Ezayi 53 : 5, 12b
« Men, se pou peche nou ki fè yo te mete san l deyò kon sa. Se akòz mechanste nou ki fè yo te kraze l anba kou kon sa. Chatiman ki ban nou lapè a se sou li li tonbe. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon. Paske se li menm menm ki te bay tèt li pou l mouri kon sa. Li te kite yo mete l ansanm ak kriminèl yo. Li pran plas anpil moun ki t ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo. ».
Tit : « Yon delivrans total kapital ».
Si do lakay ou gen yon twou, epi li lakoz yon dlo sal ap plede tonbe nan kay la tout jounen, ki sa w ap fè ? W ap pran yon twal oubyen yon mòp pou w pase tout tan w ap seche dlo a, pandan w konnen chak fwa ou fin siye l, dlo sal la ap tonbe ankò, oubyen w ap pran desizyon pou w bouche twou a yon fwa pou tout pou dlo sal la sispann tonbe nan kay la ? Li klè, se dezyèm opsyon an w ap pran pou w pa lave men siye atè. Imaj sa a montre nou, nou gen yon reflèks gras ak entèlijans nou, lè nou devan yon pwoblèm, pou n fè sèten nou p ap jwenn li ankò, nou prefere ale nan rasin pwoblèm nan pou n rezoud li. Nan sa ki gen pou wè ak kondanasyon lòm lè yo te fin dezobeyi Bondye, yo te bezwen pwoblèm sa a rezoud nan sous li tou. Sakrifis moun te konn fè nan Ansyen Testaman an te tankou moun k ap siye dlo sal ak mòp nan kay la, men yo pa t ka monte sou do kay la pou bouche twou a yon fwa pou tout. Se pa t volonte yo te manke, men yo te sèlman pa t kapab. Sèl moun ki te ranpli kondisyon pou bouche twou peche a li rele Jezi. Lè Satan te tante Èv nan jaden an, tantasyon an te gen pou wè ak twa dimansyon ki gen nan lòm, sa vle di kò, nanm ak lespri, chak pati sa yo te kondane, alòs lè Kris vini, premye tès li a se te pou l te reyisi nan twa dimansyon tantasyon kote Èv ak Adan te echwe a, sa vle di nan kò, nanm ak lespri tou, sa Satan te fè ak Èv nan jaden an nan liv Jenèz 3, li t al eseye fè l ak Kris nan dezè a nan Matye 4. Nan tèks nou li jodi a, nou jwenn ki jan lanmò ak soufrans Kris la delivre chak dimansyon nan nou ki te kondane, sa vle di kò nou, nanm nou ak lespri nou, pou l te ka rezoud pwoblèm peche a yon fwa pou tout. Wi, sèl lanmò Kris la delivre kò nou, nanm nou ak lespri nou. Jezi te mouri pou chak dimansyon nan lèzòm pou l te ka ban nou yon delivrans total kapital. Nou pral gade enplikasyon ak rezilta delivrans pou chak pati nan nou Jezi te delivre lè l te mouri pou nou sou kwa a.
- Lanmò Kris la delivre kò nou (Ezayi 53 : 5,12)
 
« Men, se pou peche nou ki fè yo te mete san l deyò kon sa. Se akòz mechanste nou ki fè yo te kraze l anba kou kon sa. » Moso tèks sa a pale sou soufrans fizik Kris la te pran pou mwen ak ou, pou ki sa li te dwe soufri nan kò l ? Ebyen, se paske kò nou te kondane lè l te tonbe anba tantasyon Satan nan jaden Edèn nan. Jenèz 3 : 6 di nou kon sa: « Fanm nan gade, li wè jan fui yo sanble yo a bon nan bouch », se sa apot Jan rele konvwatiz lachè a nan 1 Jan 2 : 16,17, dimansyon tantasyon sa a se kò a li touche, li te mache ak yon kondanasyon paske Bondye te di Adan : « Depi w manje fui nan pyebwa konesans byen ak mal la, w ap mouri wèpawè ». Se sa ki fè, premye batay Jezi te fè avan menm li kòmanse ministè l, se pou l reyisi tantasyon kò a kote Adan ak Èv te echwe, paske lè Satan te vin tante Jezi nan dezè a, li te sèvi ak menm strateji a nan Matye 4 : « Apre sa, Jezi vin grangou.Lè sa a, Satan pwoche bò kote l pou sonde l. Li di l kon sa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen », sa ki se yon aspè nan tantasyon an ki touche dimansyon kò a, li te fè l pou Èv, li te vle fè l pou Jezi tou. Men, si premye Adan an te echwe sa ki te lakòz kò a te dwe peye konsekans soufrans ak lanmò, dezyèm e dènye Adan an te dwe reyisi, e li te reyisi, men konsekans reyisit la se te pou l te pran soufrans kò a ak chatiman lanmò nan plas mwen ak ou. Men tou, li enpòtan pou n gade ki jan kò a te ye avan peche, ki jan l vin ye aprè peche, e ki travay lanmò Kris la fè pou l korije sa, pou l fè l tounen jan l te ye a.
