I Kwonik 29 : 11-15
« Se pou ou Letènèl fòs ak pouvwa, ou gran anpil, letènite ak lagwa se pou ou, paske tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se pou ou ; Se pou ou, Letènèl wayòm nan, paske ou mete tèt ou pi wo pase tout bagay ! Se nan ou richès ak laglwa soti, se ou menm k ap domine sou tout bagay, se nan men w fòs ak pisans rete, se men w ki gen pouvwa pou fè tout bagay vin gran epi pou kenbe yo byen djanm. Kounye a Bondye, n ap di w mèsi epi n ap fè lwanj pou bèl non ou genyen an. Paske kilès mwen ye, kilès pèp mwen an ye ki fè nou kapab fè ofrann pou ou ak tout kè nou jan nou fè l la ? Tout bagay soti nan ou, epi sa n ap ba ou a se nan men w yo soti. Tankou zansèt nou yo, devan w nou se etranje k ap vin nan peyi a, lavi nou sou tè a tankou lonbraj, e pa gen espwa ».
« Tout pou li, anyen pou nou », se tit mesaj n ap pwopoze w jodi a, tèm nan di : Konviksyon kretyen dwe genyen devan richès.
Pyrrhus, ki te viv ant 319-272 av. J.K. te wa Épire, (yon pwovens nan Nò peyi Lagrès), te youn nan pi gran jeneral nan listwa. Misye te bay tèt li misyon pou l te vin mèt mond la. Aprè l te fin eseye agrandi wayòm li nan Masedwàn, li te ale nan zòn Sid peyi Itali, epi kòm li te gen yon pakèt elefan ki te debake sou Women yo sanzatann, li te pote viktwa nan Héraclée an 280 epi nan Asculum an 279.
Li te gen yon konseye diplomat ki te rele Cinéas, ki t ap eseye konvenk li pou l abandone vye anbisyon li te genyen yo. Konseye a mande l ki sa l ap tann nan tout batay sa yo kont Women yo. Jeneral la te reponn : « Lè nou fin pran Itale, Sisil, Kataj ak Afrik, kilès k ap ka kanpe devan nou? » Cinéas mande l : « Ki sa n ap fè aprè sa ? » Jeneral Pyrrhus reponn : « Monchè Cinéas, n ap repoze nou, n ap bwè chak jou epi n ap bay tèt nou plezi nan pale bèl pawòl. Cinéas di : « Men ki sa ki anpeche nou fè sa kounye a ? Nou dejas gen tout sa n bezwen, epi sa t ape vite nou al fè yon pakèt lòt efò, evite nou soufri, evite nou yon pakèt danje ». Agiman sa a te deranje Pyrrhus anpil, malgre sa li te kontinye ap fè lagè ak plizyè kalite viktwa li te genyen nan peyi Lagrès ak nan Masedwàn. Men li pa t rive atenn objektif li, paske sanzatann yo te touye l pandan yon operasyon kont lavil Spat, yon granmoun fi te voye yon tuil epi misye mouri.
Ilistrasyon sa a nou jwenn nan « Plaire au Seigneur, 365 commentaires pour 2014 », montre nou ki jan lèzòm pa janm satisfè malgre tout sa yo posede, yo toujou vle genyen lòt richès, lòt tè, lòt wayòm elatriye. Lè kon sa, yo pare pou yo fè nenpòt bagay.
Bib la bay tout moun ki gen move lanbisyon pou yo pran tout richès ki genyen sou tè a tankou se pou yo l te ye. Anpil, lèzòm bay plizyè eskiz pou jisfifye foli yo. Y ap plede di : « Paske m se yon kreyati Bondye, m ka fè sa m vle ak richès moun ki te kreye m nan, oubyen, piske Bondye se papa m epi papa m se wa, sa ban m dwa kòm prens oubyen prennsès pou m layite kò m jan m vle nan richès papa m ki se wa ».
Poutan, men sa Pawòl Bondye aprann nou daprè lekti nou fè jodi a: Devan tout richès, kretyen yo dwe gen yon konpòtman ki onore Bondye. Wi, Devan tout richès, kretyen yo dwe gen yon konpòtman ki onore Bondye.
