{"id":667,"date":"2024-01-09T00:46:09","date_gmt":"2024-01-09T00:46:09","guid":{"rendered":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/?p=667"},"modified":"2024-06-03T14:21:57","modified_gmt":"2024-06-03T14:21:57","slug":"lanmo-kris-la-ban-nou-yon-delivrans-total-capital","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/lanmo-kris-la-ban-nou-yon-delivrans-total-capital\/","title":{"rendered":"Lanm\u00f2 Kris la ban nou yon delivrans total Kapital"},"content":{"rendered":"\n<p><strong>Ezayi 53&nbsp;: 5, 12b<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>\u00ab&nbsp;Men, se pou peche nou ki f\u00e8 yo te mete san l dey\u00f2 kon sa. Se ak\u00f2z mechanste nou ki f\u00e8 yo te kraze l anba kou kon sa. Chatiman ki ban nou lap\u00e8 a se sou li li tonbe. Av\u00e8k tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Paske se li menm menm ki te bay t\u00e8t li pou l mouri kon sa. Li te kite yo mete l ansanm ak krimin\u00e8l yo. Li pran plas anpil moun ki t ap f\u00e8 sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te f\u00e8 mal yo.&nbsp;\u00bb.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Tit&nbsp;: \u00ab&nbsp;Yon delivrans total kapital&nbsp;\u00bb.<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Si do lakay ou gen yon twou, epi li lakoz yon dlo sal ap plede tonbe nan kay la tout jounen, ki sa w ap f\u00e8&nbsp;? W ap pran yon twal oubyen yon m\u00f2p pou w pase tout tan w ap seche dlo a, pandan w konnen chak fwa ou fin siye l, dlo sal la ap tonbe ank\u00f2, oubyen w ap pran desizyon pou w bouche twou a yon fwa pou tout pou dlo sal la sispann tonbe nan kay la&nbsp;? Li kl\u00e8, se dezy\u00e8m opsyon an w ap pran pou w pa lave men siye at\u00e8. Imaj sa a montre nou, nou gen yon refl\u00e8ks gras ak ent\u00e8lijans nou, l\u00e8 nou devan yon pwobl\u00e8m, pou n f\u00e8 s\u00e8ten nou p ap jwenn li ank\u00f2, nou prefere ale nan rasin pwobl\u00e8m nan pou n rezoud li. Nan sa ki gen pou w\u00e8 ak kondanasyon l\u00f2m l\u00e8 yo te fin dezobeyi Bondye, yo te bezwen pwobl\u00e8m sa a rezoud nan sous li tou. Sakrifis moun te konn f\u00e8 nan Ansyen Testaman an te tankou moun k ap siye dlo sal ak m\u00f2p nan kay la, men yo pa t ka monte sou do kay la pou bouche twou a yon fwa pou tout. Se pa t volonte yo te manke, men yo te s\u00e8lman pa t kapab. S\u00e8l moun ki te ranpli kondisyon pou bouche twou peche a li rele Jezi. L\u00e8 Satan te tante \u00c8v nan jaden an, tantasyon an te gen pou w\u00e8 ak twa dimansyon ki gen nan l\u00f2m, sa vle di k\u00f2, nanm ak lespri, chak pati sa yo te kondane, al\u00f2s l\u00e8 Kris vini, premye t\u00e8s li a se te pou l te reyisi nan twa dimansyon tantasyon kote \u00c8v ak Adan te echwe a, sa vle di nan k\u00f2, nanm ak lespri tou, sa Satan te f\u00e8 ak \u00c8v nan jaden an nan liv Jen\u00e8z 3, li t al eseye f\u00e8 l ak Kris nan dez\u00e8 a nan Matye 4. Nan t\u00e8ks nou li jodi a, nou jwenn ki jan lanm\u00f2 ak soufrans Kris la delivre chak dimansyon nan nou ki te kondane, sa vle di k\u00f2 nou, nanm nou ak lespri nou, pou l te ka rezoud pwobl\u00e8m peche a yon fwa pou tout. Wi, <strong>s\u00e8l lanm\u00f2 Kris la delivre k\u00f2 nou, nanm nou ak lespri nou<\/strong>. Jezi te mouri pou chak dimansyon nan l\u00e8z\u00f2m pou l te ka ban nou yon delivrans total kapital. Nou pral gade enplikasyon ak rezilta delivrans pou chak pati nan nou Jezi te delivre l\u00e8 l te mouri pou nou sou kwa a.