Avan Adan te peche, li te gen yon kò espesyal, yon kò Bondye te fè ak men pa l daprè sa Jenèz chapit 1 fè nou konnen. Nou kapab di kò sa a te san defo paske aprè chak bagay Bondye te fin fè, tèks la di « Bondye wè sa l te fè a te bon ». Mo ebre ki sèvi pou bon an vle di plizyè bagay, li vle di : yon bagay ki san defo, ki rich, ki gen anpil valè, ki agreyab epi ki bèl tou. Se lojik pou kò a te gen tout kalite sa yo paske moun ki te fè l la pa gen defo nan li menm, epi kò sa a li te kreye a pa t ka mouri tou paske lanmò pral vini kòm konsekans dezobeyisans yo pa rapò ak pinga Bondye te ba yo. Aprè peche, kò a vin pèdi kalite li te genyen yo : Maladi vin rann li fèb, frajil, tan an fè l pèdi bèlte l, epi peche vin lakoz li ka mouri. Apot Pòl sèvi ak mo « Corruptible » pou l pale sou kò a pou di li ka kòwonp, li ka pouri. Lè Kris te vin sou latè, doulè ak soufrans li te pran nan kò l yo, se pou l te ka fè kò a tounen jan l te ye a ankò lè nou va resisite. Li ban nou egzanp la paske li menm li te leve soti vivan nan lanmò ak yon kò glorifye. Kò glorifye sa a pa ka pouri, Pòl di l ap « Incorruptible ». Alòs, Kris te mouri pou l te ka elimine kondanayon kò nou te genyen an ki se lanmò. Epi li te resisite pou l ban nou garanti l ap resisite nou daprè sa l te di nan Jan 6 : 40 « Volonte papa m, se pou nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan li gen lavi ki p ap janm fini an ; epi m ap resisite l nan dènye jou a ». Epi pou l ban nou yon lòt garanti ki montre kò nou pa kondane ankò, li ban nou Sentespri a ki vin abite nan kò nou kòm yon gaj eritaj k ap tann nou an, nou jwenn sa nan Efezen 1 : 13,24. Mo gaj la vle di yon bagay ki gen valè yo bay kòm garanti yon dèt peye. Sonje kò nou te esklav peche paske se vye dezi ki t ap menmen l, Kris vini li libere kò nou anba pouvwa peche sa a, nou pa esklav ankò, se pou sa li deklare nan Jan 8 : 36 : « Si se Pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre ». Lè Kò Kris te sou kwa a, se kò mwen menm ak ou ki te krisifye tou, se pou sa Pòl di nan Galat 2 :20 « Yo te krisifye m ansanm ak Kris la sou kwa a, si jodi a m ap viv se pa mwen k ap viv, men se Kris la k ap viv nan mwen », e sa se pawòl pou mwen ak ou ap repete chak jou.