Mond n ap viv la chaje vye lide ladan, genyen ki pi move pase lòt, kretyen an bezwen genyen kèk prensip ki chita sou konviksyon li genyen, se prensip sa yo ki pral di l ki jan pou l konpòte l. Petèt w ap di tèt ou : Ki konviksyon kretyen ki vle onore Bondye devan richès dwe genyen?
Daprè sa nou li, kretyen yo dwe gen konviksyon « Tout bagay se pou Bondye; Tout bagay soti nan Bondye ; Anyen pa pou lèzòm ».
- Tout bagay se pou Bondye (I Kwon. 29 : 11)
 
David te fè priyè sa a nan kad yon rekèt li te fè Bondye, li te mande otorizasyon pou l bati yon tanp pou li nan Jerizalèm. Men Bondye te fè David konnen se pitit li Salomon k ap bati tanp la pito paske David te yon nonm ki te konn fè lagè anpil, li te fè twòp san koule. Ou kapab gade nan 2 Samuèl 7 epi nan I Kwonik 28 pou plis detay. Men nan foug li, David te vle kòmanse rasanble materyèl pou konstriksyon tanp la epi bay pitit li Salomon kèk konsèy sou ki jan sa dwe fèt. Nan vèsè 11 liv I Kwonik 29 la, wa Izrayèl la mete an 2 kategori richès ki pou Bondye yo : Vizib epi envizib, sa vle di richès zye ka wè ak sa zye pa ka wè. «Se pou ou Letènèl fòs ak pouvwa, ou gran anpil, letènite ak lagwa se pou ou, paske tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se pou ou.… » Gade byen pou n wè : Dabò tout sa ki envizib yo : « fòs ak pouvwa, ou gran anpil, letènite ak lagwa se pou ou, tout sa ki nan syèl la », sa yo se bagay zye nou pa ka wè. Aprè sa, gen bagay ki vizib yo, paske tèks la pa di se sèlman sa ki nan syèl yo ki pou Bondye men tou tout sa ki sou tè a. Pandan n ap pale sou tè a, gen yon presizyon pou n fè. Si m pran yon boutèy dlo, n ap di boutèy la se veso a (sa nou te ka rele contenant), epi dlo ki anndan boutèy la nou ta ka rele l « contenu », sa vle di eleman ki anndan boutèy la, nou dakò ? Ok. Zanmi m Jonas Brutus ka di m : Amos, mwen ba ou dlo ki anndan boutèy la (sa nou rele contenu an), men lè w fini, remèt mwen boutèy la (sa nou rele contenant an). Kon sa, mwen ka gen dlo a (contenu an) men mwen pa gen boutèy la (contenant an), visevèsa, sa vle di m ka gen boutèy la men dlo a pa pou mwen. Men, bagay vizib tèks la ap pale a gen ladan l ni veso a ni eleman ki anndan veso a, sa vle di « contenant ak contenu an » Ki sa nou li nan Som 24 : 1 : « Se pou Letènèl tè a ak tout sa ki ladan l ye, mond la ak tout sa k ap viv ladan », konprann byen, « tè a » sa vle di « le contenant » ; ak tout sa ki ladan « le contenu ». Mond la « le contenant » ak tout sa k ap viv ladan « le contenu ». An n pa bay tèt nou manti zanmi, tout richès vizib ak envizib yo se pou Bondye. Si nou konprann se pou nou yo ye, si nou konprann nou ka fè sa n vle ak yo, nou nan erè.
Nan Kolosyen. 1 : 16, Bib la ap pale sou Jezi kòm kreyatè, koute ki sa li di : « Paske nan li (sa vle di nan Jezi Kris), li te kreye tout bagay ki nan syèl la ak sou tè a, sa nou ka wè ak sa nou pa ka wè, tout wayòm, diyite, dominsyon ak otorite, se ak li menm tout bagay te kreye epi se pou li tout bagay te kreye ». Mezanmi, tout bagay se pou Bondye tout bon yo ye.
