{"id":675,"date":"2024-01-09T01:17:23","date_gmt":"2024-01-09T01:17:23","guid":{"rendered":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/?p=675"},"modified":"2024-06-03T14:13:00","modified_gmt":"2024-06-03T14:13:00","slug":"kote-bondye-bay-tout-kretyen-randevou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/kote-bondye-bay-tout-kretyen-randevou\/","title":{"rendered":"Kote Bondye bay tout kretyen randevou"},"content":{"rendered":"\n<p><strong>II Py\u00e8 1&nbsp;: 5b rive 8<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>\u00ab&nbsp;\u2026nou dwe f\u00e8 tout sa nou kapab pou nou mete sou lafwa nou bon konduit, sou bon konduit la n ap mete konesans, sou konesans la n ap mete kontw\u00f2l t\u00e8t nou, sou kontw\u00f2l t\u00e8t nou n ap mete pasyans, sou pasyans la n ap mete devosyon oubyen s\u00e8vis nou pou Bondye, sou s\u00e8vis nou pou Bondye n ap mete lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo, sou lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo n ap mete lacharite. Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, yo p ap kite nou ni rete bra kwaze ni san pou pa pwodui pou konesans Seny\u00e8 nou an Jezi Kris.\u00bb<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Matirite spirity\u00e8l&nbsp;: Kote Bondye bay tout kretyen randevou<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 yon ti bebe f\u00e8t, li bezwen l\u00e8t manman l ki gen tout sa l bezwen pou l viv, men plis l ap grandi, li bezwen jwenn bon jan manje solid pou l ka pi byen devlope. Ebyen, moun ki fenk f\u00e8t nan Kris yo bezwen l\u00e8t tou, sa vle di bon jan nosyon fondamantal nan doktrin krety\u00e8n nan, men pou yo grandi spirity\u00e8lman, yo bezwen bon jan manje solid. Bib la ban nou yon pwosesis pou n suiv yon fason pou n kapab byen grandi pou n rive nan matirite kote Bondye ap tann nou an. Nou kontan paske pwosesis pou matirite spirity\u00e8l nou pral pale a, li soti nan yon apot ki te f\u00e8 anpil er\u00e8 pandan l t ap mache ak Seny\u00e8 a avan l te rive nan d\u00e8nye mach la, se apot Py\u00e8. Pou chak etap li montre nou nan v\u00e8s\u00e8 jodi a, nou pral eseye gade siyifikasyon yo, koneksyon yo genyen nan mitan, gade ki jan k\u00e8k apot te aplike yo nan lavi yo epi ki jan nou menm jodi a nou ka aplike yo nan lavi nou. &nbsp;<\/p>\n\n\n\n<p>Nan yon sans jeneral, Py\u00e8 te voye l\u00e8t sa a pou tout moun ki ta pataje menm lafwa ak li, pa mwayen jistis Bondye ak Sov\u00e8 Jezi Kris (V. 1). Sa f\u00e8 nou kapab di san doute, tout rek\u00f2mandasyon ki nan t\u00e8ks jodi a yo pou nou tou paske nosyon kwasans spirity\u00e8l la pa kons\u00e8ne yon gwoup kretyen s\u00e8lman ki te viv nan yon ep\u00f2k, men pou tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi pou Seny\u00e8 ak Sov\u00e8 p\u00e8son\u00e8l yo. Paske, <strong>matirite spirity\u00e8l la, se kote Bondye bay tout kretyen randevou<\/strong>. &nbsp;Apot la prezante nou devlopman vi kretyen ki pou mennen nou nan matirite a tankou yon eskalye ki gen 8 mach ladan, nou pral gade yo youn apr\u00e8 l\u00f2t.<\/p>\n\n\n\n<p>Tewolojyen evanjelik yo kw\u00e8 nan enspirasyon total, mo pou mo Bib la, se sa yo rele an frase&nbsp;: \u00ab&nbsp;Inspiration verbale et pl\u00e9ni\u00e8re&nbsp;\u00bb. Nan liv li ekri ki rele \u00ab&nbsp;Introduction \u00e0 la th\u00e9ologie&nbsp;\u00bb, dokt\u00e8 Jo\u00ebl Laloi defini l kon sa&nbsp;: Sentespri Bondye a pran kontw\u00f2l panse ot\u00e8 biblik yo pou l gide yo menm nan chwa mo y ap f\u00e8 pandan l kite yo chak la ak pw\u00f2p stil pa yo. Se sou baz 2 Py\u00e8. 1&nbsp;: 21 yo tire definisyon sa a kote t\u00e8ks la eksplike w\u00f2l Sentespri nan redaksyon Bib la. Al\u00f2s, nou kw\u00e8 se pa yon aza si se kon sa mach ki menmen nan matirite spirity\u00e8l ranje. Jan n te di a, an n gade yo youn apr\u00e8 l\u00f2t, menm si gen k\u00e8k k ap mande plis tan pase l\u00f2t.