vin pi rich&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Jezi t ap pale sou p\u00f2v v\u00e8v ki te bay 2 ti py\u00e8s yo, li te di fanm sa a te bay plis pase tout l\u00f2t moun ki t ap mete nan bwat la\u00a0; paske yo menm yo te bay nan sa yo pa bezwen ank\u00f2, men v\u00e8v la te bay sa l te genyen pou l te viv, tout sa l te posede. (Mak 12\u00a0: 42-44). \u00ab\u00a0Tout sa l te posede\u00a0\u00bb se sa liberalite a ye, e pa gen liberalite san k\u00e8 kontan, se k\u00e8 kontan an menm k ap f\u00e8 w baya k liberalite, sa vle di san gade d\u00e8y\u00e8. Men atansyon\u00a0! Jezi pa vle di liberalite a se l\u00e8 w bay tout sa w genyen epi ou pa kite anyen pou w viv, men pito, li t ap anseye disip yo epi nou menm sou ki atitid nou dwe genyen l\u00e8 n ap bay, paske li di \u00ab\u00a0l\u00f2t moun yo bay nan sa yo gen anplis, nan bagay yo pa bezwen\u00a0\u00bb, poutan v\u00e8v la te bay tout sa l te genyen, sa ki te neses\u00e8 pou l viv, al\u00f2s bon jan ofrann nan se l\u00e8 w ba w san w pa f\u00e8men k\u00e8 w, san w pa mezire, se l\u00e8 ou bay tout ou menm san rez\u00e8v. Pandan n ap pale sou \u00ab\u00a0bay tout ou menm\u00a0\u00bb nan, koute sa P\u00f2l te di sou legliz ki te nan Masedw\u00e0n yo\u00a0: \u00ab\u00a0Fr\u00e8 m yo, mwen ta renmen f\u00e8 nou konnen jan Bondye te montre fav\u00e8 l nan legliz Masedw\u00e0n yo. Nan mitan gwo tribilasyon ki te pase yo anba epr\u00e8v, malgre yo pa t genyen, k\u00e8 kontan yo a te f\u00e8 yo bay san gade d\u00e8y\u00e8. Sa m ap di nou la se vre, yo bay tout sa yo te kapab, yo menm rive bay sa yo pa menm genyen san moun pa f\u00f2se yo, pandan y ap f\u00e8 sa, y ap plede ak nou pou n aksepte paske yo di se yon privil\u00e8j yo genyen\u00a0 pou patisipe nan sekou y ap voye pou manm p\u00e8p Bondye a ki nan peyi Jide. Anplis yo bay jan nou te swete l la, yo ofri pw\u00f2p t\u00e8t yo bay Seny\u00e8 a avan, apr\u00e8 sa yo ofri t\u00e8t yo ban nou tou jan Bondye vle l la\u00a0\u00bb. II Kor. 8\u00a0: 1-5. Ki sa pou n di ank\u00f2\u00a0? Se sa vr\u00e8 ofrann la ye menm.<\/p>\n\n\n\n<p>Bay ak k\u00e8 kontan sanble ak yon timoun ki gen yon b\u00e8l mango byen j\u00f2n nan men l pou l manje, epi li w\u00e8 papa l k ap vini byen lwen nan yon vwayaj li te pase plizy\u00e8 jou dey\u00f2. Li t\u00e8lman kontan paske li pral pase tan ak papa l, li bliye si l grangou epi li lonje mango a bay papa l pou l montre l jan l kontan. Se menm jan an tou, l\u00e8 nou nan prezans Seny\u00e8 a, k\u00e8 kontan nou jwenn nan pouse nou ofri l sa nou genyen ki pi bon an san f\u00f2se, nan lajwa.<\/p>\n\n\n\n<p>Mwen konnen li pa fasil pou n jwenn anpil legliz jounen jodi a nan kote n ap viv la kote moun yo bay ofrann ki pa lajan, men kite m di nou, si se yon chan bannann ou genyen epi w santi nesesite pou w pote yon rejim k\u00f2m ofrann pou Bondye, f\u00e8 sa san ezite, pa okipe moun, sa regade ou menm ak Seny\u00e8 w la s\u00e8lman. Si w vle vann li tou pou w pote k\u00f2b la vini, pa gen pwobl\u00e8m, men sonje ou dwe f\u00e8 sa nan k\u00e8 kontan, pa okipe ipokrizi p\u00e8s\u00f2n aji sou ofrann ou an.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>D\u00c8NYE KOZE<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Bon jan ofrann la se l\u00e8 nou bay san nou pa regr\u00e8t la, san yo pa f\u00f2se nou\u00a0; Bon jan ofrann ofrann la se l\u00e8 nou bay san trist\u00e8s\u00a0; Bon jan ofrann la se l\u00e8 nou baya k k\u00e8 kontan, oubyen nan lajwa. Verite sa a dwe rantre anndan fon k\u00e8 nou si n vle evite f\u00e8 k\u00f2ve. Paske anpil fwa ofrann nou yo sanble ak kakav ki byen abitye men yo pa gen souf nan yo, se diferans sa a menm ki gen ant yon moun k ap viv ak yon moun ki mouri \u00ab\u00a0souf la\u00a0\u00bb. Si nou pa bay ofrann nou yo ak k\u00e8 kontan, yo p ap gen \u00ab\u00a0souf nan\u00a0\u00bb yo tou, sa vle di yo p ap vivan devan Seny\u00e8 a.