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Lanm\u00f2 Kris la delivre k\u00f2 nou (Ezayi 53\u00a0: 5,12)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>\u00ab\u00a0Men, se pou peche nou ki f\u00e8 yo te mete san l dey\u00f2 kon sa. Se ak\u00f2z mechanste nou ki f\u00e8 yo te kraze l anba kou kon sa.\u00a0\u00bb Moso t\u00e8ks sa a pale sou soufrans fizik Kris la te pran pou mwen ak ou, pou ki sa li te dwe soufri nan k\u00f2 l\u00a0? Ebyen, se paske k\u00f2 nou te kondane l\u00e8 l te tonbe anba tantasyon Satan nan jaden Ed\u00e8n nan. Jen\u00e8z 3\u00a0: 6 di\u00a0nou kon sa: \u00ab\u00a0Fanm nan gade, li w\u00e8 jan fui yo sanble yo a bon nan bouch\u00a0\u00bb, se sa apot Jan rele konvwatiz lach\u00e8 a nan 1 Jan 2\u00a0: 16,17, dimansyon tantasyon sa a se k\u00f2 a li touche, li te mache ak yon kondanasyon paske Bondye te di Adan\u00a0: \u00ab\u00a0Depi w manje fui nan pyebwa konesans byen ak mal la, w ap mouri w\u00e8paw\u00e8\u00a0\u00bb. Se sa ki f\u00e8, premye batay Jezi te f\u00e8 avan menm li k\u00f2manse minist\u00e8 l, se pou l reyisi tantasyon k\u00f2 a kote Adan ak \u00c8v te echwe, paske l\u00e8 Satan te vin tante Jezi nan dez\u00e8 a, li te s\u00e8vi ak menm strateji a nan Matye 4\u00a0: \u00ab\u00a0Apre sa, Jezi vin grangou.L\u00e8 sa a, Satan pwoche b\u00f2 kote l pou sonde l. Li di l kon sa: Si ou se Pitit Bondye, bay w\u00f2ch sa yo l\u00f2d pou yo tounen pen\u00a0\u00bb, sa ki se yon asp\u00e8 nan tantasyon an ki touche dimansyon k\u00f2 a, li te f\u00e8 l pou \u00c8v, li te vle f\u00e8 l pou Jezi tou. Men, si premye Adan an te echwe sa ki te lak\u00f2z k\u00f2 a te dwe peye konsekans soufrans ak lanm\u00f2, dezy\u00e8m e d\u00e8nye Adan an te dwe reyisi, e li te reyisi, men konsekans reyisit la se te pou l te pran soufrans k\u00f2 a ak chatiman lanm\u00f2 nan plas mwen ak ou. Men tou, li enp\u00f2tan pou n gade ki jan k\u00f2 a te ye avan peche, ki jan l vin ye apr\u00e8 peche, e ki travay lanm\u00f2 Kris la f\u00e8 pou l korije sa, pou l f\u00e8 l tounen jan l te ye a.<\/p>\n\n\n\n<p>Avan Adan te peche, li te gen yon k\u00f2 espesyal, yon k\u00f2 Bondye te f\u00e8 ak men pa l dapr\u00e8 sa Jen\u00e8z chapit 1 f\u00e8 nou konnen. Nou kapab di k\u00f2 sa a te san defo paske apr\u00e8 chak bagay Bondye te fin f\u00e8, t\u00e8ks la di\u00a0\u00ab\u00a0Bondye w\u00e8 sa l te f\u00e8 a te bon\u00a0\u00bb. Mo ebre ki s\u00e8vi pou bon an vle di plizy\u00e8 bagay, li vle di\u00a0: yon bagay ki san defo, ki rich, ki gen anpil val\u00e8, ki agreyab epi ki b\u00e8l tou. Se lojik pou k\u00f2 a te gen tout kalite sa yo paske moun ki te f\u00e8 l la pa gen defo nan li menm, epi k\u00f2 sa a li te kreye a pa t ka mouri tou paske lanm\u00f2 pral vini k\u00f2m konsekans dezobeyisans yo pa rap\u00f2 ak pinga Bondye te ba yo. Apr\u00e8 peche, k\u00f2 a vin p\u00e8di kalite li te genyen yo\u00a0: Maladi vin rann li