<\/p>\n\n\n\n<p><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Lafwa (II Py\u00e8. 1\u00a0: 5b)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p><strong>Eksplikasyon<\/strong>&nbsp;: Premye mach la se lafwa. Sa par\u00e8t lojik paske l\u00e8 nou li nan Ebre 11&nbsp;: 6b, men sa nou jwenn&nbsp;: \u00ab&nbsp;Se sa k f\u00e8, nenp\u00f2t moun ki vle vin jwenn Bondye dwe kw\u00e8 Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout k\u00e8 yo.&nbsp;\u00bb&nbsp; V\u00e8s\u00e8 a gen tout sans li paske ou pa ka pwoche b\u00f2 kote yon \u00e8t sipr\u00e8m san w pa menm kw\u00e8 li egziste. Kounye a, nou pral f\u00e8 de konsiderasyon&nbsp;sou lafwa&nbsp;: Nou pral gade ki kote li soti epi ki sa li vle di tout bon vre. Bib la kl\u00e8 kou dlo k\u00f2k sou ki kote lafwa soti. Women 10&nbsp;:17 di nou \u00ab&nbsp;lafwa vini l\u00e8 nou tande B\u00f2n nouv\u00e8l la, epi nou tande B\u00f2n nouv\u00e8l la l\u00e8 yon moun pale sou sou Kris la&nbsp;\u00bb. Epi, se pa mwayen lafwa ki f\u00e8 nou sove, dapr\u00e8 Efezyen&nbsp; 2&nbsp;:8.<\/p>\n\n\n\n<p>Kounye a, yon vye konsepsyon sou lafwa ka f\u00e8 nou parese, li ka f\u00e8 nou f\u00e8 wout kwochi jis mal\u00e8 rive nou. Paske lafwa se pa s\u00e8lman yon konfyans ou mete nan yon moun oubyen yon bagay, sa ki se yon eleman nan lafwa a, men pou li konpl\u00e8 n\u00e8t, ou dwe poze aksyon ki mache oubyen ki koresponn ak sa ou kw\u00e8 a. Si nou kw\u00e8 Jezi ka sove nou anba peche nou, lafwa sa a k\u00f2r\u00e8k, men li poko konpl\u00e8 toutotan nou pa poze aksyon an pou nou ale jwenn Kris, konfese peche nou yo, envite l nan lavi nou ofisy\u00e8lman pou l vin Seny\u00e8 nou. Se nan nans sa a ki f\u00e8 Jak di yon lafwa ki pa gen bon jan aksyon oubyen z\u00e8v ki mache ak li, se yon lafwa ki mouri.<\/p>\n\n\n\n<p>Se sa ki f\u00e8 lafwa n ap pale a diferan ak yon fwa sip\u00e8fisy\u00e8l, paske Bib la di menm demon yo kw\u00e8 Bondye egziste tou, men yo tranble, nou jwenn sa nan Jak 2&nbsp;:19.<\/p>\n\n\n\n<p>Istwa fanm ki t ap p\u00e8di san depi douz lane nan Matye 9\u00a0: 20-22 a, ban nou yon definisyon ki k\u00f2r\u00e8k sou lafwa. Fanm nan te di nan li menm\u00a0: \u00ab\u00a0Si m ka rive touche w\u00f2b Jezi s\u00e8lman, m ap geri\u00a0\u00bb. Fwa sa a k\u00f2r\u00e8k, paske p\u00e8s\u00f2n pa pi byen plase pase Jezi pou geri tout maladi nou yo. Men si apr\u00e8 fanm nan te fin f\u00e8 deklarasyon an epi li te rete chita lakay li, li pa t ap janm geri. F\u00f2k li te atake dezy\u00e8m eleman nan definisyon lafwa a ki se aksyon ki mache ak sa l kw\u00e8 a. T\u00e8ks la di nou, li leve, li pase nan mitan foul la epi li touche ke w\u00f2ch Jezi. An n f\u00e8 yon ti kanpe la. Levitik 15\u00a0: 25 f\u00e8 nou konnen \u00ab\u00a0yon fanm ki gen san k ap koule sou li pandan plizy\u00e8 jou ki depase pery\u00f2d n\u00f2mal li, pa pw\u00f2p padan tout pery\u00f2d li gens an an\u00a0\u00bb. Pa pw\u00f2p la vle di li \u00ab\u00a0impur\u00a0\u00bb, t\u00e8ks la di yo dwe mete moun kon sa an karant\u00e8n pou moun pa touche ak li, paske depi yon moun touche fanm sa a oubyen yon bagay fanm sa a te touche deja, moun sa a ap \u00ab\u00a0impur\u00a0\u00bb tou jis nan asw\u00e8, li ka menm mouri si l pwoche nan eta l ye a b\u00f2 kote tab\u00e8nak la ki nan mitan p\u00e8p la (v. 31). Al\u00f2s, lafwa fanm sa a pouse l kite karant\u00e8n nan, se te yon risk ki te ka koute l lavi l, li pase nan mitan foul la, sa vle di li kraze bary\u00e8 sosyal epi sikolojik la jiskaske li touche w\u00f2b Jezi. Lafwa l la te chita sou Jezi, sa vle di li te k\u00f2r\u00e8k, epi li poze aksyon ki mache ak sa li kw\u00e8 a.