{"id":209,"date":"2024-01-08T23:05:45","date_gmt":"2024-01-08T23:05:45","guid":{"rendered":"https:\/\/viseo.progressionstudios.com\/?p=209"},"modified":"2024-04-03T23:52:30","modified_gmt":"2024-04-03T23:52:30","slug":"itiya-nou-ri","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/itiya-nou-ri\/","title":{"rendered":"ITIYA, nou te ri tout bagay."},"content":{"rendered":"<p><em>Piblik la te anvi ri. Ri sou non prezidan peyi a ki sinomim manti. Ri sou past\u00e8 ki pran t\u00e8t yo pou Bondye, anyen pa ka f\u00e8t san yo nan legliz y ap dirije. Menm plezi l ap bay t\u00e8t li kote se s\u00e8l Bondye ki ka w\u00e8. Ri sou jan Mo\u00efse Jean-Charles pale\u2026..ri sou Ayiti kote tout bagay vire lanv\u00e8. Premye spektak Amos C\u00e9sar ki rele \u00ab\u00a0ITIYA\u00a0\u00bb ki sot f\u00e8 nan Le Villate, dimanch 11 out 2019 la te yon gwo reyisit. Se konfime\u00a0!<\/em><\/p>\n<p>Sal la plen. Piblik la reponn. Gwo kout ri chak 15, 20 segonn. Amos C\u00e9sar, tewolojyen-komedyen an genyen paryaj la. Se te yon gwo risk. Spektat\u00e8 yo te ka pa vini nan \u00ab\u00a0Stand up\u00a0\u00bb la pou yon moun \u00ab\u00a0yo pa fin konnen\u00a0\u00bb nan kalite pwogram kon sa. Men se pa t sa ditou. L\u00e8 spektak la fini, tout moun te kanpe pou bay imoris la sa yo rele yon \u201cStanding ovation\u201d. Se pa yon bagay ou jwenn fasil ann Ayiti. Amos C\u00e9sar f\u00e8 yo poze anpil kesyon sou li k\u00f2m kretyen pou \u201cOne man show\u201d sa li lanse. Li konfime li metrize metye a, epi 3 lane li te pase nan \u00ab\u00a0Petit Conservatoire\u00a0\u00bb ak Daniel Marcelin pote bon rezillta. Gwo rezilta\u00a0!<\/p>\n<p><strong>Premye \u00ab\u00a0stand-up\u00a0\u00bb, premye siks\u00e8<\/strong><\/p>\n<p>Amos C\u00e9sar reyisi objektif tout imoris bay t\u00e8t yo nan yon spektak\u00a0: F\u00e8 piblik la ri. Nan teyat, se pa reyaksyon piblik la ki vin avan pou akt\u00e8 yo. Sa ki enp\u00f2tan se f\u00e8 yon mesaj pase nan py\u00e8s k ap jwe a. Men, nan spektak imou, si piblik la pa ri epi li pa reyaji ak imoris la, \u00ab\u00a0Stand up\u00a0\u00bb la se yon gwo ech\u00e8k. Se premye eksperyans ansyen el\u00e8v Daniel Marcelin an, epi li f\u00e8 Ga\u00eblle Bien-Aim\u00e9 f\u00e8 mizans\u00e8n nan. Dimanche 11 out 2019, tout \u00ab\u00a0Le Villate\u00a0\u00bb ri vant deboutonnen sou v\u00e0n\/blag komedyen an nan ITIYA. Kon sa, yo tounen konplis nan b\u00e8l spektak tewolojyen an bay piblik la, paske pif\u00f2 nan yo se te kretyen. Ou pa t ap janm panse yon \u00ab\u00a0past\u00e8\u00a0\u00bb te ka ofri yon spektak kon sa.<\/p>\n<p><strong>Amos C\u00e9sar pa f\u00e8men bouch li nan Bib la<\/strong><\/p>\n<p>Yon tewolojyen anpil moun rele \u00ab\u00a0past\u00e8\u00a0\u00bb, \u00e8ske l te ka f\u00e8 moun ri\u00a0? Mete sou sa, li pa sanble moun ki konn f\u00e8 ri ditou ditou. \u00c8ske l te ka pran chans bay t\u00e8t li lib\u00e8te touche k\u00e8k sij\u00e8 ki ta ka choke moun yo\u00a0? \u00c8ske l te ka pran chans pase legliz li nan rizib\u00a0? Ebyen, li te f\u00e8 tout bagay sa yo. Nan plizy\u00e8 blag kote moun yo pa menm f\u00f2se ri, Amos C\u00e9sar f\u00e8 leta Ayisyen ki pa itil peyi a pase yon move moman. Li menm oze touche dez\u00f2d k ap plede f\u00e8t nan legliz pwotestan. Day\u00e8, pi b\u00e8l \u00ab\u00a0v\u00e0n\u00a0\/blag\u00bb spektak la te f\u00e8t sou sij\u00e8 ki gen pou w\u00e8 a legliz, dapr\u00e8 sa Michel Joseph ki se Jounalis pour \u00ab\u00a0Radio T\u00e9l\u00e9vision Cara\u00efbes\u00a0\u00bb te f\u00e8 konnen. Men, \u00f2ganizat\u00e8 yo te gen anpil lafwa pou yo te soti yon afich kon sa.