f\u00e8b, frajil, tan an f\u00e8 l p\u00e8di b\u00e8lte l, epi peche vin lakoz li ka mouri. Apot P\u00f2l s\u00e8vi ak mo \u00ab\u00a0Corruptible\u00a0\u00bb pou l pale sou k\u00f2 a pou di li ka k\u00f2wonp, li ka pouri. L\u00e8 Kris te vin sou lat\u00e8, doul\u00e8 ak soufrans li te pran nan k\u00f2 l yo, se pou l te ka f\u00e8 k\u00f2 a tounen jan l te ye a ank\u00f2 l\u00e8 nou va resisite. Li ban nou egzanp la paske li menm li te leve soti vivan nan lanm\u00f2 ak yon k\u00f2 glorifye. K\u00f2 glorifye sa a pa ka pouri, P\u00f2l di l ap \u00ab\u00a0Incorruptible\u00a0\u00bb. Al\u00f2s, Kris te mouri pou l te ka elimine kondanayon k\u00f2 nou te genyen an ki se lanm\u00f2. Epi li te resisite pou l ban nou garanti l ap resisite nou dapr\u00e8 sa l te di nan Jan 6\u00a0: 40 \u00ab Volonte papa m, se pou nenp\u00f2t moun ki w\u00e8 Pitit la epi ki kw\u00e8 nan li gen lavi ki p ap janm fini an\u00a0; epi m ap resisite l nan d\u00e8nye jou a\u00a0\u00bb. Epi pou l ban nou yon l\u00f2t garanti ki montre k\u00f2 nou pa kondane ank\u00f2, li ban nou Sentespri a ki vin abite nan k\u00f2 nou k\u00f2m yon gaj eritaj k ap tann nou an, nou jwenn sa nan Efezen 1\u00a0: 13,24. Mo gaj la vle di yon bagay ki gen val\u00e8 yo bay k\u00f2m garanti yon d\u00e8t peye. Sonje k\u00f2 nou te esklav peche paske se vye dezi ki t ap menmen l, Kris vini li libere k\u00f2 nou anba pouvwa peche sa a, nou pa esklav ank\u00f2, se pou sa li deklare nan Jan 8\u00a0: 36\u00a0: \u00ab\u00a0Si se Pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre\u00a0\u00bb. L\u00e8 K\u00f2 Kris te sou kwa a, se k\u00f2 mwen menm ak ou ki te krisifye tou, se pou sa P\u00f2l di nan Galat 2\u00a0:20 \u00ab Yo te krisifye m ansanm ak Kris la sou kwa a, si jodi a m ap viv se pa mwen k ap viv, men se Kris la k ap viv nan mwen\u00a0\u00bb, e sa se paw\u00f2l pou mwen ak ou ap repete chak jou.\u00a0 \u00a0<\/p>\n\n\n\n<p>Yo t ap kouri d\u00e8y\u00e8 yon j\u00e8n gason ki te touye yon moun ak yon kout f\u00e8 li te ba li nan t\u00e8t. L\u00e8 l rantre lakay li, li mande pou gran fr\u00e8 l la pa di si l la, l\u00e8 gran fr\u00e8 a mande l sa k pase li eksplike l. K\u00f2m moun yo te rive jwenn kay la, yo t ap frape nan p\u00f2t la pou yo rantre pran l epi touye l, gran fr\u00e8 a di l sonje m te toujou ap pale w de Jezi, m panse jodi a ou gen chans pou w f\u00e8 sa. Li f\u00e8 ti fr\u00e8 a ba l rad plen san ki te sou li a, li soti al jwenn moun yo dey\u00f2 a, l\u00e8 moun yo w\u00e8 rad san an yo di: Se li menm, epi yo touye l ak kout manch\u00e8t, ak baton, ak w\u00f2ch. Se sa Kris la te f\u00e8 l\u00e8 l te mouri sou kwa a, li te pran kou, pou mwen ak ou pa t pran kou, yo te p\u00e8se k\u00f2t li pou k\u00f2t mwen ak ou pa t p\u00e8se.<\/p>\n\n\n\n<p>Piske lanm\u00f2 Kris la sove k\u00f2 nou, nou dwe kenbe k\u00f2 nou pw\u00f2p, evite tout sa ki ka trennen nou nan peche fizik, paske k\u00f2 nou se Tanp Sentespri ki abite nan nou dapr\u00e8 1 Kor. 6\u00a0:19. Si yon aktivite k\u00e8lkonk soti pou l antrave k\u00f2 nou, sonje yo te klouwe k\u00f2 nou ak Kris sou kwa a. E moun ki poko asepte Kris, se pou w konnen gen yon moun ki te mouri pou k\u00f2 peche ou genyen an, li f\u00e8 pwovizyon pou l restore l, vini jwenn li jodi a menm.