{"id":61,"date":"2024-01-08T23:06:08","date_gmt":"2024-01-08T23:06:08","guid":{"rendered":"https:\/\/viseo.progressionstudios.com\/?p=61"},"modified":"2024-05-29T14:33:11","modified_gmt":"2024-05-29T14:33:11","slug":"frontlines","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/frontlines\/","title":{"rendered":"E si Neyemi te yon Ayisyen"},"content":{"rendered":"\n<p><strong>Lekti<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p><strong>Neyemi 1&nbsp;: 1-4&nbsp;; 2&nbsp;: 1-9, 11-15&nbsp;; 4&nbsp;: 9,14<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Se te nan mwa Kisl\u00e8v. L\u00e8 sa a, wa Ataks\u00e8z\u00e8s te gen ventan depi li t ap gouv\u00e8ne. Mwen menm, Neyemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a. Max Ferlor Jean, youn nan fr\u00e8 m yo, rive soti nan peyi d Ayiti ansanm ak k\u00e8k l\u00f2t moun. Mwen mande yo nouv\u00e8l Ayisyen yo, ti ponyen moun p\u00e8p Ayisyen ki te soti nan peyi kote yo te dep\u00f2te yo (brezil, chili, Sendomeng, Etazini) epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouv\u00e8l lavil P\u00f2toprens.<\/p>\n\n\n\n<p>Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te dep\u00f2te yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwobl\u00e8m. Yo pa konn sa pou yo f\u00e8 t\u00e8lman yo wont. Kanta D\u00e8lma 2, d\u00e8lma 4, d\u00e8lma 6, d\u00e8lma 18, Vilaj de Dye, b\u00e8l\u00e8, matisan, lapl\u00e8n, yo fin kraze, se bandi k ap f\u00e8 lalwa. Pal\u00e8 nasyonal rete tou kraze depi l\u00e8 tranblemannt\u00e8 a, anpil l\u00f2t kay rete menm jan depi l\u00e8 bandi te fin boule yo a.<\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 m tande sa, mwen chita at\u00e8, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou kon sa nan gwo lap\u00e8n. Mwen pa manje, mwen t ap lapriy\u00e8 Bondye ki nan sy\u00e8l la.<\/p>\n\n\n\n<p>Jou ki te tou pa m pou m te pote diven bay wa a. Mwen pran diven an, mwen pote l ba li. Li pa t janm konn w\u00e8 m par\u00e8t devan l kagou. Epi li di m kon sa: Ki jan figi ou f\u00e8 rale kon sa? Se pa malad ou malad? Ou gen kowona\u00a0oubyen kolera? Ki sa k ap f\u00e8 ou lap\u00e8n kon sa? Mwen reponn li: Mwen swete pou wa a viv lontan! Men, ki jan pou m f\u00e8 pa kagou l\u00e8 peyi kote zans\u00e8t mwen yo te batay pou li a ap fin kraze, l\u00e8 pi gwo kom\u00e8s ki nan peyi a se kidnaping\u00a0? Wa a di m kon sa: Ki sa ou ta renmen m f\u00e8 pou ou? Mwen lapriy\u00e8 Bondye ki nan sy\u00e8l la nan k\u00e8 m. Epi mwen reponn li: Si sa f\u00e8 Wa a plezi, si ou kontan jan m ap s\u00e8vi ou la, tanpri, kite m ale nan peyi d Ayiti, peyi kote zans\u00e8t mwen yo antere a, pou m ka rebati l.<\/p>\n\n\n\n<p>Wa a te chita av\u00e8k lar\u00e8n li b\u00f2 kote l, li mande m: Konbyen tan sa ap pran ou? Ki l\u00e8 w ap tounen? Mwen di l konbyen tan sa ka pran m. Epi li dak\u00f2 pou l kite m ale. L\u00e8 sa a, mwen di Wa a: Si sa f\u00e8 Wa a plezi, li ta f\u00e8 ekri k\u00e8k l\u00e8t pou mwen pou anbasad\u00e8 pa w ak l\u00f2t anbasad\u00e8 nan peyi a kite m egzekite plan m genyen an. Pou boujwa, Nasyonzini, Kanada ak l\u00f2t ank\u00f2 konnen m gen manda pou sa m ap f\u00e8 a.