<\/p>\n\n\n\n<p>Kounye a, jan n te di n ap f\u00e8 l la, an n gade ki jan lafwa sa a te manifeste nan lavi apot yo, espesyalman nan lavi Py\u00e8. Depi premye fwa Py\u00e8 te rankontre ak Jezi nan Lik 5\u00a0:4 \u00e0 6, nou jwenn definisyon lafwa a. Jezi mande mesye yo lage fil\u00e8 yo nan dlo a pou yo peche, Py\u00e8 di\u00a0: M\u00e8t, nou pase tout nuit la san nou pa pran anyen, men sou paw\u00f2l ou n ap jete fil\u00e8 a. Epi l\u00e8 yo fin lage fil\u00e8 a nan dlo a, yo t\u00e8lman pran pwasyon, fil\u00e8 a ak krake pou l kase\u00a0\u00bb. Nou w\u00e8, bon ja lafwa a chita sou Paw\u00f2l Kris la, \u00ab\u00a0sou Paw\u00f2l ou\u00a0\u00bb, epi li poze aksyon ki mache ak sa l kw\u00e8 a \u00ab\u00a0M ap lage fil\u00e8 a nan dlo a\u00a0\u00bb, epi rezilta a vini \u00ab\u00a0yo t\u00e8lman pran anpil pwason, fil\u00e8 t ap krake pou l kase\u00a0\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Si nou vle grandi tout bon nan relasyon nou ak Seny\u00e8 a, si nou kw\u00e8 li ka chanje lavi nou tout bon,\u00a0 se pou nou aji dapr\u00e8 sa li mande nou nan Paw\u00f2l li a. Lafwa se baz kwasans k ap mennen nou nan matirite spirity\u00e8l la, sonje se la Bondye ap tann nou.<\/p>\n\n\n\n<p>Kounye a an n gade dezy\u00e8m mach la. Mete sou lafwa nou bon konduit.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Bon konduit<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Koneksyon ant 2 mach yo tou f\u00e8t. Paske si lafwa nou nan Kris la mande nou aji dapr\u00e8 sa ki nou kw\u00e8 a, e aksyon n ap poze yo se bon aksyon yo ye pa vre\u00a0? Sa vle di, yo souzantann n ap gen yon bon konduit. Al\u00f2s, bon konduit la se sa ki montre tout bon nou gen lafwa nan Kris la. Nan Lik 3\u00a0: 9, Jezi di nou \u00ab\u00a0Y ap koupe tout pyebwa ki pa bay bon fui\u00a0\u00bb. Ou pa ka di ou kw\u00e8 nan Kris epi pou w pa gen bon konduit. Jezi di disip yo nan Jan 14\u00a0:15 \u00ab\u00a0Si nou renmen m vre, se pou nou f\u00e8 tout sa m di nou f\u00e8 yo\u00a0\u00bb. William McDonald panse \u00ab\u00a0bon konduit\u00a0\u00bb la ka vle di kouraj spirity\u00e8l nou dwe genyen devan yon mond sovaj pou n toujou goumen pou bagay ki vre. Paske, gen anpil bagay n ap jwenn sou wout nou pandan nou nan pwosesis matirite spirity\u00e8l la ki ka vle f\u00e8 nou gen vye konp\u00f2tman, se pout\u00e8t sa li di sa.<\/p>\n\n\n\n<p>Se sa ki f\u00e8, Py\u00e8 ak Jan te reponn ansyen yo, dokt\u00e8 lalwa ak sakrifikat\u00e8 yo nan Travay 4\u00a0: 19 \u00ab\u00a0Mesye, \u00e8ske nou w\u00e8 l bon, devan Bondye, pou nou ta koute nou oubyen Bondye\u00a0? Gade byen nan pw\u00f2p konsyans nou pou n w\u00e8 si sa nou di a f\u00e8 sans\u00a0\u00bb. Deklarasyon sa a f\u00e8 n ap site definisyon William McDonald la ank\u00f2\u00a0: \u00ab\u00a0Bon konduit la se kouraj spirity\u00e8l nou dwe genyen devan mond sovaj sa a pou n toujou goumen pou bagay ki vre\u00a0\u00bb, nou ta ka ajoute \u00ab\u00a0pou bagay ki mache ak lafwa nou.<\/p>\n\n\n\n<p>N ap viv nan yon sosyete ki k\u00f2wonpi n\u00e8t, kote chak jou nou dwe f\u00e8 chwa ki onore Bondye, sitou nan enstitisyon prive ak leta nou konn jwenn sitiyasyon ki ka tounen yon obstak pou kwasans spirity\u00e8l nou, apot Py\u00e8 di nou, apr\u00e8 mach lafwa a, se sou mach bon konduit la nou dwe mete pye nou.<\/p>\n\n\n\n<p>Mete sou bon konduit la konesans<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Konesans<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Pandan nou gen bon konduit la, se pou nou gen bon jan konesans sou Paw\u00f2l Bondye a pou n pa tounen ni agoch ni adwat. Bib la konn s\u00e8vi ak mo konesans, \u00ab\u00a0savoir\u00a0\u00bb oubyen lasyans pou pale sou menm bagay. Men k\u00f2m n ap pale sou kwasans spirity\u00e8l, li enp\u00f2tan pou n mete aksan sou konesans Paw\u00f2l Bondye tankou yon metriz doktrin fondamantal fwa krety\u00e8n nan epi pou n kontinye grandi ladan tou. Se konesans sa a k ap p\u00e8m\u00e8t nou f\u00e8 fas kare ak fo doktt\u00e8 yo tou, day\u00e8 se te youn nan objektif Py\u00e8 l\u00e8 l t ap ekri a. An n gade tou, depi nan k\u00f2mansman epit la, ki jan Py\u00e8 montre