Yo t ap kouri dèyè yon jèn gason ki te touye yon moun ak yon kout fè li te ba li nan tèt. Lè l rantre lakay li, li mande pou gran frè l la pa di si l la, lè gran frè a mande l sa k pase li eksplike l. Kòm moun yo te rive jwenn kay la, yo t ap frape nan pòt la pou yo rantre pran l epi touye l, gran frè a di l sonje m te toujou ap pale w de Jezi, m panse jodi a ou gen chans pou w fè sa. Li fè ti frè a ba l rad plen san ki te sou li a, li soti al jwenn moun yo deyò a, lè moun yo wè rad san an yo di: Se li menm, epi yo touye l ak kout manchèt, ak baton, ak wòch. Se sa Kris la te fè lè l te mouri sou kwa a, li te pran kou, pou mwen ak ou pa t pran kou, yo te pèse kòt li pou kòt mwen ak ou pa t pèse.
Piske lanmò Kris la sove kò nou, nou dwe kenbe kò nou pwòp, evite tout sa ki ka trennen nou nan peche fizik, paske kò nou se Tanp Sentespri ki abite nan nou daprè 1 Kor. 6 :19. Si yon aktivite kèlkonk soti pou l antrave kò nou, sonje yo te klouwe kò nou ak Kris sou kwa a. E moun ki poko asepte Kris, se pou w konnen gen yon moun ki te mouri pou kò peche ou genyen an, li fè pwovizyon pou l restore l, vini jwenn li jodi a menm.
Lanmò Kris la pa t delivre kò nou sèlman, li te delivre nanm nou tou.
- Lanmò Kris la delivre nanm nou (Ezayi 53 :5,12)
 
« Chatiman ki ban nou lapè a se sou li li tonbe ». Lapè sa a fè referans ak pati imateryèl lòm, nanm ak espri, paske pou w santi w byen nan kò w, nanm ou ak lespri w dwe trankil. Men petèt w ap di ki sa ki te deranje nou nan pwen pou nanm nou te twouble ? Ebyen, se paske nanm nou ak lespri nou te sibi konsekans peche a tou lè l te tonbe anba tantasyon Satan nan jaden Edèn nan tou. Ann gade nanm nan avan. Nanm nou se katye jeneral emosyon, se li ki pèmèt nou ri, kriye, fache, elatriye. Jezi te pale sou nanm li ki tris nan Matye 26 :38, li te di : « M santi nanm mwen tris pou m mouri ». Jenèz 3 : 6 di nou: « Fanm nan gade, li wè jan pyebwa a te bèl » dimansyon tantasyon sa a se nanm nan li touche. Se sa ki fè, lè nanm Adan ak Èv te peche, nanm yo te kondane pou yo konnen sa yo rele lanmò etènèl, pou rezon sa a, Jezi te dwe reyisi tantasyon ki tou touche dimansyon nanm li lè Satan te vin tante l nan dezè a ak menm strateji a nan Matye 4 : 8 : « Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li montre l tout wayòm ki sou latè ansanm ak tout richès yo ». Se sa Jan rele nan 1 Jan 2:16 “Ògèy lavi a”, nou gen lanvi gen bèl bagay.
Daprè sa Bib la anseye, vrè nou menm nan se nanm nou li ye, paske se li ki gen pou ale rejui ak Senyè a lè l tounen, se li menm tou ki gen pou ale boule nan letan dife ak souf la si nou pa asepte Jezi kòm sovè pèsonèl nou. Jezi pale sou nanm nan ki pral boule nan jeyèn nan Matye 10 :28. Se sa ki fè li te di nan Matye 16 :28, « ki sa sa ap sèvi yon nonm si l ta posede tout mond la epi pou l ta pèdi nanm li ». Alòs, lè lòm te peche nan jaden an, menm kote a nanm nan te kondane pou l ale boule nan letan dife souf la, sèl yon sovè te ka retire l anba chatiman sa a. Lè Jezi te sou kwa a, nanm li te pran soufrans tout limanite, imajine ki jan l te soufri. Dayè, se sa ki te pouse l di Bondye pou ki sa ou abandone m, paske se nanm nan ki ka konnen solitid, solitid nanm nou ta pral pase nan lanfè a, Jezi pran l sou kwa a pou nou yon fason pou nanm nou ka viv pou toutan ak Bondye. Chatiman ki ban nou lapè a, se sou Jezi li tonbe.