<\/p>\n\n\n\n<p>Lanm\u00f2 Kris la pa t delivre k\u00f2 nou s\u00e8lman, li te delivre nanm nou tou.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Lanm\u00f2 Kris la delivre nanm nou (Ezayi 53\u00a0:5,12)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>\u00ab\u00a0Chatiman ki ban nou lap\u00e8 a se sou li li tonbe\u00a0\u00bb. Lap\u00e8 sa a f\u00e8 referans ak pati imatery\u00e8l l\u00f2m, nanm ak espri, paske pou w santi w byen nan k\u00f2 w, nanm ou ak lespri w dwe trankil. Men pet\u00e8t w ap di ki sa ki te deranje nou nan pwen pou nanm nou te twouble\u00a0? Ebyen, se paske nanm nou ak lespri nou te sibi konsekans peche a tou l\u00e8 l te tonbe anba tantasyon Satan nan jaden Ed\u00e8n nan tou. Ann gade nanm nan avan. Nanm nou se katye jeneral emosyon, se li ki p\u00e8m\u00e8t nou ri, kriye, fache, elatriye. Jezi te pale sou nanm li ki tris nan Matye 26\u00a0:38, li te di\u00a0: \u00ab\u00a0M santi nanm mwen tris pou m mouri\u00a0\u00bb. Jen\u00e8z 3\u00a0: 6 di nou: \u00ab\u00a0Fanm nan gade, li w\u00e8 jan pyebwa a te b\u00e8l\u00a0\u00bb dimansyon tantasyon sa a se nanm nan li touche. Se sa ki f\u00e8, l\u00e8 nanm Adan ak \u00c8v te peche, nanm yo te kondane pou yo konnen sa yo rele lanm\u00f2 et\u00e8n\u00e8l, pou rezon sa a, Jezi te dwe reyisi tantasyon ki tou touche dimansyon nanm li l\u00e8 Satan te vin tante l nan dez\u00e8 a ak menm strateji a nan Matye 4\u00a0: 8\u00a0: \u00ab\u00a0Satan mennen Jezi ank\u00f2 sou yon m\u00f2n ki byen wo. Li montre l tout way\u00f2m ki sou lat\u00e8 ansanm ak tout rich\u00e8s yo\u00a0\u00bb. Se sa Jan rele nan 1 Jan 2:16 \u201c\u00d2g\u00e8y lavi a\u201d, nou gen lanvi gen b\u00e8l bagay. \u00a0\u00a0<\/p>\n\n\n\n<p>Dapr\u00e8 sa Bib la anseye, vr\u00e8 nou menm nan se nanm nou li ye, paske se li ki gen pou ale rejui ak Seny\u00e8 a l\u00e8 l tounen, se li menm tou ki gen pou ale boule nan letan dife ak souf la si nou pa asepte Jezi k\u00f2m sov\u00e8 p\u00e8son\u00e8l nou. Jezi pale sou nanm nan ki pral boule nan jey\u00e8n nan Matye 10&nbsp;:28. Se sa ki f\u00e8 li te di nan Matye 16&nbsp;:28, \u00ab&nbsp;ki sa sa ap s\u00e8vi yon nonm si l ta posede tout mond la epi pou l ta p\u00e8di nanm li&nbsp;\u00bb. Al\u00f2s, l\u00e8 l\u00f2m te peche nan jaden an, menm kote a nanm nan te kondane pou l ale boule nan letan dife souf la, s\u00e8l yon sov\u00e8 te ka retire l anba chatiman sa a. L\u00e8 Jezi te sou kwa a, nanm li te pran soufrans tout limanite, imajine ki jan l te soufri. Day\u00e8, se sa ki te pouse l di Bondye pou ki sa ou abandone m, paske se nanm nan ki ka konnen solitid, solitid nanm nou ta pral pase nan lanf\u00e8 a, Jezi pran l sou kwa a pou nou yon fason pou nanm nou ka viv pou toutan ak Bondye. Chatiman ki ban nou lap\u00e8 a, se sou Jezi li tonbe.<\/p>\n\n\n\n<p>Menm jan Jezi te bay k\u00f2 l pou sove k\u00f2 nou, li te bay nam li tou nan plas nanm pa nou. Ann gade sa yon tikras pi fon. Mo biblik ki tradui \u201cnanm\u201d nan pasaj sa a se mo Ebre <em>nef\u00e8ch<\/em>.