<\/p>\n\n\n\n<p>L\u00e8 m rive P\u00f2toprens, mwen f\u00e8 twa jou san m pa f\u00e8 anyen. Yon lannuit, Li te f\u00e8 nwa, mwen pran k\u00e8k moun pa m ak mwen. Nou soti Petyonvil, nou desann sou d\u00e8lma dwat, l\u00e8 n rive kafou ayop\u00f2 nou monte nazon paske anba d\u00e8lma pa bon, nou desann lali pou n pase channmas, nou pase b\u00f2 fakilte dwa, nou vire desann b\u00f2 stad men nou pa t ka ale bisantn\u00e8 alew\u00e8 Vilaj de Dye. Sou tout wout la, malgre f\u00e8 nwa, mwen t ap egzamine eta P\u00f2toprens&nbsp;: fatra, kote ki te gen twou ak kawotchou dife te boule yo, san konte barikad ki f\u00e8 machin nan pa ka pase nan plizy\u00e8 z\u00f2n akoz peyi l\u00f2k. Apre sa, mwen kase t\u00e8t tounen sou menm chemen m te pase a.<\/p>\n\n\n\n<p>Apr\u00e8 k\u00e8k jou, nou lapriy\u00e8 Bondye nou an, epi nou mete moun ap veye lajounen kou lannwit, pou pwoteje nou. L\u00e8 m w\u00e8 p\u00e8p la te gen k\u00e8 sote, mwen leve, mwen pale ak ch\u00e8f yo, senat\u00e8, depite, minis ak majistra yo ak tout r\u00e8s p\u00e8p la, mwen pase nan radyo, televizyon, mwen di yo: \u00ab&nbsp;Nou pa bezwen p\u00e8 moun sa yo! Sonje jan Sey\u00e8 a gen pouvwa, jan li f\u00e8 moun p\u00e8 l. Sonje jan l te bay peyi nou an endepandans. Ann goumen pou ayisyen menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo.&nbsp;\u00bb Moun ki t ap travay pou remete Peyi a sou pye t ap travay ak yon men epi zam yo kenbe nan l\u00f2t men an. Mwatye nan s\u00e8vit\u00e8 m yo ap travay, l\u00f2t mwatye a ak zam yo nan men yo.<\/p>\n\n\n\n<hr class=\"wp-block-separator has-alpha-channel-opacity\"\/>\n\n\n\n<p>T\u00e8ks sa se yon adaptasyon istwa Neyemi nou jwenn nan Bib la, nan liv ki pote non l la. Li reprann plizy\u00e8 v\u00e8s\u00e8 nan liv la ki rap\u00f2te egzakteman lide prensipal atitid ak aksyon Neyemi te poze l\u00e8 l te pran nouv\u00e8l lavil Jerizal\u00e8m pandan l te an egzil. N ap antann nou sou prensip li pa yon reprezantasyon egzat sou tan ak reyalite yo paske kont\u00e8ks istorik, sosyal, jewografik ak politik yo pa menm, nou ta ka di nou f\u00e8 yon anakwonis, sa vle di nou pran yon tan nou deplase l pou n mete l nan yon l\u00f2t tan, men nou chita sou prensip ki te motive Neyemi an pou m rive di t\u00e8t mwen \u00ab&nbsp;E si Neyemi te yon Ayisyen!&nbsp;\u00bb, Si Neyemi te yon Ayisyen, \u00e8ske yon senaryo kon sa pa t ka posib&nbsp;? L\u00e8 n konsidere gen plizy\u00e8 Ayisyen ki nan gouv\u00e8nman peyi Etazini, Kanada eksetera ki konnen jan peyi d Ayiti ye. Bib la di nou gen yon seri ev\u00e8nman ki pase nan tan lontan yo se pou yo ka s\u00e8vi nou egzanp, yo te ekri yo pou enstriksyon nou. Men ki sa nou f\u00e8 ak yo&nbsp;? Anpil fwa, atitid nou montre nou pa menm kw\u00e8 nan yo, poutan n ap di nou kw\u00e8 nan Bondye. Si nou te kw\u00e8 nan li tout bon, nou t ap kw\u00e8 nan Paw\u00f2l li, kw\u00e8 nan Paw\u00f2l li vle di pran sa ki di yo pou n aplike yo, nou t ap kopye sou lid\u00e8chip Neyemi an pou nou kontribye nan rekonstriksyon peyi d Ayiti.