Men lèzòm gen gwo tanta, yo pa janm satisfè ni yo pa vle rekonèt verite sa a. Avan l mouri, yo te mande John D. Rockefeller « konbyen lajan ou panse yon moun ta dwe genyen pou l satistè oubyen pou l pa bezwen ankò ?», repons li a te fè tout moun sezi, paske li te deklare : « Sèlman yon grenn dola an plis ». Deklarasyon ki montre ki jan li pa t satisfè sa tout sa li te gen deja « Sèlman yon grenn dola an plis », sa vle di pran tout sa moun nan genyen, mete yon dola sou li, lè w fini, mete yon lòt sou li, chak fwa ou fin mete, ajoute yon lòt dola sou li. Rockefeller pa t satistè, poutan yo te evalye fòtin li nan epòk sa a li te anviwon 340 milya dola ameriken, lè y ap pale sou sa li posede yo di misye te gen resous ilimite, sa vle di byen l genyen pa ka fin eksplwate, men li pa t satisfè, li t ap mande pou yo mete yon grenn dola sou li toujou.
Frè m ak sè m yo, moman an rive pou n vin ak konviksyon tout bagay se pou Bondye. Malerezman, m konn tande moun ap di, « Senyè m p ap pran sa nan men w », sitou lè yo pèdi yon pitit oubyen yon moun ki chè pou yo. Anplis jan yo pale a montre yo pa gen respè pou Bondye, men tou yo pa konsyan timoun sa a oubyen moun sa ki mouri a se pou Bondye lye, li ka pran l lè l vle. Se sa ki eksplike otorizasyon Bondye te bay Satan pou l pran richès Jòb yo, paske richès yo se te pou Bondye, li te ka pran yo lè l vle. Jòb te konprann sa, se pou sa l te di : Bondye bay, Bondye pran, se pou non l beni. An n viv ak konviksyon menm machin n ap woule ki gen non nou ekri sou papye a, se pou Bondye li ye.
Lè nou fin gen konviksyon tout bagay se pou Bondye, nou ka mande petèt pou ki sa tout bagay dwe pou Bondye ? Pa vre, ebyen repons la se paske tout bagay se nan Bondye yo soti.
- Tout bagay soti nan Bondye (I Kwon. 29 : 12, 14b)
 
Se nan ou richès ak laglwa soti, se ou k ap domine sou tout bagay…epi nou li nan vèsè 14b a : «Tout bagay soti nan ou, epi sa n ap ba ou a se nan men w yo soti ». Gen yon bagay pou ou pa vle di se ou menm ki fè l pou sa, mwen ka gen yon kay san se pa mwen ki ni enjenyè a oubyen achiktèk la. Bib la fè nou konnen anplis tout bagay se pou Bondye, men tou se nan li tout bagay soti. Diferans sa enpòtan sitou lè n ap gade jan Bondye te kreye mond la. Ekspresyon « Ex nihilo » a vle di « kreye san w pa gen anyen » oubyen « fè yon bagay parèt san w pa sèvi ak okenn lòt bagay pou w fè l », sa fè nou konprann Bondye se sous tout bagay, vizib epi envizib. Li vin natirèl pou richès la fè pati Bondye menm. Epi, sous richès sa a p ap janm seche. Pa panse gen yon jou k ap vini kote Bondye ap fin sèvi ak tout richès li genyen, paske menm jan Bondye etènèl, richès li yo pa ka fini tou. Tout bagay soti nan Bondye, menm egzistans nou soti nan sous sa a.
Doktè Lik di nan Travay 17 : 28 : nan li nou gen lavi, se nan li nou ka fè mouvman, epi se nan li nou gen egzistans nou. Nan Jeremi 2 :13, Bondye li menm di se li ki se sous dlo vivan an, men sa nou li : « Paske pèp mwen an fè 2 kalite peche : yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo vivan an. Yo ale fè rezèvwa pou dlo, rezèvwa yo tou fann, yo pa menm ka kenbe dlo».
Yon veso ka vante tèt li pou di li kenbe plis dlo pase yon lòt, kon sa, yon basen ka fè djòlè pou di li kenbe plis dlo pase yon kamyon, men ni youn ni lòt, ki kote yo jwenn dlo sa a ? Li klè, se nan yon sous, ou pa ka gen plis dlo pase sous la. Kèlkeswa kantite richès yon moun ka genyen, li dwe rekonèt li soti nan yon sous, sous sa a se Bondye. Verite sa a dwe fè nou rekonesan pito pase pou n ap frape lestomak nou, epi ou p ap janm ka gen plis richès pase sous la.