\u00a0 Nanm nan toujou mache ak lavi. Literalman <em>nephesh<\/em> vle di \u201ckreyati k ap respire\u201d. Tout tan w ap respire, nanm ou toujou nan k\u00f2 w, kidonk ou vivan. Nou w\u00e8 sa tou nan Jen\u00e8z chapit 1, kote nou jwenn mo ebre <em>nef\u00e8ch<\/em> la nan V\u00e8s\u00e8 20 an pou \u201ckreyati vivan\u201d. Nan v\u00e8s\u00e8 21 an pou \u201ctout bagay ki vivan ki kapab deplase\u201d nan v\u00e8s\u00e8 24 la pou \u201ckreyati ki vivan yo,\u201d Epi nan v\u00e8s\u00e8 30 lan pou \u201ctout sa k ap ranpe sou la t\u00e8, ki gen lavi ladan l\u201d. Chak fwa mo nef\u00e8ch la par\u00e8t nou w\u00e8 li mache oubyen li f\u00e8 referans ak lavi.\u00a0 Genyen yon koneksyon kl\u00e8 ant nanm ak lavi.\u00a0 Nan lang Gr\u00e8k la, mo yo itilize pou \u201cnanm nan\u201d se <em>psuk\u00e8<\/em>. Antanke Pitit l\u00f2m nan, men ki sa Jezi di nan Matye 20:28 \u201c Se kon sa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lach\u00e8 a, mwen pa vini pou moun rann mwen s\u00e8vis, men mwen vini pou m rann moun s\u00e8vis. Wi, mwen vin bay lavi m pou peye delivrans anpil moun.\u201d Mo \u201clavi\u201d Jezi s\u00e8vi ak li a se li ki vle di nanm, sa vle di Jezi di mwen vin bay nanm mwen pou nou. K\u00f2m bon B\u00e8je, Jezi te bay lavi li pou brebi a (Jan 10:14-18).\u00a0 La ank\u00f2, mo yo itilize pou lavi a se <em>psuk\u00e8,<\/em> ki vle di nanm.\u00a0 Jezi te bay nanm Li, sa ki te p\u00e8m\u00e8t Li viv la, k\u00f2m yon pri pou peye peche nou yo.<\/p>\n\n\n\n<p>Nan\u00a01 Wa chapit 17, l\u00e8 fanm nan te ale kote pwof\u00e8t Eli pou l di l pitit gason l la mouri, t\u00e8ks la di Eli priye Bondye kon sa nan v\u00e8s\u00e8 21 an\u00a0: Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriy\u00e8. Li di: -Sey\u00e8, Bondye mwen, tanpri, f\u00e8 nanm pitit la tounen sou li ank\u00f2\u00bb. Tande ki sa v\u00e8s\u00e8 22 a di\u00a0: Sey\u00e8 a koute lapriy\u00e8 Eli a, li f\u00e8 nanm timoun nan tounen sou li, epi ti gason an tounen vivan ank\u00f2.<\/p>\n\n\n\n<p>Nou menm ki sove deja, se pou nou viv nan yon lespri rekonesans paske nanm nou p ap janm konnen sa ki rele soufrans et\u00e8n\u00e8l ank\u00f2. Nou menm k ap koute m ki poko f\u00e8 lap\u00e8 ak Jezi, konnen nanm nou kondane, se s\u00e8l Jezi ki ka sove l paske li te bay nanm li nan plas ou. Li te pran soufrans letan dife ak souf la pou ou, tout sa w gen pou w f\u00e8 se viv jwenn li, aksepte sakrifis la pou nanm ou ka jwenn padon pou tout peche ou yo, pou nanm ou ka jwenn lap\u00e8 l ap chache depi lontan an, yon lap\u00e8 li p ap ka jwenn l\u00f2t kote, sinon nan Jezi s\u00e8l.<\/p>\n\n\n\n<p>Lanm\u00f2 Kris la pa t delivre k\u00f2 ak nanm nou s\u00e8lman, li te delivre lespri nou tou.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Lanm\u00f2 Kris la sove lespri nou (Ezayi 53\u00a0: 5,12)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>\u00ab\u00a0Chatiman ki ban nou lap\u00e8 a se sou li li tonbe\u00a0\u00bb Jan nou te di l tal\u00e8 a, lap\u00e8 sa a pale sou nanm nou ak lespri nou. Kounye a n ap konsidere lespri a. K\u00f2man nou esplike lanm\u00f2 Kris la sove lespri nou tou\u00a0? Ebyen, menm jan k\u00f2 a ak nanm nan te tonbe anba tantasyon nan jaden ed\u00e8n nan, lespri a te tonbe tou. Jen\u00e8z 3\u00a0: 