<\/p>\n\n\n\n<p>\u00c8ske nou byen gade reyaksyon Neyemi l\u00e8 l pran nouv\u00e8l lavil la? \u00c8ske nou obs\u00e8ve demach li antreprann pou l tounen Jerizal\u00e8m&nbsp;? Epi \u00e8ske nou etidye strateji ak dispozitif sekirite Neyemi pran pou l bati miray la\u2026.&nbsp;: <strong>\u00ab&nbsp;E si Neyemi te yon Ayisyen&nbsp;!&nbsp;\u00bb.<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p><\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Reyaksyon Neyemi l\u00e8 l pran nouv\u00e8l peyi l (Neyemi 1\u00a0: 4)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Men Avan n ale pi lwen, kite m di nou Neyemi te okipe yon gwo pozisyon nan lakou wa Ataks\u00e8z\u00e8s, li t ap s\u00e8vi l. Avan wa a manje, Neyemi te youn nan moun ki pou goute ni manje, ni bwason, se te yon pozisyon privilejye paske moun kon sa pa ka gen pwobl\u00e8m grangou, nou ka di Neyemi te nan yon bon pozisyon. E si n ap konpare kondisyon l yo ak piramid Maslo a, tout senk bezwen yo mache\u00a0: Bezwen Fizyolojik (Neyemi pa t gen pwobl\u00e8m manje, d\u00f2mi, abiye, eks\u2026 Bezwen sekirite (Neyemi te tou benefisye pwoteksyon gad rapwoche Wa a paske li te nan anviw\u00f2nman imedya l\u00a0; Bezwen apatenans (Stati sosyal Neyemi parap\u00f2 ak frekantasyon l se gwo koze)\u00a0; Bezwen estim (tout moun te rekon\u00e8t Neyemi, respekte l)\u00a0; Bezwen akonplisman (yon moun k ap manje nan manje yon wa ka di t\u00e8t li \u00e8ske gen pi wo nivo pase sa, paske toujou gen yon seri gwo privil\u00e8j ki mache ak fonksyon sa yo). An gwo, gen yon seri sousi Neyemi pa t genyen. Day\u00e8, ou te ka menm di pa t gen posiblite pou Neyemi te nostaljik paske se an kaptivite li te f\u00e8t, li potko janm pile Jerizal\u00e8m yon fwa nan vi l. Poutan, l\u00e8 Anani enf\u00f2me Neyemi ki jan peyi a ye, nouv\u00e8l la t\u00e8lman frape Neyemi, nou ta di manm li kase, li chita.<\/p>\n\n\n\n<p>Al\u00f2s, ki jan pou yon moun ki pa gen pwobl\u00e8m, ki pa nan peyi a annik pran yon nouv\u00e8l epi gade nan ki eta l tonbe, epi nou menm nou chaje pwobl\u00e8m, nou anndan peyi a, n ap viv sitiyasyon yo chak jou epi nou vag. Pa gen okenn dout nan sa, gen yon pwobl\u00e8m konsyans ki grav. Neyemi pran nouv\u00e8l la li chita (sa kase f\u00f2s li, sa vle di li afekte fizik li), li kriye, li pase plizy\u00e8 jou nan lap\u00e8n (sa se dimansyon emosyon\u00e8l, atachman patriyotik pou peyi l), li jene, li priye (dimansyon spirity\u00e8l, l ap ent\u00e8sede pou peyi l). Sa vle di tout sa Neyemi ye k\u00f2m moun te touche. Nou menm nou pran nouv\u00e8l peyi a pa bon, nou toujou rete kanpe, je nou s\u00e8ch, nou viv tankou moun ki pa nan lap\u00e8n (sa pa afekte etadam nou). Se av\u00e8k anpil trist\u00e8s pou m tande moun k ap pran pret\u00e8ks pou di\u00a0: Si kretyen pa t ap priye sa t ap pi\u00a0mal, nou serye\u00a0? Ki jan pou sa te pi mal l\u00e8 yo ka rantre lakay ou yo vyole pitit fi w, madanm ou devan w, touye