<\/p>\n<p><strong>Yon risk byen kalkile<\/strong><\/p>\n<p>Pou f\u00e8 \u00ab\u00a0Stand up\u00a0\u00bb sa, emisyon krety\u00e8n chak maten \u00ab\u00a0Agora 7-10\u00a0\u00bb ki pase sou radyo \u00ab\u00a0All\u00e9luia FM\u00a0\u00bb te byen kalkile risk la pou 2 lane yo t ap fete a. Spektak la reyisi. Se yon \u00ab\u00a0M\u00e8t\u00a0\u00bb ki bay spektak sa. Tout bagay nan py\u00e8s la te komik. Av\u00e8k yon prezans sou s\u00e8n nan nivo nenp\u00f2t gwo non nan dom\u00e8n \u00ab\u00a0Stand Up\u00a0\u00bb, Amos C\u00e9sar f\u00e8 tout piblik la ri vant deboutonnen. Jeff Lef\u00e8vre, ki se kominikat\u00e8 epi yon responsab nan administrasyon piblik, f\u00e8 konnen \u00ab\u00a0Se yon risk \u00f2ganizat\u00e8 yo te pran pou mete sou s\u00e8n yon moun yo pa fin konnen nan dom\u00e8n nan, epi nan yon kalite spektak piblik kretyen an pa fin konnen, men Amos soti de men anl\u00e8\u00a0\u00bb.<\/p>\n<p>Se yon kretyen san tabou ki t ap reny\u00e8 k\u00f2m s\u00e8l k\u00f2k chante nan zaf\u00e8 griyen dan Le Villate. Politik, prezidans, palman, langaj mod\u00e8n brendjenn\u00a0; referans seksy\u00e8l gou piman, gwo pwom\u00e8s prezidan an ki jwenn akizasyon yon gwoup depite nan opozisyon, pou bay 27,750 kilom\u00e8t kare Ayiti kouran 24\/24 depi jiy\u00e8 2019; mannig\u00e8t past\u00e8 \u00ab\u00a0toutis\u00a0\u00bb nan legliz pwotestan\u2026\u2026tout pase anba woulo a nan reprezantayon komik ITIYA.<\/p>\n<p>Imoris la pati sou baz meteyorit ki te tonbe sou lat\u00e8 nan seri Sip\u00e8mann nan ki te bay moun pouvwa spesyal. Li pran plizy\u00e8 egzanp sou k\u00e8k Ayisyen ki swadizan gen pouvwa sa pou yo ka li nan panse moun, pou f\u00e8 moun bay verite oubyen moun ki panse yo ka eksplike tout bagay. Tout sa nan lojik pou poze kesyon ki te fini spektak la\u00a0: \u00ab\u00a0Depi ki l\u00e8 t\u00e8t nou pati\u00a0ann Ayiti?\u00a0\u00bb<\/p>\n<p><a href=\"https:\/\/www.youtube.com\/channel\/UCHe4atDTX66F-eQkTdRftwA\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">Gaspard Dor\u00e9lien<\/a>, Master of Arts<\/p>\n<p><a href=\"https:\/\/bribesdevieenhaiti.blogspot.com\/2019\/08\/itiya-on-ri-de-tout.html\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">Credit: BRIDESVIEENHAITI<\/a><\/p>\n<p>Tradiksyon an krey\u00f2l : Amos C\u00e9sar<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Le public avait envie de rire. De rire du nom du pr\u00e9sident de la R\u00e9publique, d\u00e9sormais, synonyme de mensonge. De rire du \u201cpasteur-Dieu\u201d de Delmas qui doit tout autoriser dans son \u00e9glise. M\u00eame les plaisirs &#8230;<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":650,"comment_status":"closed","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[57,52],"tags":[56],"slider-tags":[],"class_list":["post-209","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-atik","category-teyat","tag-article"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/209","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=209"}],"version-history":[{"count":8,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/209\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":1292,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/209\/revisions\/1292"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/650"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=209"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=209"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=209"},{"taxonomy":"slider-tags","embeddable":true,"href":"https:\/\/amoscesar.com\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/slider-tags?post=209"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}