6 di nou kon sa\u00a0: \u00ab\u00a0Fanm nan gade, li santi l ta manje nan fui a pou je l ka louvri\u00a0\u00bb, men nou abitye ak v\u00e8syon ki di \u00ab\u00a0pou louvri ent\u00e8lijans li\u00a0\u00bb. Dimansyon tantasyon sa a se lespri a li touche. Se sa ki f\u00e8, kote Adan ak \u00c8v te echwe nan tantasyon ki te touche dimansyon lespri a, Jezi te dwe reyisi l\u00e8 Satan te vin tante Jezi nan dez\u00e8 a, li te s\u00e8vi ak menm strateji a nan Matye 4\u00a0: 8,9\u00a0: \u00ab\u00a0Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizal\u00e8m, lavil Sent la, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan t\u00e8t tanp la. Li di Jezi\u00a0:\u00a0Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage k\u00f2 w anba, paske Bib la di\u00a0: L ap bay zanj li yo l\u00f2d pou yo veye sou ou. Epi y ap pote w nan men yo, pou pye w pa frape nan w\u00f2ch\u00bb. Epi l\u00e8 Satan te fin montre l way\u00f2m lat\u00e8 ak tout b\u00e8l rich\u00e8s li yo, li di Jezi m ap ba w tout bagay sa yo si w mete ajenou nan pye m epi ou adore m. L\u00e8 l di Jezi lage k\u00f2 l anba si l se Pitit Bondye, se pou l te ka touche \u00f2g\u00e8y Jezi sou moun li ye a.<\/p>\n\n\n\n<p>Jezi te reyisi dimansyon tantasyon sa a se pou l te kapab retabli koneksyon spirity\u00e8l nou te p\u00e8di nan Adan nan jaden Ed\u00e8n nan, paske Bondye se lespri, se an espri ak nan verite pou nou adore l dapr\u00e8 sa Jezi f\u00e8 nou konnen nan Jan chapit 4. Kontak sa a se t\u00e8lman koupe, Bondye te oblije mete yon sist\u00e8m sakrifisy\u00e8l sou pye, kote chak moun te gen ofrann pou w pote nan tanp la pou sakrifis peche, epi se s\u00e8l sakrifikat\u00e8 prensipal la ki te gen dwa rantre kote ki sen anpil la. Men l\u00e8 vwal tanp la te chire, li ban nou aks\u00e8 ank\u00f2, sa vin f\u00e8 k\u00e8lkeswa kote nou ye kounye a, k\u00e8lkeswa sa n ap f\u00e8, nou ka rantre an kontak ak papa nou ki nan sy\u00e8l la nan non Jezi sov\u00e8 nou an. Lespri nou ki te dekonekte ak li a tounen jwenn koneksyon an ank\u00f2<\/p>\n\n\n\n<p>Nou konn ap gade yon fim fiksyon kote yo retire lespri akt\u00e8 a sou li, sa vin f\u00e8 li pa rekon\u00e8t ni madanm ak pitit li jiskaske yon kote nan fim nan li vin jwenn lespri l ank\u00f2. Ebyen l\u00e8 nou separe ak Bondye, lespri ki pou ta f\u00e8 nou rekon\u00e8t Bondye k\u00f2m papa nou an pa nan nou. Nou vin ap fonksyone tankou yon egare, Bondye devan nou, men nou pa ka rekon\u00e8t si se li menm ki papa nou. Men jou nou asepte Kris, li f\u00e8 nou kado Lespri Bondye ki rann temwayaj nan lespri nou nou se pitit Bondye, epi kon sa nou ka rele Bondye \u00ab\u00a0Papi\u00a0\u00bb. (Women 8\u00a0:15,16)<\/p>\n\n\n\n<p>Si jounen jodi a nou ka reyini nan yon espas pou n adore Bondye se paske Jezi te te p\u00e8m\u00e8t lespri nou rekonekte ak Bondye ank\u00f2. S\u00e8l fason pou kominyon w retabli ak Bondye se asepte sakrifis Jezi te f\u00e8 sou kwa a pou ou a, se kon sa Lespri Bondye ap fin abite nan ou. B\u00f2n nouv\u00e8l la s\u00e8k\u00e8 ou ka f\u00e8 sa jodi a menm. E fason pou w pale ak Bondye ki nan sy\u00e8l la, se an espri paske Bondye li menm se Espri. \u00c8ske w kapab\u00a0? Wi, Jezi te mouri pou sa. \u00c8ske w gen dwa\u00a0? Wi, Jezi f\u00e8 pwovizyon pou sa.