{"id":680,"date":"2024-01-09T01:25:39","date_gmt":"2024-01-09T01:25:39","guid":{"rendered":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/?p=680"},"modified":"2024-06-03T13:57:52","modified_gmt":"2024-06-03T13:57:52","slug":"tout-pou-li-anyen-pou-nou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/tout-pou-li-anyen-pou-nou\/","title":{"rendered":"Tout pou li anyen pou nou"},"content":{"rendered":"\n<p><strong>I Kwonik 29&nbsp;: 11-15<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>\u00ab&nbsp;Se pou ou Let\u00e8n\u00e8l f\u00f2s ak pouvwa, ou gran anpil, let\u00e8nite ak lagwa se pou ou, paske tout sa ki nan sy\u00e8l la ak sou t\u00e8 a se pou ou&nbsp;; Se pou ou, Let\u00e8n\u00e8l way\u00f2m nan, paske ou mete t\u00e8t ou pi wo pase tout bagay&nbsp;! Se nan ou rich\u00e8s ak laglwa soti, se ou menm k ap domine sou tout bagay, se nan men w f\u00f2s ak pisans rete, se men w ki gen pouvwa pou f\u00e8 tout bagay vin gran epi pou kenbe yo byen djanm. Kounye a Bondye, n ap di w m\u00e8si epi n ap f\u00e8 lwanj pou b\u00e8l non ou genyen an. Paske kil\u00e8s mwen ye, kil\u00e8s p\u00e8p mwen an ye ki f\u00e8 nou kapab f\u00e8 ofrann pou ou ak tout k\u00e8 nou jan nou f\u00e8 l la&nbsp;? Tout bagay soti nan ou, epi sa n ap ba ou a se nan men w yo soti. Tankou zans\u00e8t nou yo, devan w nou se etranje k ap vin nan peyi a, lavi nou sou t\u00e8 a tankou lonbraj, e pa gen espwa&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>\u00ab&nbsp;Tout pou li, anyen pou nou&nbsp;\u00bb, se tit mesaj n ap pwopoze w jodi a, t\u00e8m nan di&nbsp;: Konviksyon kretyen dwe genyen devan rich\u00e8s.<\/p>\n\n\n\n<p>Pyrrhus, ki te viv ant 319-272 av. J.K. te wa \u00c9pire, (yon pwovens nan N\u00f2 peyi Lagr\u00e8s), te youn nan pi gran jeneral nan listwa. Misye te bay t\u00e8t li misyon pou l te vin m\u00e8t mond la. Apr\u00e8 l te fin eseye agrandi way\u00f2m li nan Masedw\u00e0n, li te ale nan z\u00f2n Sid peyi Itali, epi k\u00f2m li te gen yon pak\u00e8t elefan ki te debake sou Women yo sanzatann, li te pote viktwa nan H\u00e9racl\u00e9e an 280 epi nan Asculum an 279.<\/p>\n\n\n\n<p>Li te gen yon konseye diplomat ki te rele Cin\u00e9as, ki t ap eseye konvenk li pou l abandone vye anbisyon li te genyen yo. Konseye a mande l ki sa l ap tann nan tout batay sa yo kont Women yo. Jeneral la te reponn&nbsp;: \u00ab&nbsp;L\u00e8 nou fin pran Itale, Sisil, Kataj ak Afrik, kil\u00e8s k ap ka kanpe devan nou?&nbsp;\u00bb Cin\u00e9as mande l&nbsp;: \u00ab&nbsp;Ki sa n ap f\u00e8 apr\u00e8 sa&nbsp;?&nbsp;\u00bb Jeneral Pyrrhus reponn&nbsp;: \u00ab&nbsp;Monch\u00e8 Cin\u00e9as, n ap repoze nou, n ap bw\u00e8 chak jou epi n ap bay t\u00e8t nou plezi nan pale b\u00e8l paw\u00f2l.&nbsp; Cin\u00e9as di : \u00ab&nbsp;Men ki sa ki anpeche nou f\u00e8 sa kounye a&nbsp;? Nou dejas gen tout sa n bezwen, epi sa t ape vite nou al f\u00e8 yon pak\u00e8t l\u00f2t ef\u00f2, evite nou soufri, evite nou yon pak\u00e8t danje&nbsp;\u00bb. Agiman sa a te deranje Pyrrhus anpil, malgre sa li te kontinye ap f\u00e8 lag\u00e8 ak plizy\u00e8 kalite viktwa li te genyen nan peyi Lagr\u00e8s ak nan Masedw\u00e0n. Men li pa t rive atenn objektif li, paske sanzatann yo te touye l pandan yon operasyon kont lavil Spat, yon granmoun fi te voye yon tuil epi misye mouri.