{"id":655,"date":"2024-01-08T23:57:40","date_gmt":"2024-01-08T23:57:40","guid":{"rendered":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/?p=655"},"modified":"2024-05-28T15:42:08","modified_gmt":"2024-05-28T15:42:08","slug":"amos-cesar-revient-de-sa-tour-divoire-pour-le-meilleur-et-pour-le-rire","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/amos-cesar-revient-de-sa-tour-divoire-pour-le-meilleur-et-pour-le-rire\/","title":{"rendered":"Amos C\u00e9sar soti nan silans li pou bon e pou f\u00e8 moun ri."},"content":{"rendered":"\n<p><em>Tankou yon kom\u00e8t, imoris Amos C\u00e9sar retounen sou s\u00e8n teyat la. Apr\u00e8 plis pase douzan absans, ansyen el\u00e8v \u00ab\u00a0Petit Conservatoire\u00a0\u00bb la tounen ak nouvo py\u00e8s komik li jwe poukont li a: \u00ab\u00a0ITIYA\u00a0\u00bb. Se Ga\u00eblle Bien-Aim\u00e9 ki f\u00e8 mizans\u00e8n nan epi Daniel Marcelin sip\u00e8vize travay la. Spektak sa chaje kout ri, souke t\u00e8t epi gwo bavo ki louvri sou yon l\u00f2t wout dimanch 11 out 2019  nan restoran Le Villate ki Petyonvil, apr\u00e8 anpil moun t ap tann.<\/em><\/p>\n\n\n\n<p>Av\u00e8k b\u00e8l kesyon fondamantal \u00ab\u00a0Depi ki l\u00e8 t\u00e8t nou pati? \u00ab\u00a0, Amos C\u00e9sar ki se senaris, komedyen epi animat\u00e8, pase nan betiz koze politik ak sosyal nan yon spektak san mezi jan li montre l nan echanj li ak piblik la. Fanatik ki ta p tann li ak anpil enppasyans te montre jan yo te kontan anpil nan fason yo t ap ri epi bat bravo. Itiya, ki se \u00ab\u00a0Ayiti\u00a0\u00bb alanv\u00e8, se yon seri kesyon sou peyi tout moun ap pase nan betiz la. Pandan tout monol\u00f2g la, maji orat\u00e8 a p\u00e8m\u00e8t li ekl\u00e8si mist\u00e8 l ap montre a. Li f\u00e8 reyalite politik, soyal ak ekonomik peyi d Ayiti par\u00e8t akl\u00e8 nan yon langaj senp, san wout kwochi, pandan l ap poze kesyon sou enstitisyon leta peyi a nan yon fason pou f\u00e8 moun yo kontan.  Youn apr\u00e8 l\u00f2t, imoris la poze pwoblematik gouv\u00e8nman, legliz, lek\u00f2l nou yo, rezo sosyal ak edikasyon seksy\u00e8l j\u00e8n yo. Pami fraz griyen dan ki pi cho yo, n ap sonje ki jan atis la te al\u00e8z pou l f\u00e8 yon piblik j\u00e8n ki melanje bouyi sitou ak fraz sa nou p ap janm bliye a: \u00ab\u00a0M ap pran sol\u00e8y la, dlo a, t\u00e8 a pou mwen mete nan asy\u00e8t moun yo.\u00a0\u00bb<\/p>\n\n\n\n<p>Amos C\u00e9sar enspire l sou seri televize \u00ab\u00a0Smallville\u00a0\u00bb Alfred Gough ak Milles Millar te kreye nan lave 2001, epi plonje nan istwa p\u00e8sonaj prensipal la \u00ab\u00a0Clark Kent\u00a0\u00bb, \u00a0pou kole ak imaj Sip\u00e8mann epi meteyorit yo ki tonbe sou lat\u00e8. Imoris la s\u00e8vi ak syans fiksyon amerik\u00e8n sa pou f\u00e8 par\u00e8t pouvwa sinatir\u00e8l meteyorit sa yo bay nenp\u00f2t moun ki touche yo. Kidonk, spektak sa se yon fason pou n pase sitiyasyon peyi a nan betiz nan yon d\u00e8nye nivo. Kote orijinal ak b\u00e8lte \u00ab\u00a0Stand-up\u00a0\u00bb sa chita sou reyalite anpil dirijan peyi a par\u00e8t tankou moun ki touche meteyorit yo. Ch\u00f2k sa ba yo yon pouvwa sinatir\u00e8l pou yo dirije. Se sa ki eksplike ki jan moun sa yo f\u00e8 pa responsab, san koutha kote yo okipe plizy\u00e8 fonksyon direksyon nan t\u00e8t peyi d Ayiti.