yo epi mechan yo ale san k\u00e8 sote\u00a0? Ki jan pou sa te pi mal an 2019 w ap gade Ayisyen k ap manje moun boukannen sou rezo sosyal nan yon peyi\u00a0? Ki jan pou sa te pi mal pou 2 j\u00e8n soti epi yo al jwenn yo boukannen nan taba\u00a0? Ki jan pou sa te pi mal, kote gen timoun nan peyi a k ap mouri grangou (literalman) nan kwad\u00e8bouk\u00e8 paske paran yo pa ka ba yo manje\u00a0? Ki jan pou sa te pi mal kote yon gwoup moun ka deside rantre nan katye kote prezidan yon peyi rete, touye yon batonye, okenn moun pa janm arete? Ki jan pou sa te pi mal l\u00e8 yon fanm ansent ap mouri anndan lakay li paske peyi a l\u00f2k, pa gen ni wout ni machin pou l ale akouche? Nou s\u00e8vi ak fraz la k\u00f2m yon pret\u00e8ks pou soulaje konsyans lach nou an, yon pret\u00e8ks pou n pa f\u00e8 anyen, pou n deresponsablize t\u00e8t nou, yon pret\u00e8ks pou n di se Bondye ki gen d\u00e8nye mo a, li gen kontw\u00f2l tout bagay, epi nou kwaze bra nou. Non \u00a1 Si nou t ap priye vre, sa pa t ap kon sa, paske lapriy\u00e8 mache ak aksyon. Paske Nehemi pa s\u00e8lman reyaji kon sa epi se fini men li f\u00e8 demach pou l ale Jerizal\u00e8m.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Demach Neyemi antreprann pou l tounen Jerizal\u00e8m (Neyemi 2\u00a0: 1-9)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Nouv\u00e8l la t\u00e8lman afekte Neyemi, wa a w\u00e8 sa li di l: Sa w genyen?\u00a0 Ou malad? Pou ki sa figi w kagou kon sa? Nehemi di : Monwa, ki jan pou w vle pou m ta byen l\u00e8 m ap tande sa k ap pase lakay mwen? O\u00a0! M renmen repons sa anpil. Mwen rankontre ak yon zanmi ki mande m ki jan m ye, m di l mwen pa byen akoz jan peyi a ye a li di m non m pa dwe di sa, menm si bagay pa bon m dwe di\u00a0: Avec J\u00e9sus, tout va bien\u00a0\u00bb. Ebyen m regr\u00e8t sa, m pa ka nan ipokrizi sa. \u00c8ske m gen Jezi nan lavi m\u00a0? Wi\u00a0! \u00c8ske m gen lavi ki p ap janm fini an\u00a0? Wi ! \u00c8ske k\u00e8 m kontan pou jan peyi a ap mache a? Non ! M pa ka byen. Se pou mond la konnen nou pa byen, n ap vin ak yon str\u00e8s kidnaping, n ap mande ki l\u00e8 tou pa nou an ap rive, nou pa ka byen. Chak jou paran ap mande ki sa y ap bay pitit yo manje, nou pa ka byen. Ou malad, pa gen gaz pou w ale lopital, si w f\u00e8 ef\u00f2 ou rive lopital la kanm\u00e8m, pa gen gaz pou l fonksyone, si jam\u00e8 yo redi f\u00e8 l mache, dokt\u00e8 a pa ka vini paske machin li pa gen gaz, si jam\u00e8 li te peye 3500 goud pou yon gallon mete nan machin li, li riske pou yo kidnape l, NON NON NON ! Nou pa byen, f\u00f2k nou ka di sa. L\u00e8 Neyemi fin di li pa byen, Wa di ki sa w ap f\u00e8\u00a0? Koute\u00a0:<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\">\n<li>Neyemi mande l\u00e8t otorizasyon pou gouv\u00e8ne l\u00f2t peyi kite l pase.