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>D\u00c8NYE KOZE<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Lanm\u00f2 Kris la delivre k\u00f2 nou, paske li reyisi tantasyon k\u00f2 a, li te soufri epi mouri nan plas nou, lanm\u00f2 Kris la delivre nanm nou paske depi nou asepte l k\u00f2m sov\u00e8 p\u00e8son\u00e8l nou, nou chape anba kondanasyon Bondye a pou n ta ale boule nan letan dife ak souf la pou toutan, lanm\u00f2 Kris la delivre lespri nou paske nou kapab rantre nan prezans Bondye an espri l\u00e8 nou vle, epi Sentespri li mete nan nou an ka f\u00e8 nou rekon\u00e8t li k\u00f2m papa nou. Lanm\u00f2 Kris la, ban nou yon delivrans total kapital.<\/p>\n\n\n\n<p>Men ki sa <strong>Wom. 5: 10\u00a0<\/strong>aprann nou<strong>: \u00ab\u00a0<\/strong>Pout\u00e8t l\u00e8 nou te l\u00e8nmi Bondye, li menm li te rekonsilye nou av\u00e8k li pa mwayen lanm\u00f2 Pitit li a, se yon rezon anplis pou nou gen garanti l ap sove nou pa mwaen lavi Pitit li a tou.<\/p>\n\n\n\n<p>Nou p ap janm jwenn yon moun ki renmen nou tankou Jezi ki pou mouri pou nou, menm l\u00e8 w ta jwenn youn, san l p ap janm gen menm val\u00e8 pou l ta sove w. Nou nan yon mond ki frajil, chak jou moun ap mouri, p\u00e8s\u00f2n pa konnen ki l\u00e8 jou pa yo a ap rive, pi bon chwa nou kapab f\u00e8, se asepte delivrans total kapital Jezi ban nou an gras ak sakrifis li sou kwa a. Sonje t\u00e8ks jodi a\u00a0: \u00ab\u00a0Men, se pou peche nou ki f\u00e8 yo te mete san l dey\u00f2 kon sa. Se ak\u00f2z mechanste nou ki f\u00e8 yo te kraze l anba kou kon sa. Chatiman ki ban nou lap\u00e8 a se sou li li tonbe\u00a0\u00bb. \u00a0Se pou Bondye f\u00e8 nou gras pou n konprann epi pratike paw\u00f2l li, am\u00e8n\u00a0!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>S\u00e8l lanm\u00f2 Kris la delivre k\u00f2 nou, nanm nou ak lespri nou. Jezi te mouri pou chak dimansyon nan l\u00e8z\u00f2m pou l te ka ban nou yon delivrans total kapital.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":1319,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"video","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[62,50],"tags":[58],"slider-tags":[],"class_list":["post-667","post","type-post","status-publish","format-video","has-post-thumbnail","hentry","category-predikasyon","category-tewoloji","tag-predication","post_format-post-format-video"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/667","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=667"}],"version-history":[{"count":2,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/667\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":1320,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/667\/revisions\/1320"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/1319"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=667"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=667"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=667"},{"taxonomy":"slider-tags","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/slider-tags?post=667"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}