se konesans la ki miltipliye gras ak lap\u00e8, sa vle di plis nou konnen Bondye ak Jezi Kris, se plis n ap devlope nan matirite spirity\u00e8l nou. Paske, mo ebre ki s\u00e8vi pou konesans la se \u00ab\u00a0yada\u00a0\u00bb li vle di yon konesans entim, sa vle di ou dwe konn Paw\u00f2l la jiskaske ou f\u00e8 yon s\u00e8l ak li. Se menm mo \u00ab\u00a0konnen\u00a0\u00bb sa a ki s\u00e8vi pou pale sou relasyon seksy\u00e8l nou jwenn nan Jen\u00e8z 4\u00a0:1 l\u00e8 l di \u00ab\u00a0Adan konnen madanm li \u00c8v\u00a0epi li f\u00e8 yon pitit\u00a0\u00bb. Gen yon moun ki te di \u00ab\u00a0Ou dwe t\u00e8lman f\u00e8 yon s\u00e8l ak Paw\u00f2l Bondye a, si tout Bib nan mond la ta boule, depi yo gade w, yo dwe w\u00e8 Paw\u00f2l la nan ou\u00a0\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Konesans n ap pale a gen yon kote li k\u00f2manse. Pwov. 1\u00a0:7 di nou \u00ab\u00a0l\u00e8 w gen krentif pou Bondye se l\u00e8 sa a nou k\u00f2manse gen konesans\u00a0\u00bb, gade byen, li di \u00ab\u00a0k\u00f2manse\u00a0\u00bb sa vle di nou dwe kontinye pratik la pou l ka devlope. P\u00f2l se youn nan apot ki te gen pratik sa a, pandan l te nan prizon W\u00f2m, li ekri Timote pou l di l l\u00e8 w ap vin w\u00e8 m, sonje pote rad ak liv mwen te kite Twowas kay Carpus (1 Tim. 4\u00a0: 13). Epi sonje se konesans Paw\u00f2l Bondye a k ap p\u00e8m\u00e8t nou konbat vye doktrin yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Apot Py\u00e8 te yon pech\u00e8 pwason, jeneralman yo konsidere moun sa yo tankou moun ki sa edikasyon. Men apr\u00e8 ent\u00e8vansyon l devan ch\u00e8f p\u00e8p yo, ansyen ak skrib yo nan Travay 4\u00a0: 13, yo te sezi, paske zotobre yo di\u00a0: M te kw\u00e8 n\u00e8g sa yo se moun p\u00e8p yo ye, nou pa konnen si yo te f\u00f2me kon sa. Apr\u00e8 anviwon 3 lane ap pran f\u00f2masayon nan men pi gwo M\u00e8t ki genyen an, mesye yo pa t fouti s\u00f2t, yo te gen konesans Paw\u00f2l Bondye a.\u00a0<\/p>\n\n\n\n<p>N ap f\u00e8 w sonje l\u00e8 Satan te vin tante Jezi, se ak Paw\u00f2l la Seny\u00e8 a te kouri d\u00e8y\u00e8 l. An nou di ou avoka epi yon moun pote yon dosye byen monte pou w siyen pou li, se pou w gade \u00e8ske sa w ap siyen an mache ak Paw\u00f2l Bondye a avan, pou anyen pa mare pye w nan kwasnas spirity\u00e8l ou. Si w pa manje Paw\u00f2l la pou w gen konesans, w ap kwatch\u00f2k\u00f2, nenp\u00f2t doktrin ka pote w ale.<\/p>\n\n\n\n<p>Mete sou konesans la kontw\u00f2l t\u00e8t ou.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li>Kontw\u00f2l t\u00e8t ou<\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>L\u00e8 w fin gen konesans la, se pou w aprann kontwole t\u00e8t ou pou w pa panse se kich\u00f2y ou ye. Ki jan yo defini kontw\u00f2l t\u00e8t ou\u00a0? Se yon moderasyon ou genyen oubyen l\u00e8 w kenbe t\u00e8t ou volont\u00e8man, se sa yo rele \u00ab\u00a0Ma\u00eetrise de soi\u00a0\u00bb nan lang franse a. Gen k\u00e8k l\u00f2t sous ki ajoute nosyon ekilib ladan, paske l\u00e8 w gen kontw\u00f2t t\u00e8t ou, ou gen ekilib nan tout sa w ap f\u00e8.<\/p>\n\n\n\n<p>P\u00f2l ban nou yon av\u00e8tisman jeneral kons\u00e8nan konesans nan 1 Kor. 8\u00a0: 1 kote li di n atansyon ak konesans paske li ka f\u00e8 n gongle lestomak nou. Se pout\u00e8t sa yo di kontw\u00f2t t\u00e8t nou an dwe pouse nou gen yon vi disiplin. Nan \u00ab\u00a0Commentaire biblique Nouveau Testament du disciple\u00a0\u00bb, William McDonald defini disip la tankou yon pisans l\u00e8 w kontwole volonte w pa mwayen Sentespri Bondye ki nan ou a. Li kontinye pou l di disiplin sa a dwe rantre nan tout sa w ap f\u00e8\u00a0: lapriy\u00e8, etid biblik, nan fason ou jere tan w, nan kontwole apeti fizik ou, epi nan fason ou sakrifye t\u00e8t ou. Apot P\u00f2l te gen bon jan disiplin sa a, koute sa li te di nan\u00a01 Kor. 9\u00a0: 26,27a : \u00ab\u00a0Se pout\u00e8t sa mwen pa kouri tankou