<\/li>\n\n\n\n<li>Li jwe sou relasyon ent\u00e8nasyonal \/ diplomatik wa a (7)<\/li>\n\n\n\n<li>Neyemi mande yon l\u00e8t pou Azaf, gad for\u00e8 wa a, pou ba l bwa pou p\u00f2t sitad\u00e8l la, pou miray vil la, pou kay kote l ap rete (8)<\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>E nou menm, ki sa nou f\u00e8 l\u00e8 nou fin priye&nbsp;? Nou menm ki nan dyaspora, ki otorite nou ekri&nbsp;? Ki petisyon nou siyen&nbsp;? Nou menm ki isi, ki mobilizasyon nou f\u00e8 nan katye popil\u00e8 yo&nbsp;? Ki brigad nou mete kanpe sou pye&nbsp;?<\/p>\n\n\n\n<p>Nan liv Est\u00e8, l\u00e8 Madoche aprann plan matchavelik Aman genyen pou p\u00e8p Juif la, li pran inisyativ pou l ale kote R\u00e8n nan pou di l\u00a0: Si w pa pale pou nou, menm ou menm ou ka peri tou. Nou konn panse piske nou nan gwo p\u00f2s, menas ensekirite a p ap rive sou nou. Pasivite konn f\u00e8 plis dega pase yon bonm atomik. E jan Bib la di l, se pa s\u00e8lman l\u00e8 yon moun f\u00e8 mal ou peche, men l\u00e8 w konnen yon byen pou w f\u00e8, ou gen kapasite pou w f\u00e8 epi ou pa f\u00e8 l, ou peche tou, Jak 4\u00a0: 17. Nou pasif. E mo \u00ab\u00a0pasivite\u00a0\u00bb pran f\u00f2m nan yon mo laten ki se \u201cpassivus\u201d ki soti nan \u201cpati\u201d ki vle di \u201csoufri, sibi\u201d, wi, nou dak\u00f2 sibi tout sa yo f\u00e8 nou san nou pa f\u00e8 okenn demach pou sa chanje epi apr\u00e8 n ap def\u00f2me verite biblik yo pou n di : \u201cToutes choses concourent au bien de ceux qui aiment Dieu\u201d Oubyen, depi yon bagay rive konnen li te nan plan Bondye\u201d, manti \u00a1 Li pa t janm nan plan Bondye pou ensekirite ap f\u00e8 lalwa nan yon peyi, se nou ki pou chanje sa. Bondye di mwen konn ki pwoj\u00e8 mwen f\u00e8 sou ou, se yon pwoj\u00e8 lap\u00e8, se pa yon pwoj\u00e8 mal\u00e8. Neyemi kriye, li priye, li f\u00e8 demach, e li pa kanpe la, li elabore yon strateji, li mete dispozitif sekirite sou pye pou l bati miray la.<\/p>\n\n\n\n<ol class=\"wp-block-list\" style=\"list-style-type:upper-roman\">\n<li><strong>Strateji ak dispozitif sekirite Neyemi pran pou l bati miray la (Ney\u00a02: 11-15\u00a0; 4\u00a0:9,14)<\/strong><\/li>\n<\/ol>\n\n\n\n<p>Ki sa Neyemi f\u00e8&nbsp;?<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Li enspekte miray la (11 \u2013 15)<\/strong>, sa vle di li f\u00e8 yon evalyasyon sou sa ki gen pou f\u00e8t. Si w rele yon enjeny\u00e8 nan telef\u00f2n, ou mande l vin repare kay ou ki andomaje apr\u00e8 yon tranblemannt\u00e8, epi san l poko w\u00e8 kay la, li di w sa ap koute l 500 mil goud, ou m\u00e8t rakwoche sou enjeny\u00e8 sa menm kote a, li pa konn metye a. Paske li enposib pou w f\u00e8 yon estimasyon san w pa vini sou teren an, pou w evalye dega yo, ki mi ki tonbe, ki kote ki bezwen ranf\u00f2se, \u00e8ske se kraze pou kay la kraze n\u00e8t pou rek\u00f2manse, f\u00f2k ou sou teren an. L\u00e8 Nehemi fin priye, l\u00e8 l fin f\u00e8 demach, li desann sou teren, li evalye miray la pou l konnen \u00e8ske matery\u00e8l li genyen yo ap sifi, ki l\u00f2t ekipman pou l achte, eks\u2026. Ou pa ka rete nan peyi l\u00f2tb\u00f2, ak yon seri teyorik politik oksidantal tou f\u00e8t, epi ou annik f\u00e8 yon plan ou bay pou aplike nan peyi d ayiti, NON&nbsp;! Sa p ap janm mache. Ou