<\/p>\n\n\n\n<p>Ilistrasyon sa a nou jwenn nan \u00ab&nbsp;Plaire au Seigneur, 365 commentaires pour 2014&nbsp;\u00bb, montre nou ki jan l\u00e8z\u00f2m pa janm satisf\u00e8 malgre tout sa yo posede, yo toujou vle genyen l\u00f2t rich\u00e8s, l\u00f2t t\u00e8, l\u00f2t way\u00f2m elatriye. L\u00e8 kon sa, yo pare pou yo f\u00e8 nenp\u00f2t bagay.<\/p>\n\n\n\n<p>Bib la bay tout moun ki gen move lanbisyon pou yo pran tout rich\u00e8s ki genyen sou t\u00e8 a tankou se pou yo l te ye. Anpil, l\u00e8z\u00f2m bay plizy\u00e8 eskiz pou jisfifye foli yo. Y ap plede di&nbsp;:&nbsp;\u00ab&nbsp;Paske m se yon kreyati Bondye, m ka f\u00e8 sa m vle ak rich\u00e8s moun ki te kreye m nan, oubyen, piske Bondye se papa m epi papa m se wa, sa ban m dwa k\u00f2m prens oubyen prenns\u00e8s pou m layite k\u00f2 m jan m vle nan rich\u00e8s papa m ki se wa&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Poutan, men sa Paw\u00f2l Bondye aprann nou dapr\u00e8 lekti nou f\u00e8 jodi a: <strong>Devan tout rich\u00e8s, kretyen yo dwe gen yon konp\u00f2tman ki onore Bondye. <\/strong>Wi, <strong>Devan tout rich\u00e8s, kretyen yo dwe gen yon konp\u00f2tman ki onore Bondye.<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Mond n ap viv la chaje vye lide ladan, genyen ki pi move pase l\u00f2t, kretyen an bezwen genyen k\u00e8k prensip ki chita sou konviksyon li genyen, se prensip sa yo ki pral di l ki jan pou l konp\u00f2te l. Pet\u00e8t w ap di t\u00e8t ou&nbsp;: Ki konviksyon kretyen ki vle onore Bondye devan rich\u00e8s dwe genyen?<\/p>\n\n\n\n<p>Dapr\u00e8 sa nou li, kretyen yo dwe gen konviksyon \u00ab&nbsp;Tout bagay se pou Bondye; Tout bagay soti nan Bondye&nbsp;; Anyen pa pou l\u00e8z\u00f2m&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Tout bagay se pou Bondye (I Kwon. 29\u00a0: 11)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>David te f\u00e8 priy\u00e8 sa a nan kad yon rek\u00e8t li te f\u00e8 Bondye, li te mande otorizasyon pou l bati yon tanp pou li nan Jerizal\u00e8m. Men Bondye te f\u00e8 David konnen se pitit li Salomon k ap bati tanp la pito paske David te yon nonm ki te konn f\u00e8 lag\u00e8 anpil, li te f\u00e8 tw\u00f2p san koule. Ou kapab gade nan 2 Samu\u00e8l 7 epi nan I Kwonik 28 pou plis detay. Men nan foug li, David te vle k\u00f2manse rasanble matery\u00e8l pou konstriksyon tanp la epi bay pitit li Salomon k\u00e8k kons\u00e8y sou ki jan sa dwe f\u00e8t. Nan v\u00e8s\u00e8 11 liv I Kwonik 29 la, wa Izray\u00e8l la mete an 2 kategori rich\u00e8s ki pou Bondye yo\u00a0: Vizib epi envizib, sa vle di rich\u00e8s zye ka w\u00e8 ak sa zye pa ka w\u00e8. \u00abSe pou ou Let\u00e8n\u00e8l f\u00f2s ak pouvwa, ou gran anpil, let\u00e8nite ak lagwa se pou ou, paske tout sa ki nan sy\u00e8l la ak sou t\u00e8 a se pou ou.