chen fou, mwen gen yon kote m vle rive. Mwen batay tankou yon boks\u00e8. Mwen pa voye kout pwen nan vid. Wi, mwen trete k\u00f2m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontw\u00f2l\u00a0\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 l te fenk k\u00f2manse mache ak Jezi, Py\u00e8 se pa moun ki te poze, day\u00e8 yo konsidere l tankou apot ki gen san cho a, nou sonje se li menm ki te kouri rale epi pou l koupe z\u00f2r\u00e8y souvern sakrifikat\u00e8 a nan jaden jetsemane (Jan 18\u00a0:10). Li pa t dak\u00f2 pou yo arete Jezi, men k\u00e8k tan pita, li ta pral kite yo arete l san l pa f\u00e8 rezistans, li vin aprann kontwole t\u00e8t li.<\/p>\n\n\n\n<p>Pafwa yon moun di nou yon vye paw\u00f2l, nou sansi pou n ta santi nou byen sepou n ta reponn moun nan t\u00e8t pou t\u00e8t, men sonje nou dwe aprann kontwole t\u00e8t nou paske nou gen yon eskalye n ap monte ki pou mennen nou nan matirite spirity\u00e8l.<\/p>\n\n\n\n<p>Mete sou kontw\u00f2l t\u00e8t ou, pasyans<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Pasyans<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p>L\u00e8 w fin gen kontw\u00f2l t\u00e8t ou, ou pa nan t\u00e8t cho ank\u00f2, ou ka gen pasyans, senky\u00e8m mach la. Li enp\u00f2tan pou n souliye mo \u00ab\u00a0pasyans\u00a0\u00bb la soti nan yon mo gr\u00e8k ki vle di p\u00e8severans. Sa vle di, pasyans pa vle di rete san w p ap f\u00e8 anyen. Se pou w ap f\u00e8 mouvman, gen r\u00e8s mach ki rete pou w monte. Premye disip Jezi te rele yo te pwofesyon\u00e8l nan sa ki rele pasyans la, sa vle di nan p\u00e8severans. Pou ki sa nou di sa\u00a0? Paske se pech\u00e8 pwason yo te ye, pech\u00e8 pwason konn pase twa jou sou lanm\u00e8 san yo pa pran anyen, epi yo rantre lakay yo pou yo tounen nan demen ank\u00f2. Se sa ki rele p\u00e8severans la.<\/p>\n\n\n\n<p>Jak 1\u00a0: 3 di nou\u00a0: \u00ab\u00a0L\u00e8 lafwa nou rankontre epr\u00e8v, nou aprann gen pasyans nan soufrans yo\u00a0\u00bb. Nou w\u00e8 koneksyon ki genyen ant premye mach la ki se lafwa ak senky\u00e8m nan ki se pasyans, sa vle di p\u00e8severans. Jak kontinye nan chapit 5\u00a0: 7 pou l di nou dwe gen pasyans tankou moun k ap travay t\u00e8 jiskaske Seny\u00e8 a tounen. Nou w\u00e8 ki jan\u00a0? Tankou moun k ap travay t\u00e8, al\u00f2s pasyans pa vle di rete ap tann san w pa f\u00e8 anyen, men se pou w p\u00e8severe jiskaske Seny\u00e8 a tounen.<\/p>\n\n\n\n<p>Alan Mafayden, yon fotograf pwofesyon\u00e8l te pase 6 lane pandan l te pran 720,000 priz imaj yon zwazo ki t ap plonje t\u00e8t li nan yon dlo avan l te resi reyisi grenn foto li te bezwen an. Se sa ki p\u00e8severans la. Si nou ta di tankou P\u00f2l, si pou yon bagay k ap pase moun pr\u00e8 pou p\u00e8severe kon sa, ebyen konbyen fwa nou ta dwe f\u00e8 plis ef\u00f2 pou n p\u00e8severe nan bagay k ap mennen nou nan matirite spirity\u00e8l kote Bondye ap tann nou an.<\/p>\n\n\n\n<p>Sa rive nou rantre lakay nou men nou t\u00e8lman fatige menm priye nou pa ka priye, menm Bib la nou pa ka li. Pwobl\u00e8m konn f\u00e8 w panse pwom\u00e8s Bondye yo pa mache ak reyalite w ap viv la, se nan moman sa yo menm nou dwe montre pasyans sa vle di p\u00e8severans, se senky\u00e8m mach la li ye, ou manke 3 pou w rive nan matirie spirity\u00e8l la, nou pa ka kanpe, se pou n leve pye nou mete sou sizy\u00e8m mach la.<\/p>\n\n\n\n<p>Mete sou pasyans la devosyon oubyen s\u00e8vis nou pou Bondye.<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Devosyon<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p>Devosyon se atachman ou genyen nan mach ou ak Seny\u00e8 a pandan w ap s\u00e8vi l. Se sa ki f\u00e8 li mache pye pou pye ak pasyans la ki se p\u00e8severans. Li p\u00e8m\u00e8t nou respekte chwa Bondye f\u00e8 pou l pase nou anba epr\u00e8v n ap pase nan p\u00e8severans la. Chak grenn mach nan eskalye ki mennen nou nan matirite spirity\u00e8l la gen yon koneksyon.