pa ka pran yon sist\u00e8m edikatif k ap mache nan peyi Lafrans, Kanada epi ou plake l nan figi ayisyen, pou w panse l ap mache, NON&nbsp;! Sa pa ka mache, se pa menm reyalite. Se pou w desann bisantn\u00e8, pase matisan, pale ak popilasyon an, koute pwobl\u00e8m yo, ale ladw\u00e0n, pou w konnen ki fuit la ye pou konnten\u00e8 zam ap rantre san lapolis pa okouran, pase konpayi telef\u00f2n yo nan paswa, vin evalye teren an&nbsp;! Neyemi pa s\u00e8lman f\u00e8 yon evalyasyon sou matery\u00e8l konstriksyon l ap bezwen, men tou, yon evalyasyon sou dispozitif sekirite pandan y ap kontui miray la, paske gen \u00e8nmi ki p ap vle konstriksyon an f\u00e8t. Nou genl\u00e8 panse gen nasyon k ap kontan si yo w\u00e8 Ayiti ap rebati&nbsp;? Day\u00e8 yo te di se yon enp\u00e8tinans pou yon p\u00e8p nwa pran endepandans nan figi yo, se pou yo f\u00e8 tout sa yo konnen pou yo redui nou nan pousy\u00e8 jouk yo elimine nou. Se pou n louvri zye nou, \u00e8nmi yo plis pase sa w panse a. Neyemi f\u00e8 yon evalyasyon global. E apr\u00e8 evalyasyon\u2026..<\/p>\n\n\n\n<p><strong>Li priye epi li mete yon ekip gad lannuit kou lajounen pou defann yo kont atak \u00e8nmi yo<\/strong> (v.9) (Sanballat, Tobija, les Arabes, les Ammonites et les Asdodiens). Li mete p\u00e8p la pa fanmi, av\u00e8k epe, lans ak fl\u00e8ch. Epi li ba yo yon mesaj pou ba yo f\u00f2s, li di yo&nbsp;: Pa p\u00e8 yo, sonje Seny\u00e8 nou an ki gran, epi batay pou fr\u00e8 nou yo, pou pitit ak pitit fi nou yo, pou madanm nou ak pou fanmi nou (v.14). Wi, se sa nou bezwen. M sonje an 2018, direkt\u00e8 PNH la t ap bay yon bilan pou l di pif\u00f2 `p\u00f2 ki nan peyi a pa gen prezans lapolis ladan, sa vle di gouv\u00e8nman peyi a pa gen kontw\u00f2l sa k ap rantre ak sa k ap soti. Kidonk, yo f\u00e8 yon evalyasyon epi okenn desizyon pa pran pou sa. Neyemi f\u00e8 evalyasyon, li priye epi li ranje p\u00e8p la pa fanmi av\u00e8k epe, lans, fl\u00e8ch, paske rezilta evalyasyon an mande yon desizyon sekirite prese prese. Chapit 4&nbsp;v\u00e8s\u00e8 17, 18 la di&nbsp;: moun ki t ap bati miray la te gen zouti nan yon men, epi zam pou defann yo nan yon l\u00f2t men, epi santin\u00e8l pou sonnen twonp\u00e8t la te kanpe kote Neyemi.<\/p>\n\n\n\n<p><strong>D\u00c8NYE KOZE<\/strong><\/p>\n\n\n\n<p>Neyemi kriye, chita, priye epi jene l\u00e8 l pran nouv\u00e8l lavil Jerizal\u00e8m, Neyemi f\u00e8 demach kote wa, li jwe sou relasyon ent\u00e8nasyonal ak diplomatik pou l jwenn matery\u00e8l pou l rantre Jerizal\u00e8m, Neyemi f\u00e8 evalyasyon teren an epi li mete fanmi yo kanpe ak zam nan men, ouvriye ap travay zouti nan yon men, zam nan yon l\u00f2t men, santin\u00e8l ap veye. Ki l\u00f2t mod\u00e8l rekonstriksyon nou bezwen pou peyi nou Ayiti. Si Neyemi te yon Ayisyen, \u00e8ske se pa sa l t ap f\u00e8&nbsp;? Neyemi se te yon ewo, yon vayan s\u00f2lda. Bondye pa janm s\u00e8vi ak lach pou l mennen batay. Li te di Jozye, mete gason sou ou, mennen p\u00e8p la kanaran, li te di Jedeyon, ale ak f\u00f2s ou genyen an, vayan