Menm jan Jezi te bay kò l pou sove kò nou, li te bay nam li tou nan plas nanm pa nou. Ann gade sa yon tikras pi fon. Mo biblik ki tradui “nanm” nan pasaj sa a se mo Ebre nefèch. Nanm nan toujou mache ak lavi. Literalman nephesh vle di “kreyati k ap respire”. Tout tan w ap respire, nanm ou toujou nan kò w, kidonk ou vivan. Nou wè sa tou nan Jenèz chapit 1, kote nou jwenn mo ebre nefèch la nan Vèsè 20 an pou “kreyati vivan”. Nan vèsè 21 an pou “tout bagay ki vivan ki kapab deplase” nan vèsè 24 la pou “kreyati ki vivan yo,” Epi nan vèsè 30 lan pou “tout sa k ap ranpe sou la tè, ki gen lavi ladan l”. Chak fwa mo nefèch la parèt nou wè li mache oubyen li fè referans ak lavi. Genyen yon koneksyon klè ant nanm ak lavi. Nan lang Grèk la, mo yo itilize pou “nanm nan” se psukè. Antanke Pitit lòm nan, men ki sa Jezi di nan Matye 20:28 “ Se kon sa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m pou peye delivrans anpil moun.” Mo “lavi” Jezi sèvi ak li a se li ki vle di nanm, sa vle di Jezi di mwen vin bay nanm mwen pou nou. Kòm bon Bèje, Jezi te bay lavi li pou brebi a (Jan 10:14-18). La ankò, mo yo itilize pou lavi a se psukè, ki vle di nanm. Jezi te bay nanm Li, sa ki te pèmèt Li viv la, kòm yon pri pou peye peche nou yo.
Nan 1 Wa chapit 17, lè fanm nan te ale kote pwofèt Eli pou l di l pitit gason l la mouri, tèks la di Eli priye Bondye kon sa nan vèsè 21 an : Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: -Seyè, Bondye mwen, tanpri, fè nanm pitit la tounen sou li ankò». Tande ki sa vèsè 22 a di : Seyè a koute lapriyè Eli a, li fè nanm timoun nan tounen sou li, epi ti gason an tounen vivan ankò.
Nou menm ki sove deja, se pou nou viv nan yon lespri rekonesans paske nanm nou p ap janm konnen sa ki rele soufrans etènèl ankò. Nou menm k ap koute m ki poko fè lapè ak Jezi, konnen nanm nou kondane, se sèl Jezi ki ka sove l paske li te bay nanm li nan plas ou. Li te pran soufrans letan dife ak souf la pou ou, tout sa w gen pou w fè se viv jwenn li, aksepte sakrifis la pou nanm ou ka jwenn padon pou tout peche ou yo, pou nanm ou ka jwenn lapè l ap chache depi lontan an, yon lapè li p ap ka jwenn lòt kote, sinon nan Jezi sèl.
Lanmò Kris la pa t delivre kò ak nanm nou sèlman, li te delivre lespri nou tou.
- Lanmò Kris la sove lespri nou (Ezayi 53 : 5,12)
 
« Chatiman ki ban nou lapè a se sou li li tonbe » Jan nou te di l talè a, lapè sa a pale sou nanm nou ak lespri nou. Kounye a n ap konsidere lespri a. Kòman nou esplike lanmò Kris la sove lespri nou tou ? Ebyen, menm jan kò a ak nanm nan te tonbe anba tantasyon nan jaden edèn nan, lespri a te tonbe tou. Jenèz 3 : 6 di nou kon sa : « Fanm nan gade, li santi l ta manje nan fui a pou je l ka louvri », men nou abitye ak vèsyon ki di « pou louvri entèlijans li ». Dimansyon tantasyon sa a se lespri a li touche. Se sa ki fè, kote Adan ak Èv te echwe nan tantasyon ki te touche dimansyon lespri a, Jezi te dwe reyisi lè Satan te vin tante Jezi nan dezè a, li te sèvi ak menm strateji a nan Matye 4 : 8,9 : « Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, lavil Sent la, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp la. Li di Jezi : Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di : L ap bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Epi y ap pote w nan men yo, pou pye w pa frape nan wòch». Epi lè Satan te fin montre l wayòm latè ak tout bèl richès li yo, li di Jezi m ap ba w tout bagay sa yo si w mete ajenou nan pye m epi ou adore m. Lè l di Jezi lage kò l anba si l se Pitit Bondye, se pou l te ka touche ògèy Jezi sou moun li ye a.