\u2026\u00a0\u00bb Gade byen pou n w\u00e8 : Dab\u00f2 tout sa ki envizib yo : \u00ab\u00a0f\u00f2s ak pouvwa, ou gran anpil, let\u00e8nite ak lagwa se pou ou, tout sa ki nan sy\u00e8l la\u00a0\u00bb, sa yo se bagay zye nou pa ka w\u00e8. Apr\u00e8 sa, gen bagay ki vizib yo, paske t\u00e8ks la pa di se s\u00e8lman sa ki nan sy\u00e8l yo ki pou Bondye men tou tout sa ki sou t\u00e8 a. Pandan n ap pale sou t\u00e8 a, gen yon presizyon pou n f\u00e8. Si m pran yon bout\u00e8y dlo, n ap di bout\u00e8y la se veso a (sa nou te ka rele <em>contenant<\/em>), epi dlo ki anndan bout\u00e8y la nou ta ka rele l \u00ab\u00a0<em>contenu<\/em>\u00a0\u00bb, sa vle di eleman ki anndan bout\u00e8y la, nou dak\u00f2\u00a0? Ok. Zanmi m Jonas Brutus ka di m\u00a0: Amos, mwen ba ou dlo ki anndan bout\u00e8y la (sa nou rele <em>contenu<\/em> an), men l\u00e8 w fini, rem\u00e8t mwen bout\u00e8y la (sa nou rele <em>contenant<\/em> an). Kon sa, mwen ka gen dlo a (<em>contenu<\/em> an) men mwen pa gen bout\u00e8y la (<em>contenant<\/em> an), visev\u00e8sa, sa vle di m ka gen bout\u00e8y la men dlo a pa pou mwen. Men, bagay vizib t\u00e8ks la ap pale a gen ladan l ni veso a ni eleman ki anndan veso a, sa vle di \u00ab\u00a0<em>contenant<\/em> ak <em>contenu<\/em> an\u00a0\u00bb Ki sa nou li nan Som 24\u00a0: 1\u00a0: \u00ab\u00a0Se pou Let\u00e8n\u00e8l t\u00e8 a ak tout sa ki ladan l ye, mond la ak tout sa k ap viv ladan\u00a0\u00bb, konprann byen, \u00ab\u00a0t\u00e8 a\u00a0\u00bb sa vle di \u00ab\u00a0le contenant\u00a0\u00bb\u00a0; ak tout sa ki ladan \u00ab\u00a0le contenu\u00a0\u00bb. Mond la \u00ab\u00a0le contenant\u00a0\u00bb ak tout sa k ap viv ladan \u00ab\u00a0le contenu\u00a0\u00bb. An n pa bay t\u00e8t nou manti zanmi, tout rich\u00e8s vizib ak envizib yo se pou Bondye. Si nou konprann se pou nou yo ye, si nou konprann nou ka f\u00e8 sa n vle ak yo, nou nan er\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<p>Nan Kolosyen. 1\u00a0: 16, Bib la ap pale sou Jezi k\u00f2m kreyat\u00e8, koute ki sa li di\u00a0: \u00ab\u00a0Paske nan li (sa vle di nan Jezi Kris), li te kreye tout bagay ki nan sy\u00e8l la ak sou t\u00e8 a, sa nou ka w\u00e8 ak sa nou pa ka w\u00e8, tout way\u00f2m, diyite, dominsyon ak otorite, se ak li menm tout bagay te kreye epi se pou li tout bagay te kreye\u00a0\u00bb. Mezanmi, tout bagay se pou Bondye tout bon yo ye.<\/p>\n\n\n\n<p>Men l\u00e8z\u00f2m gen gwo tanta, yo pa janm satisf\u00e8 ni yo pa vle rekon\u00e8t verite sa a. Avan l mouri, yo te mande John D. Rockefeller \u00ab\u00a0konbyen lajan ou panse yon moun ta dwe genyen pou l satist\u00e8 oubyen pou l pa bezwen ank\u00f2\u00a0?\u00bb, repons li a te f\u00e8 tout moun sezi, paske li te deklare\u00a0: \u00ab\u00a0S\u00e8lman yon grenn dola an plis\u00a0\u00bb. Deklarasyon ki montre ki jan li pa t satisf\u00e8 sa tout sa li te gen deja\u00a0\u00ab\u00a0S\u00e8lman yon grenn dola an plis\u00a0\u00bb, sa vle di pran tout sa moun nan genyen, mete yon dola sou li, l\u00e8 w fini, mete yon l\u00f2t sou li, chak fwa ou fin mete, ajoute yon l\u00f2t dola sou li. Rockefeller pa t satist\u00e8, poutan yo te evalye f\u00f2tin li nan ep\u00f2k sa a li te anviwon 340 milya dola ameriken, l\u00e8 y ap pale sou sa li posede yo di misye te gen resous ilimite, sa vle di byen l genyen pa ka fin eksplwate, men li pa t satisf\u00e8, li t ap mande pou yo mete yon grenn dola sou li toujou.