ewo&nbsp;! &nbsp;li te di Moyiz al delivre p\u00e8p mwen an, mwen av\u00e8 w. Al\u00f2s \u00e8ske se kw\u00e8 nou pa kw\u00e8 Bondye av\u00e8k nou ki f\u00e8 nou pa pran inisyativ pou n delivre peyi a&nbsp;? Poutan n ap priye yon Jezi nou di ki toupisan, genl\u00e8 se pa vre&nbsp;? Genl\u00e8 nou pa konn Jezi sa&nbsp;? Si se vre Jezi te mouri tankou yon ti mouton, men li te resisite tankou yon lyon ki pa janm p\u00e8di batay. Si se vre tout kote nan Ansyen Testaman ki genyen l\u2019Ange de l\u2019Eternel&nbsp;\u00bb se yon Kristofani sa vle di se Kris ki t ap aji, ebyen se li menm ki ch\u00e8f lame Let\u00e8n\u00e8l la. Jozye voye je l sou montay la li w\u00e8 yon moun kanpe li di&nbsp;: Kil\u00e8s ou ye&nbsp;? \u00c8ske ou se yon zanmi oubyen yon l\u00e8nmi, Lanj Let\u00e8n\u00e8l la di&nbsp;: Mwen se ch\u00e8f lame Let\u00e8n\u00e8l la, mwen rive kounye, Se Jezi, ch\u00e8f lame a, li pa janm p\u00e8di batay&nbsp;! \u00c8ske chak Ayisyen ka yon Neyemi&nbsp;? Wi, nan nivo pa w. Nou ta dwe sezi, kriye, jene pou peyi nou, f\u00e8 demach mete strateji at\u00e8 pou n chanje sa. Neyemi te gen gwo enfliyans, li s\u00e8vi ak li, nou vle di pa gen kretyen ki gen gwo enfliyans nan peyi a ni l\u00f2tb\u00f2 dlo&nbsp;? Ki sa nou f\u00e8 ak li&nbsp;? E m p ap pale pou kretyen s\u00e8lman, men pou tout Ayisyen ki konsyan bagay la pa dwe rete kon sa. K\u00f2manse anndan lakay ou, pran katye w la, pran komin nan, pran depatman an, pran peyi a pou Jezi, pou zans\u00e8t nou yo, pou madanm nou yo, pou pitit nou yo, nou se Ayisyen, nou se Neyemi&nbsp;!<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Se av\u00e8k anpil trist\u00e8s pou m tande moun k ap pran pret\u00e8ks pou di\u00a0: Si kretyen pa t ap priye sa t ap pi\u00a0mal, nou serye\u00a0? Ki jan pou sa te pi mal l\u00e8 yo ka rantre lakay ou yo vyole pitit fi w, madanm ou devan w, touye yo epi mechan yo ale san k\u00e8 sote\u00a0? <\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":1300,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"video","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[62,50],"tags":[],"slider-tags":[],"class_list":["post-61","post","type-post","status-publish","format-video","has-post-thumbnail","hentry","category-predikasyon","category-tewoloji","post_format-post-format-video"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/61","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=61"}],"version-history":[{"count":6,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/61\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":1301,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/61\/revisions\/1301"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/1300"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=61"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=61"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=61"},{"taxonomy":"slider-tags","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/slider-tags?post=61"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}