Jezi te reyisi dimansyon tantasyon sa a se pou l te kapab retabli koneksyon spirityèl nou te pèdi nan Adan nan jaden Edèn nan, paske Bondye se lespri, se an espri ak nan verite pou nou adore l daprè sa Jezi fè nou konnen nan Jan chapit 4. Kontak sa a se tèlman koupe, Bondye te oblije mete yon sistèm sakrifisyèl sou pye, kote chak moun te gen ofrann pou w pote nan tanp la pou sakrifis peche, epi se sèl sakrifikatè prensipal la ki te gen dwa rantre kote ki sen anpil la. Men lè vwal tanp la te chire, li ban nou aksè ankò, sa vin fè kèlkeswa kote nou ye kounye a, kèlkeswa sa n ap fè, nou ka rantre an kontak ak papa nou ki nan syèl la nan non Jezi sovè nou an. Lespri nou ki te dekonekte ak li a tounen jwenn koneksyon an ankò
Nou konn ap gade yon fim fiksyon kote yo retire lespri aktè a sou li, sa vin fè li pa rekonèt ni madanm ak pitit li jiskaske yon kote nan fim nan li vin jwenn lespri l ankò. Ebyen lè nou separe ak Bondye, lespri ki pou ta fè nou rekonèt Bondye kòm papa nou an pa nan nou. Nou vin ap fonksyone tankou yon egare, Bondye devan nou, men nou pa ka rekonèt si se li menm ki papa nou. Men jou nou asepte Kris, li fè nou kado Lespri Bondye ki rann temwayaj nan lespri nou nou se pitit Bondye, epi kon sa nou ka rele Bondye « Papi ». (Women 8 :15,16)
Si jounen jodi a nou ka reyini nan yon espas pou n adore Bondye se paske Jezi te te pèmèt lespri nou rekonekte ak Bondye ankò. Sèl fason pou kominyon w retabli ak Bondye se asepte sakrifis Jezi te fè sou kwa a pou ou a, se kon sa Lespri Bondye ap fin abite nan ou. Bòn nouvèl la sèkè ou ka fè sa jodi a menm. E fason pou w pale ak Bondye ki nan syèl la, se an espri paske Bondye li menm se Espri. Èske w kapab ? Wi, Jezi te mouri pou sa. Èske w gen dwa ? Wi, Jezi fè pwovizyon pou sa.
DÈNYE KOZE
Lanmò Kris la delivre kò nou, paske li reyisi tantasyon kò a, li te soufri epi mouri nan plas nou, lanmò Kris la delivre nanm nou paske depi nou asepte l kòm sovè pèsonèl nou, nou chape anba kondanasyon Bondye a pou n ta ale boule nan letan dife ak souf la pou toutan, lanmò Kris la delivre lespri nou paske nou kapab rantre nan prezans Bondye an espri lè nou vle, epi Sentespri li mete nan nou an ka fè nou rekonèt li kòm papa nou. Lanmò Kris la, ban nou yon delivrans total kapital.
Men ki sa Wom. 5: 10 aprann nou: « Poutèt lè nou te lènmi Bondye, li menm li te rekonsilye nou avèk li pa mwayen lanmò Pitit li a, se yon rezon anplis pou nou gen garanti l ap sove nou pa mwaen lavi Pitit li a tou.
Nou p ap janm jwenn yon moun ki renmen nou tankou Jezi ki pou mouri pou nou, menm lè w ta jwenn youn, san l p ap janm gen menm valè pou l ta sove w. Nou nan yon mond ki frajil, chak jou moun ap mouri, pèsòn pa konnen ki lè jou pa yo a ap rive, pi bon chwa nou kapab fè, se asepte delivrans total kapital Jezi ban nou an gras ak sakrifis li sou kwa a. Sonje tèks jodi a : « Men, se pou peche nou ki fè yo te mete san l deyò kon sa. Se akòz mechanste nou ki fè yo te kraze l anba kou kon sa. Chatiman ki ban nou lapè a se sou li li tonbe ». Se pou Bondye fè nou gras pou n konprann epi pratike pawòl li, amèn !