Menm si ou ta gen plizyè kawo tè, se pou w toujou sonje tè sa yo se nan Bondye yo soti. Dayè ou te vin jwenn yo la, w ap mouri kite yo la. Koute sa Jòb te di : Mwen te soti toutouni nan vant manman m, ebyen se toutouni m ap tounen anba tè (Jòb 1 :21).
Aprè nou fin reyalize tout bagay se pou Bondye, epi se nan li tout bagay soti, li vin natirèl pou n konstate anyen pa pou lèzòm.
- Anyen pa pou lèzòm (I Kwon. 29 : 15)
 
Tankou zansèt nou yo, devan w nou se etranje k ap vin nan peyi a; Men ki jan David te konsidere tèt li sou tè a, tankou yon etranje. Ki sa yon etranje ka posede sou yon tè ki pa pou li ? Ki sa li ka reklame kòm eritaj ? Yon etranje se yon moun ki pa gen nasyonalite peyi kote l ye a (parapò ak sitwayen peyi li ladan an). Pou l fini ak tout bagay nèt, David retire tout posiblite pou l ta genyen yon bagay nan fason li di se pase l ap pase sou tè a « Lavi nou yo sou tè sa a tankou yon lonbraj, e pa gen espwa ». Nan sans li sèvi ak lonbraj la, li vle di yon bagay ki p ap dire. Nou menm fè ekspresyon ak li, lè yo di : Se lonbraj entèl li rete », sa vle di moun nan diminye nan li menm, li fèb, nan kèk ka sa ka vle di moun nan pa anyen ditou. Kesyon n ap poze tèt nou se : Si se etranje nou ye, ki sa n ap fè sou tè a si anyen pa pou nou?
Bib la di nou se jeran byen Bondye yo nou ye sou tè a. Plizyè fwa, Jezi sèvi ak anpil parabòl pou montre nou verite sa a. Nan Matye 25 : 14-30, nou jwenn parabòl talan yo, kote yon mèt te tounen sot fè yon vwayaj byen long, vin mande sèvitè l yo kont. Nan Matye 24 : 45-51 nou jwenn parabòl 2 sèvitè yo tou. Nou pa posede anyen, men se jeran nou yo. Nou la pou n defann enterè mèt nou sou plan spirityèl ak materyèl. Spirityèl, paske pi gwo sousi Bondye genyen se nanm li bezwen sove. Nan II Kor. 5 : 20, apot Pòl di nou : « Se anbasadè Kris la nou ye, se tankou se Bondye li menm ki pran bouch nou pou egzòte nou ». Kòm anbasadè a se enterè peyi li reprezante a l ap defann, kon sa tou n ap defann enterè Bondye sou tè a, enterè Bondye se nanm li ban nou jere pou li yo. Epi sou plan materyèl, se bagay li ban nou kenbe, pa pou nou satisfè pwòp dezi egoyis nou, men pou n fè wayòm li avanse epi pou n sèvi lòt yo, sonje nou p ap vin pou tèt nou, men n ap viv pou Bondye, kon sa, nou se jeran richès Bondye. Wi, se yon gwo privilèj paske nou se jeran byen Bondye yo ! Wi, nou jwenn avantaj ladan, men sonje tout jeran gen pou l rann kont yon jou sou fason li t ap jere byen yo te ba li yo.
Depi kèk tan an Ayiti, dosye konsènan rapò Petwo Karibe ap fè aktyalite nan tout medya. Prèske tout ayisyen egzije tout dirijan ki te gen responsablite jere lajan sa a pou rann kont, epi yo nan dwa yo. Paske lè yo ba w jere, sa pa vle di ou gen dwa pou w fè sa w vle, paske byen yo pa pou ou. Lè yo ba w responsablite pou w jere yon bagay, ou dwe fè sa byen yon fason pou mèt afè a p gen anyen pou repwoche w. Pou nou menm kretyen, èske nou diferan de moun sa yo nan fason nou jere byen Bondye yo ? Èske nou pa sanble ak dirijan sa yo ki te mal sèvi ak lajan an ? Se byen pou n lonje dwèt sou yo, men avan n fè sa, èske n pa ta dwe reflechi sou pwòp sitiyasyon nou ? Nou pran legliz Jezi Kris la tankou se byen prive nou li te ye, nou jwe sou inyorans kretyen yo pou n achte gwo machin pou granmesi, achte gwo kay, fè vwayaj byen chè ak tout fanmi nou, poutan gen yon pakèt frè ak sè nou ki nan mizè, ki san espwa. Si « la Cour Supérieure des Comptes » syèl la ta drese yon rapò sou jan n sèvi ak byen Bondye ban nou nou pou n fè wayòm li avanse epi pou n sèvi lòt yo, èske n ap jwenn sa yo rele yon « arrêt de débet », sa vle di yon nòt ki di nou te byen jere, oubyen n ap jwenn yon « Quitus » sa ki vle di tout bagay kòrèk, nou te fè yon bon travay.