<\/p>\n\n\n\n<p>Mo franse nou abitye ak li a se\u00a0\u00ab\u00a0pi\u00e9t\u00e9\u00a0\u00bb, se pou sa P\u00f2l di Timote egz\u00e8sis k\u00f2por\u00e8l la bon pou k\u00e8k bagay s\u00e8lman, men \u00ab\u00a0pi\u00e9t\u00e9\u00a0\u00bb a bon pou tout bagay, paske devosyon sa a gen nan li menm yon pwom\u00e8s lavi sou t\u00e8 sa a ak sa ki gen pou vini an tou. (I Tim. 4\u00a0:8).<\/p>\n\n\n\n<p>Py\u00e8 se youn nan apot ki te montre devosyon li te gen pou Seny\u00e8 a. Li se premye disip ki te konfese Jezi se Kris la, Pitit Bondye vivan an\u00a0; se li menm ki t al chache py\u00e8s la nan bouch pwason an, se li ki te ale kay K\u00f2n\u00e8y epi prezante levanjil la bay payen yo. Devosyon sa a pouse l pran lapaw\u00f2l nan jou pannkot la kote gen 3 mil moun ki te repanti.<\/p>\n\n\n\n<p>Mwen ak ou dwe pase t\u00e8t nou egzamen pou n w\u00e8 nan ki nivo devosyon nou pou Seny\u00e8 a ye\u00a0depi l\u00e8 nou te mete pye nou sou premye mach lafwa a l\u00e8 n te kw\u00e8 nan li ak jounen jodi a. Devosyon w pou Seny\u00e8 a se l\u00e8 w vle temwaye pou li tout kote menm si sa dwe koute w p\u00e8di travay ou.<\/p>\n\n\n\n<p>Menm devosyon sa a dwe mennen nou nan lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou, avan d\u00e8nye mach matirite spirity\u00e8l la.<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p>Mo gr\u00e8k ki s\u00e8vi pou lanmou fr\u00e8 ak s\u00e8 a se \u00ab\u00a0Philia\u00a0\u00bb, li s\u00e8vi pou amitye, yon lanmou ki montre atansyon ou genyen pou fr\u00e8 w ak s\u00e8 w ki pouse w kontribye nan bon\u00e8 yo. Li jwe yon w\u00f2l tranzisyon avan w tonbe nan d\u00e8nye mach la ki gen plis egzijans. Se menm jan an, yon jw\u00e8 foutb\u00f2l pa ka kouri monte yon teren pou l jwe si l te sou ban, san l pa k\u00f2manse chofe, se yon fason pou l diminye risk pou l ta blese, nou pral konprann pi byen l\u00e8 n rive nan d\u00e8nye mach la. Lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 a gen yon bon d\u00f2z tolerans ladan tou paske li f\u00e8 nou akstepte yo pou moun yo ye a, nou pr\u00e8 pou n koute yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Ebre 13\u00a0: 1 pase nou l\u00f2d pou n p\u00e8severe nan lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo. Rezon p\u00e8severans la se paske se pa yon bagay depi w genyen l yon fwa ou tou genyen l n\u00e8t, ou dwe toujou travay li anpil anpil jiskaske ou rive nan d\u00e8nye mach la, li mande anpil egz\u00e8sis.<\/p>\n\n\n\n<p>P\u00f2l te montre kalite lanmou sa a pou Onezim pandan l t ap sipliye Filemon pou l resevwa onezim ki te f\u00e8 l t\u00f2 tankou yon fr\u00e8 nan Kris la. P\u00f2l te menm di si l te pran k\u00e8k bagay pou ou, l\u00e8 m vini m ap peye pou li.<\/p>\n\n\n\n<p>Lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou ap pouse nou pataje manje noua k yo, vizite yo lopital, pote yo sekou l\u00e8 yo nan sitiyasyon difisil.<\/p>\n\n\n\n<p>Mete sou lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo lacharite, paske charite a ale pi lwen, li kouvri tout bagay n\u00e8t.<\/p>\n\n\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li>Lacharite<\/li>\n<\/ul>\n\n\n\n<p>Mo gr\u00e8k pou lachirite a se \u00ab\u00a0Agap\u00ea\u00a0\u00bb. Se yon lanmou san enter\u00e8, yon lanmou ki soti nan Bondye, li san kondisyon. Se menm lanmou sa a Bondye gen pou limanite ki f\u00e8 li bay grenn Pitit li a Jezi yon fason pou nenp\u00f2t moun ki mete konfyans nan li va gen lavi ki p ap janm fini an (Jan 3\u00a0:16). Nan 1 Korentyen 13, P\u00f2l f\u00e8 yon deskripsyon sou lanmou san par\u00e8y sa a. Nou pral li yon pati nan t\u00e8ks sa a pandan n ap souliye lacharite a se d\u00e8nye mach pou n rive nan matirite spirity\u00e8l la: \u00ab\u00a0Menm si mwen ta pale anpil lang moun pale sou lat\u00e8, menm si mwen ta rive pale lang zanj yo, si m pa gen lacharite, sa vle di si m