<\/p>\n\n\n\n<p>Fr\u00e8 m ak s\u00e8 m yo, moman an rive pou n vin ak konviksyon tout bagay se pou Bondye. Malerezman, m konn tande moun ap di, \u00ab\u00a0Seny\u00e8 m p ap pran sa nan men w\u00a0\u00bb, sitou l\u00e8 yo p\u00e8di yon pitit oubyen yon moun ki ch\u00e8 pou yo. Anplis jan yo pale a montre yo pa gen resp\u00e8 pou Bondye, men tou yo pa konsyan timoun sa a oubyen moun sa ki mouri a se pou Bondye lye, li ka pran l l\u00e8 l vle. Se sa ki eksplike otorizasyon Bondye te bay Satan pou l pran rich\u00e8s J\u00f2b yo, paske rich\u00e8s yo se te pou Bondye, li te ka pran yo l\u00e8 l vle. J\u00f2b te konprann sa, se pou sa l te di\u00a0: Bondye bay, Bondye pran, se pou non l beni. An n viv ak konviksyon menm machin n ap woule ki gen non nou ekri sou papye a, se pou Bondye li ye.<\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 nou fin gen konviksyon tout bagay se pou Bondye, nou ka mande pet\u00e8t pou ki sa tout bagay dwe pou Bondye\u00a0? Pa vre, ebyen repons la se paske tout bagay se nan Bondye yo soti.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Tout bagay soti nan Bondye (I Kwon. 29\u00a0: 12, 14b)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Se nan ou rich\u00e8s ak laglwa soti, se ou k ap domine sou tout bagay\u2026epi nou li nan v\u00e8s\u00e8 14b a\u00a0: \u00abTout bagay soti nan ou, epi sa n ap ba ou a se nan men w yo soti\u00a0\u00bb. Gen yon bagay pou ou pa vle di se ou menm ki f\u00e8 l pou sa, mwen ka gen yon kay san se pa mwen ki ni enjeny\u00e8 a oubyen achikt\u00e8k la. Bib la f\u00e8 nou konnen anplis tout bagay se pou Bondye, men tou se nan li tout bagay soti. Diferans sa enp\u00f2tan sitou l\u00e8 n ap gade jan Bondye te kreye mond la. Ekspresyon \u00ab\u00a0Ex nihilo\u00a0\u00bb a vle di \u00ab\u00a0kreye san w pa gen anyen\u00a0\u00bb oubyen \u00ab\u00a0f\u00e8 yon bagay par\u00e8t san w pa s\u00e8vi ak okenn l\u00f2t bagay pou w f\u00e8 l\u00a0\u00bb, sa f\u00e8 nou konprann Bondye se sous tout bagay, vizib epi envizib. Li vin natir\u00e8l pou rich\u00e8s la f\u00e8 pati Bondye menm. Epi, sous rich\u00e8s sa a p ap janm seche. Pa panse gen yon jou k ap vini kote Bondye ap fin s\u00e8vi ak tout rich\u00e8s li genyen, paske menm jan Bondye et\u00e8n\u00e8l, rich\u00e8s li yo pa ka fini tou. Tout bagay soti nan Bondye, menm egzistans nou soti nan sous sa a.<\/p>\n\n\n\n<p>Dokt\u00e8 Lik di nan Travay 17\u00a0: 28\u00a0: nan li nou gen lavi, se nan li nou ka f\u00e8 mouvman, epi se nan li nou gen egzistans nou. Nan Jeremi 2\u00a0:13, Bondye li menm di se li ki se sous dlo vivan an, men sa nou li\u00a0: \u00ab\u00a0Paske p\u00e8p mwen an f\u00e8 2 kalite peche\u00a0: yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo vivan an. Yo ale f\u00e8 rez\u00e8vwa pou dlo, rez\u00e8vwa yo tou fann, yo pa menm ka kenbe dlo\u00bb.\u00a0<\/p>\n\n\n\n<p>Yon veso ka vante t\u00e8t li pou di li kenbe plis dlo pase yon l\u00f2t, kon sa, yon basen ka f\u00e8 dj\u00f2l\u00e8 pou di li kenbe plis dlo pase yon kamyon, men ni youn ni l\u00f2t, ki kote yo jwenn dlo sa a\u00a0? Li kl\u00e8, se nan yon sous, ou pa ka gen plis dlo pase sous la. K\u00e8lkeswa kantite rich\u00e8s yon moun ka genyen, li dwe rekon\u00e8t li soti nan yon sous, sous sa a se Bondye. Verite sa a dwe f\u00e8 nou rekonesan pito pase pou n ap frape lestomak nou, epi ou p ap janm ka gen plis rich\u00e8s pase sous la.