Kite m ban nou yon egzanp pou m pi byen montre nou wòl jeran an. Nan yon jounen, yon « voiturier » ka fè djòlè li kondui dènye gwo mak machin ki fenk soti yo, men konbyen ki pou li nan yo ? Zewo. Li gen responsablite pou ale pake machin kliyan an epi pote l tounen lè kliyan fin konsome san l pa grafonyen, si se pa sa l ap peye konsekans neglijans li. Se menm jan an tou, lèzòm gen pou responsablité byen jere byen Bondye yo paske yon jou li gen kont pou l rann.
Menm si ou se pastè yon legliz, asanble w ap dirije a pa pou ou, ou se yon jeran, epi ou gen kont pou w rann Bondye. Ou se prezidan yon peyi, ebyen Bondye gen pou l mande w kont sou fason w te jere chak grenn abitan peyi sa a, paske tè a ak tout sa ki ladan se pou li.
DÈNYE KOZE
Menm si kretyen yo ka pwofite avantaj richès ki nan men yo a, men pou yo ka onore Bondye, yo dwe viv ak konviksyon tout bagay se pou Bondye, tout bagay soti nan Bondy, anyen pa pou lèzòm. Bib la deklare nou pa menm mèt pwòp souf nou pou n ta kenbe l (Ekl.8 :8). Alòs, ki sa nou ka posede ?
Ki sa tout bagay sa yo vle ? Èske se preche n ap preche kont richès ? Èske sa vle di kretyen yo pa ka rich ? Se pa sa ditou ! Nou bezwen lajan ak tout lòt kalite richès pou n fè wayòm Bondye sou tè a avanse epi pou n sèvi lòt moun. Nou bezwen yo tou pou n amelyore fason n ap viv sou tè a. Men sa pou nou konnen, se konpòtman nou devan richès la ki pou kòrèk. Rich ensanse a te di nan kè l : « Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou plizyè lane ; repoze w, manje, bwè, epi pran plezi w. Men Bondye te di l : « Egare oubyen ensanse ! Aswè a menm yo pral mande w nanm ou. Tout sa w te sere yo, pou ki moun yo pral ye ? » Bondye pa t repwoche l paske l te rich, men pito konpòtman li te genyen pou l gonfle pwovizyon l yo san l pa bay moun regle anyen pou li. (Lik 12 :16-21). Nou ka rich nan zye mond la men nou ensanse nan zye Bondye lè n ap gonfle richès sou richès san n pa bay ni Bondye ni pwochen nou regle anyen pou nou.
Paske se Bondye ki kreye tout bagay, tout bagay se pou li. Paske se Bondye ki te rachte nou, tout bagay tounen pou li ankò, paske li te peye yon gwo pri pou nanm noua k san Pitit li Jezi ki te koule. Ou menm ki poko rankontre Senyè Jezi, se pou w konnen tou vi w pa pou ou, yon jou kou jodi a ou gen pou w rann kont sou nanm ou. Bondye ap mande w ki sa w te fè ak kado lavi etènèl li te ofri w nan Jezi Kris grenn Pitit li a, ki sa w ap reponn ? Remèt Jezi lavi w. Bondye fè nou gras pou n gen richès nan men nou, sonje se pou n ba l glwa ak yo epi pou n ede pwochen nou, si se pa sa, nou rate objektif la. Epi toujou sonje priyè David la : Se pou ou Letènèl, letènite ye, sa vle di tout bagay ap toujou pou Bondye, anyen ap toujou pou nou ! Se pou Bondye fè nou gras pou n konprann epi pratike pawòl li, amèn !