<\/p>\n\n\n\n<p>Bib la ban nou yon egzanp sou yon koupe ki te prezante ofrann ni ak regr\u00e8 epi nan trist\u00e8s tou. Apr\u00e8 yo te fin vann yon teren, Ananyas ak Safira te bay manti paske yo te kenbe yon pati nan lajan an pou yo epi yo di se tout lajan an yo te pote. Pet\u00e8t se paske yo te w\u00e8 lajan an te tw\u00f2 b\u00e8l devan je yo, oubyen yo te vle f\u00e8 w\u00e8. Poutan, yo te lib pou yo te bay kantite yo vle e p\u00e8s\u00f2n pa t ap di yo anyen, dapr\u00e8 sa Py\u00e8 te di yo nan Travay chapit 5. Yo te regr\u00e8t lajan an. Menm jan yo te ofri yon ofrann kadav, sa vle di kip a t gen k\u00e8 kontan ladan, k\u00f2 yo te tonbe sans ouf devan apot yo tou. Se ak sa ofrann nou yo sanble l\u00e8 nou pa bay yo ak k\u00e8 kontan, yo sanble ak kadav devan Bondye. Ki sa pou Seny\u00e8 a f\u00e8 ak yon kadav\u00a0? Se pa kw\u00f2k m\u00f2 li ye.<\/p>\n\n\n\n<p>Pi gwo ofrann nou ka bay Bondye se lavi n\u00e8t, san manke moso. Si vi nou pa vo anyen pou nou nan pwen pou nou bay Bondye tout, ki sa nou p ap ba li\u00a0? Nou konnen ki jan nou sansib pou lavi nou. L\u00e8 nou ba l lavi nou nan k\u00e8 kontan, li gen yon fason li resevwa pafen ofrann sa a devan tw\u00f2n li. Ou menm ki poko resevwa Jezi nan lavi w, pi gwo ofrann ou ka ba li se lavi w k\u00f2m repons pou sakrifis li te f\u00e8 pou ou sou kwa a, li ba w garanti ofrann sa ap gen yon bon sant nan prezans li pou tout let\u00e8nite. Men sonje, k\u00e8lkeswa sa w ap bay la se pou w bay li ak k\u00e8 kontan, paske k\u00e8 kontan an se luil ki sou ofrann nan k ap rale dife Sentespri pou boule ofrann nan, sa ki montre Bondye aksepte l. Se pou Bondye f\u00e8 nou gras pou n konprann epi pratike paw\u00f2l li, am\u00e8n\u00a0!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>II Korentyen 9&nbsp;: 7 \u00ab&nbsp;Se pou chak moun bay jan yo te deside nan k\u00e8 yo, san moun pa f\u00f2se yo, san trist\u00e8s, paske Bondye renmen moun ki bay ak k\u00e8 kontan&nbsp;\u00bb.&nbsp; Tit&nbsp;: \u00ab&nbsp;Bay pa sifi&nbsp;\u00bb. Men ki sa V\u00f2lt\u00e8 te di&nbsp;: \u00ab&nbsp;Relijyon an se yon kote yon bann m\u00e8ddam reyini ki chaje enbesil k [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":684,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"video","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[62,50],"tags":[58],"slider-tags":[],"class_list":["post-683","post","type-post","status-publish","format-video","has-post-thumbnail","hentry","category-predikasyon","category-tewoloji","tag-predication","post_format-post-format-video"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/683","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=683"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/683\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":1311,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/683\/revisions\/1311"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/684"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=683"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=683"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=683"},{"taxonomy":"slider-tags","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/slider-tags?post=683"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}