<\/p>\n\n\n\n<p>Menm si ou ta gen plizy\u00e8 kawo t\u00e8, se pou w toujou sonje t\u00e8 sa yo se nan Bondye yo soti. Day\u00e8 ou te vin jwenn yo la, w ap mouri kite yo la. Koute sa J\u00f2b te di\u00a0: Mwen te soti toutouni nan vant manman m, ebyen se toutouni m ap tounen anba t\u00e8 (J\u00f2b 1\u00a0:21).<\/p>\n\n\n\n<p>Apr\u00e8 nou fin reyalize tout bagay se pou Bondye, epi se nan li tout bagay soti, li vin natir\u00e8l pou n konstate anyen pa pou l\u00e8z\u00f2m.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Anyen pa pou l\u00e8z\u00f2m \u00a0(I Kwon. 29\u00a0: 15)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Tankou zans\u00e8t nou yo, devan w nou se etranje k ap vin nan peyi a; Men ki jan David te konsidere t\u00e8t li sou t\u00e8 a, tankou yon etranje. Ki sa yon etranje ka posede sou yon t\u00e8 ki pa pou li\u00a0? Ki sa li ka reklame k\u00f2m eritaj\u00a0? Yon etranje se yon moun ki pa gen nasyonalite peyi kote l ye a (parap\u00f2 ak sitwayen peyi li ladan an). Pou l fini ak tout bagay n\u00e8t, David retire tout posiblite pou l ta genyen yon bagay nan fason li di se pase l ap pase sou t\u00e8 a \u00ab\u00a0Lavi nou yo sou t\u00e8 sa a tankou yon lonbraj, e pa gen espwa\u00a0\u00bb. Nan sans li s\u00e8vi ak lonbraj la, li vle di yon bagay ki p ap dire. Nou menm f\u00e8 ekspresyon ak li, l\u00e8 yo di\u00a0: Se lonbraj ent\u00e8l li rete\u00a0\u00bb, sa vle di moun nan diminye nan li menm, li f\u00e8b, nan k\u00e8k ka sa ka vle di moun nan pa anyen ditou. Kesyon n ap poze t\u00e8t nou se\u00a0: Si se etranje nou ye, ki sa n ap f\u00e8 sou t\u00e8 a\u00a0 si anyen pa pou nou?<\/p>\n\n\n\n<p>Bib la di nou se jeran byen Bondye yo nou ye sou t\u00e8 a. Plizy\u00e8 fwa, Jezi s\u00e8vi ak anpil parab\u00f2l pou montre nou verite sa a. Nan Matye 25\u00a0: 14-30, nou jwenn parab\u00f2l talan yo, kote yon m\u00e8t te tounen sot f\u00e8 yon vwayaj byen long, vin mande s\u00e8vit\u00e8 l yo kont. Nan Matye 24\u00a0: 45-51 nou jwenn parab\u00f2l 2 s\u00e8vit\u00e8 yo tou. Nou pa posede anyen, men se jeran nou yo. Nou la pou n defann enter\u00e8 m\u00e8t nou sou plan spirity\u00e8l ak matery\u00e8l. Spirity\u00e8l, paske pi gwo sousi Bondye genyen se nanm li bezwen sove. Nan II Kor. 5\u00a0: 20, apot P\u00f2l di nou : \u00ab\u00a0Se anbasad\u00e8 Kris la nou ye, se tankou se Bondye li menm ki pran bouch nou pou egz\u00f2te nou\u00a0\u00bb. K\u00f2m anbasad\u00e8 a se enter\u00e8 peyi li reprezante a l ap defann, kon sa tou n ap defann enter\u00e8 Bondye sou t\u00e8 a, enter\u00e8 Bondye se nanm li ban nou jere pou li yo. Epi sou plan matery\u00e8l, se bagay li ban nou kenbe, pa pou nou satisf\u00e8 pw\u00f2p dezi egoyis nou, men pou n f\u00e8 way\u00f2m li avanse epi pou n s\u00e8vi l\u00f2t yo, sonje nou p ap vin pou t\u00e8t nou, men n ap viv pou Bondye, kon sa, nou se jeran rich\u00e8s Bondye. Wi, se yon gwo privil\u00e8j paske nou se jeran byen Bondye yo\u00a0! Wi, nou jwenn avantaj ladan, men sonje tout jeran gen pou l rann