pa rive nan d\u00e8nye mach matirite spirity\u00e8l la, mwen tankou yon gwo kl\u00f2ch k ap sonnen, tankou yon senbal k ap f\u00e8 bri. Menm si m ta gen don pwofesi, menm si m ta rive konprann tout ti sekr\u00e8 nan plan Bondye, menm si m ta gen yon konesans ki pa gen limit, epi m ta gen yon lafwa ki ka deplase montay yo, si mwen pa gen lacharite, sa vle di si m pa rive nan d\u00e8nye mach matirite spirity\u00e8l la, mwen pa anyen. Menm si m ta bay p\u00f2v tout sa m posede, menm si m ta ofri k\u00f2 m pou yo boule, si m pa gen lacharite, sa vle di si m pa rive nan d\u00e8nye mach matirite spirity\u00e8l la, sa p ap s\u00e8vi m anyen. Pou ki sa\u00a0? Ebyen se paske charite a, sa vle di d\u00e8nye mach matirite spirity\u00e8l la, li gen pasyans ak miz\u00e8rik\u00f2d, li pa jalou, li pa vante t\u00e8t li, li pa gonfle ak \u00f2g\u00e8y. Li pa brital ni li pa egoyis. Lacharite paf ache fasil, li pa kenbe yon lis bagay mal moun f\u00e8 l. Lacharite pa janm kontan l\u00e8 gen lenjistis, men li toujou kontan l\u00e8 verite a par\u00e8t kl\u00e8. Lacharite aksepte tout bagay ak pasyans, li pa janm p\u00e8di espwa, li pa janm abandone. Ebyen se la Bondye ap tann nou, pou n gen tout deskripsyon sa yo nan nous an manke moso.<\/p>\n\n\n\n<p>Apot Py\u00e8 te pase anpil wout avan l te rive nan d\u00e8nye mach la. Menm apr\u00e8 rezireksyon Jezi, Py\u00e8 potko rive. Paske nan Jan 21 v\u00e8s\u00e8 15-17 nan t\u00e8ks gr\u00e8k la, nou pi byen konprann sa k ap pase a. Paske premye fwa Jezi di Py\u00e8 \u00e8ske w renmen m, li s\u00e8vi ak v\u00e8b <strong>ag\u00e2pe<\/strong>, li di\u00a0: Py\u00e8, <strong>Agapas me<\/strong>\u00a0? Sa vle di \u00e8ske w renmen m san kondisyon nan pwen pou w mouri pou mwen, paske se sa Agap\u00ea a vle di, men Py\u00e8 reponn\u00a0: Seny\u00e8, <strong>fileyo se<\/strong>, sa vle di, m renmen w vre, men se nan lanmou fr\u00e8 ak s\u00e8 a m ye toujou, se nan 7\u00e8m mach la m ye, m poko rive nan d\u00e8nye a. Yon dezy\u00e8m fwa, Jezi di\u00a0: Py\u00e8, <strong>agapas me<\/strong>\u00a0? Sa vle di \u00e8ske w renmen m san kondisyon nan pwen pou w mouri pou mwen, men Py\u00e8 reponn\u00a0: Seny\u00e8, <strong>fileyo se<\/strong>, sa vle di, m renmen w vre, men se nan lanmou fr\u00e8 ak s\u00e8 a m ye toujou. L\u00e8 Jezi poze Py\u00e8 kesyon an pou twazy\u00e8m fwa, li pa poze l ak Agap\u00ea a, men pito li s\u00e8vi ak menm v\u00e8b Py\u00e8 s\u00e8vi a, sa vle di li desann vin jwenn Py\u00e8 nan 7\u00e8m mach la, li di\u00a0: Py\u00e8\u00a0: <strong>fileyis me<\/strong>\u00a0? sa vle di \u00e8ske ou gen lanmou fr\u00e8 ak s\u00e8 a pou mwen jan w di a\u00a0? Py\u00e8 di\u00a0: Seny\u00e8 ou konn tout bagay, <strong>fileyo se, <\/strong>sa vle di wi, se lanmou sa a m gen pou ou, m pa ka ba w manti. Men \u00e8ske Py\u00e8 te rete la\u00a0? Non, paske yo arete l nan Travay 4, yo di pou l pa pale sou Jezi, Py\u00e8 di li pa ka pa pale sa l w\u00e8 ak sa l tande, paske se Bondye l ap obeyi. Py\u00e8 vin pr\u00e8 kounye a pou l mouri pou Seny\u00e8 a, day\u00e8 yo te krisifye Py\u00e8 sou yon kwa t\u00e8t anba li te di m pa diy pou m mouri menm jan ak m\u00e8t mwen, mete m t\u00e8t anba. Wi, Py\u00e8 te rive nan d\u00e8nye mach matirite spirity\u00e8l la, paske li pa t ap viv pou li ank\u00f2, li te pr\u00e8 pou l mouri pou M\u00e8t la.