<\/p>\n\n\n\n<p>Av\u00e8k Itiya, Amos C\u00e9sar f\u00e8 pati komedyen ki kontinye aktive rap\u00f2 atizay genyen ak pouvwa. Li remete an kesyon sosyete \u00ab\u00a0toudenkou\u00a0\u00bb ak moun k ap pwofite s\u00e8vi ak politik pou yo kenbe p\u00f2vrete, inyorans ak vyolans sou tout f\u00f2m li. Kontr\u00e8man nan \u00ab\u00a0Smallville\u00a0\u00bb, dirijan yo pa vini ak okenn solisyon pou p\u00e8p la ni nan legliz, ni nan politik oubyen nan ekonomi, dapr\u00e8 m\u00e8t spektak la. Se vre, fonksyon\u00e8 yo f\u00e8 gwo ponpon nan tout ti aksyon yo f\u00e8. Pandan l ap chare diskou k\u00e8k dirijan legliz ak palmant\u00e8 ki te yon bann \u00ab\u00a0pa itil\u00a0\u00bb epi ki vin tounen k\u00f2wonpi, ki vire do bay relijyon yo, Amos C\u00e9sar ofri yon parad komik koupe souf. Youn nan egzanp yo, li montre byen kl\u00e8 ki jan k\u00e8k politisyen pran plezi pou repete mo \u00ab\u00a0doub\u00a0\u00bb la \u00ab\u00a0:  li gen twa doub nasyonalite.\u00bb<\/p>\n\n\n\n<p>Si komedyen an tounen par\u00e8t vizib ank\u00f2, sa pa mete sou kote l\u00f2t animat\u00e8 emisyon Agore 7-10 li ye sou radyo All\u00e9luia FM nan. Finalman, Amos C\u00e9sar tounen pou toutbon ak Itiya, yon \u00ab\u00a0Stand-up\u00a0\u00bb li ofri pou fete 2 lane magazin matinal li a. Fwa sa, spektak sa reprezante yon val\u00e8 an plis nan palmar\u00e8s atis la ki deja chaje.<\/p>\n\n\n\n<p>Cr\u00e9dit: <a href=\"https:\/\/www.lenouvelliste.com\/article\/205663\/amos-cesar-revient-de-sa-tour-divoire-pour-le-meilleur-et-pour-le-rire\" target=\"_blank\" rel=\"noreferrer noopener\">LENOUVELLISTE<\/a><\/p>\n\n\n\n<p><strong><em>Tradiksyon an krey\u00f2l: Amos C\u00e9sar<\/em><\/strong><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>\u00c0 l\u2019instar d\u2019une com\u00e8te, l\u2019humoriste Amos C\u00e9sar fait son r\u00e9apparition sur la sc\u00e8ne th\u00e9\u00e2trale. Apr\u00e8s plus de douze ans d\u2019absence, l\u2019ancien \u00e9l\u00e8ve du Petit Conservatoire est de retour avec son nouveau monologue comique: Itiya. Mis en sc\u00e8ne par &#8230;<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":657,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[57,20],"tags":[],"slider-tags":[76],"class_list":["post-655","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-atik","category-nouvel","slider-tags-slider"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/655","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=655"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/655\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":1298,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/655\/revisions\/1298"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/657"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=655"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=655"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=655"},{"taxonomy":"slider-tags","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/slider-tags?post=655"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}