kont yon jou sou fason li t ap jere byen yo te ba li yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Depi k\u00e8k tan an Ayiti, dosye kons\u00e8nan rap\u00f2 Petwo Karibe ap f\u00e8 aktyalite nan tout medya. Pr\u00e8ske tout ayisyen egzije tout dirijan ki te gen responsablite jere lajan sa a pou rann kont, epi yo nan dwa yo. Paske l\u00e8 yo ba w jere, sa pa vle di ou gen dwa pou w f\u00e8 sa w vle, paske byen yo pa pou ou. L\u00e8 yo ba w responsablite pou w jere yon bagay, ou dwe f\u00e8 sa byen yon fason pou m\u00e8t af\u00e8 a p gen anyen pou repwoche w. Pou nou menm kretyen, \u00e8ske nou diferan de moun sa yo nan fason nou jere byen Bondye yo&nbsp;? \u00c8ske nou pa sanble ak dirijan sa yo ki te mal s\u00e8vi ak lajan an&nbsp;? Se byen pou n lonje dw\u00e8t sou yo, men avan n f\u00e8 sa, \u00e8ske n pa ta dwe reflechi sou pw\u00f2p sitiyasyon nou&nbsp;? Nou pran legliz Jezi Kris la tankou se byen prive nou li te ye, nou jwe sou inyorans kretyen yo pou n achte gwo machin pou granmesi, achte gwo kay, f\u00e8 vwayaj byen ch\u00e8 ak tout fanmi nou, poutan gen yon pak\u00e8t fr\u00e8 ak s\u00e8 nou ki nan miz\u00e8, ki san espwa. Si \u00ab&nbsp;la Cour Sup\u00e9rieure des Comptes&nbsp;\u00bb sy\u00e8l la ta drese yon rap\u00f2 sou jan n s\u00e8vi ak byen Bondye ban nou nou pou n f\u00e8 way\u00f2m li avanse epi pou n s\u00e8vi l\u00f2t yo, \u00e8ske n ap jwenn sa yo rele yon \u00ab&nbsp;arr\u00eat de d\u00e9bet&nbsp;\u00bb, sa vle di yon n\u00f2t ki di nou te byen jere, oubyen n ap jwenn yon \u00ab&nbsp;Quitus&nbsp;\u00bb sa ki vle di tout bagay k\u00f2r\u00e8k, nou te f\u00e8 yon bon travay.<\/p>\n\n\n\n<p>Kite m ban nou yon egzanp pou m pi byen montre nou w\u00f2l jeran an. Nan yon jounen, yon \u00ab\u00a0voiturier\u00a0\u00bb ka f\u00e8 dj\u00f2l\u00e8 li kondui d\u00e8nye gwo mak machin ki fenk soti yo, men konbyen ki pou li nan yo\u00a0? Zewo. Li gen responsablite pou ale pake machin kliyan an epi pote l tounen l\u00e8 kliyan fin konsome san l pa grafonyen, si se pa sa l ap peye konsekans neglijans li. Se menm jan an tou, l\u00e8z\u00f2m gen pou responsablit\u00e9 byen jere byen Bondye yo paske yon jou li gen kont pou l rann.<\/p>\n\n\n\n<p>Menm si ou se past\u00e8 yon legliz, asanble w ap dirije a pa pou ou, ou se yon jeran, epi ou gen kont pou w rann Bondye. Ou se prezidan yon peyi, ebyen Bondye gen pou l mande w kont sou fason w te jere chak grenn abitan peyi sa a, paske t\u00e8 a ak tout sa ki ladan se pou li.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>D\u00c8NYE KOZE<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Menm si kretyen yo ka pwofite avantaj rich\u00e8s ki nan men yo a, men pou yo ka onore Bondye, yo dwe viv ak konviksyon tout bagay se pou Bondye, tout bagay soti nan Bondy, anyen pa pou l\u00e8z\u00f2m. Bib la deklare nou pa menm m\u00e8t pw\u00f2p souf nou pou n ta kenbe l (Ekl.8\u00a0:8). Al\u00f2s, ki sa nou ka posede\u00a0?