<\/p>\n\n\n\n<p>McCully te papa Ed McCully, youn nan misyon\u00e8 Aucas yo te touye nan peyi ekwat\u00e8. Yon jou swa pandan yon ekip moun t ap priye, yo te tande l ap priye kon sa\u00a0: \u00ab\u00a0Seny\u00e8, kite m viv ase lontan pou m Endyen sa yo sove, yo menm ki te touye pitit mwen an, pou m ka pase men nan kou yo pou m di yo mwen renmen yo paske yo renmen Sov\u00e8 m nan Jezi Kris\u2026\u00a0\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>D\u00c8NYE KOZE<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Mete sou lafwa nou bon konduit la se sa ki montre tout bon nou gen lafwa nan Kris la\u00a0; Pandan nou gen bon konduit la, se pou nou gen bon jan konesans sou Paw\u00f2l Bondye a pou n pa tounen ni agoch ni adwat\u00a0; L\u00e8 w fin gen konesans la, se pou w aprann kontwole t\u00e8t ou pou w pa panse se kich\u00f2y ou ye\u00a0; L\u00e8 w fin gen kontw\u00f2l t\u00e8t ou, ou pa nan t\u00e8t cho ank\u00f2, ou ka gen pasyans, senky\u00e8m mach la\u00a0; Devosyon se atachman ou genyen nan mach ou ak Seny\u00e8 a pandan w ap s\u00e8vi l. Se sa ki f\u00e8 li mache pye pou pye ak pasyans la ki se p\u00e8severans\u00a0; Menm devosyon sa a dwe mennen nou nan lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou, avan d\u00e8nye mach matirite spirity\u00e8l la\u00a0; Mete sou lanmou pou fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo lacharite paske charite a ale pi lwen, li kouvri tout bagay n\u00e8t.<\/p>\n\n\n\n<p>Men ki jan Papa Tom Olson te konn abitye li pasaj jodi a pou pitit li\u00a0: \u00ab\u00a0Mete sou lafwa w bon konduit oubyen kouraj David la\u00a0; sou kouraj David la, mete konesans Salomon\u00a0an; sou konesans Salomon an, mete pasyans J\u00f2b la\u00a0; sou pasyans J\u00f2b la mete devosyon Dany\u00e8l la, sou devosyon Dany\u00e8l la, mete amitye frat\u00e8n\u00e8l Jonatan an; sou amitye frat\u00e8n\u00e8l Jonathan an, mete lanmou Jan an.\u00a0\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>N ap fini pou n di lanmou se rezilta yon vi kwasans, se ak lafwa li k\u00f2manse.<\/p>\n\n\n\n<p>Py\u00e8 di nou nan v\u00e8s\u00e8 8 t\u00e8ks jodi a egz\u00e8sis sa a p ap kite nou rete 2 bra kwaze pou n pa ta grandi nan konesans nou nan Kris la. Li di si se sa, konnen n ap av\u00e8g spirity\u00e8lman, paske pou w monte mach yo f\u00f2k zye w louvri epi pou limy\u00e8 Paw\u00f2l Bondye a ap klere chak mach pou ou.<\/p>\n\n\n\n<p>Efezyen 4&nbsp;: 13 konfime yon l\u00f2t fwa objektif li gen pou nou pa mwayen apot P\u00f2l, koute sa li di&nbsp;: \u00ab&nbsp;Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kw\u00e8 ak nan konesans nou kons\u00e8nan Pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou k\u00f2 yon moun ki byen grandi, byen devlope, nou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p>Se pou Bondye f\u00e8 nou gras pou n konprann epi pratike paw\u00f2l li, am\u00e8n&nbsp;!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Bib la ban nou yon pwosesis pou n suiv yon fason pou n kapab byen grandi pou n rive nan matirite kote Bondye ap tann nou an. Nou kontan paske pwosesis pou matirite spirity\u00e8l nou pral pale a, li soti nan yon apot ki te f\u00e8 anpil er\u00e8 pandan l t ap mache ak Seny\u00e8 a avan l te rive nan d\u00e8nye mach la, se apot Py\u00e8.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":1316,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"video","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[62,50],"tags":[58],"slider-tags":[76],"class_list":["post-675","post","type-post","status-publish","format-video","has-post-thumbnail","hentry","category-predikasyon","category-tewoloji","tag-predication","post_format-post-format-video","slider-tags-slider"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/675","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=675"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/675\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":1317,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/675\/revisions\/1317"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/1316"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=675"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=675"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=675"},{"taxonomy":"slider-tags","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/slider-tags?post=675"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}