<\/p>\n\n\n\n<p>Ki sa tout bagay sa yo vle\u00a0? \u00c8ske se preche n ap preche kont rich\u00e8s\u00a0? \u00c8ske sa vle di kretyen yo pa ka rich\u00a0? Se pa sa ditou\u00a0! Nou bezwen lajan ak tout l\u00f2t kalite rich\u00e8s pou n f\u00e8 way\u00f2m Bondye sou t\u00e8 a avanse epi pou n s\u00e8vi l\u00f2t moun. Nou bezwen yo tou pou n amelyore fason n ap viv sou t\u00e8 a. Men sa pou nou konnen, se konp\u00f2tman nou devan rich\u00e8s la ki pou k\u00f2r\u00e8k. Rich ensanse a te di nan k\u00e8 l\u00a0: \u00ab\u00a0Monch\u00e8, ou gen anpil byen nan depo pou plizy\u00e8 lane\u00a0; repoze w, manje, bw\u00e8, epi pran plezi w. Men Bondye te di l\u00a0: \u00ab\u00a0Egare oubyen ensanse\u00a0! Asw\u00e8 a menm yo pral mande w nanm ou. Tout sa w te sere yo, pou ki moun yo pral ye\u00a0?\u00a0\u00bb Bondye pa t repwoche l paske l te rich, men pito konp\u00f2tman li te genyen pou l gonfle pwovizyon l yo san l pa bay moun regle anyen pou li. (Lik 12\u00a0:16-21). Nou ka rich nan zye mond la men nou ensanse nan zye Bondye l\u00e8 n ap gonfle rich\u00e8s sou rich\u00e8s san n pa bay ni Bondye ni pwochen nou regle anyen pou nou.<\/p>\n\n\n\n<p>Paske se Bondye ki kreye tout bagay, tout bagay se pou li. Paske se Bondye ki te rachte nou, tout bagay tounen pou li ank\u00f2, paske li te peye yon gwo pri pou nanm noua k san Pitit li Jezi ki te koule. Ou menm ki poko rankontre Seny\u00e8 Jezi, se pou w konnen tou vi w pa pou ou, yon jou kou jodi a ou gen pou w rann kont sou nanm ou. Bondye ap mande w ki sa w te f\u00e8 ak kado lavi et\u00e8n\u00e8l li te ofri w nan Jezi Kris grenn Pitit li a, ki sa w ap reponn\u00a0? Rem\u00e8t Jezi lavi w. Bondye f\u00e8 nou gras pou n gen rich\u00e8s nan men nou, sonje se pou n ba l glwa ak yo epi pou n ede pwochen nou, si se pa sa, nou rate objektif la. Epi toujou sonje priy\u00e8 David la\u00a0: Se pou ou Let\u00e8n\u00e8l, let\u00e8nite ye, sa vle di tout bagay ap toujou pou Bondye, anyen ap toujou pou nou\u00a0! Se pou Bondye f\u00e8 nou gras pou n konprann epi pratike paw\u00f2l li, am\u00e8n\u00a0!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Paske se Bondye ki kreye tout bagay, tout bagay se pou li. Paske se Bondye ki te rachte nou, tout bagay tounen pou li ank\u00f2, paske li te peye yon gwo pri pou nanm noua k san Pitit li Jezi ki te koule<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":1313,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"video","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[50],"tags":[58],"slider-tags":[],"class_list":["post-680","post","type-post","status-publish","format-video","has-post-thumbnail","hentry","category-tewoloji","tag-predication","post_format-post-format-video"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/680","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=680"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/680\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":1314,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/680\/revisions\/1314"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/1313"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=680"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=680"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=680"},{"taxonomy":"slider-tags","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/slider-tags?post=680"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}