II Pyè 1 : 5b rive 8
« …nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou mete sou lafwa nou bon konduit, sou bon konduit la n ap mete konesans, sou konesans la n ap mete kontwòl tèt nou, sou kontwòl tèt nou n ap mete pasyans, sou pasyans la n ap mete devosyon oubyen sèvis nou pou Bondye, sou sèvis nou pou Bondye n ap mete lanmou pou frè ak sè nou yo, sou lanmou pou frè ak sè nou yo n ap mete lacharite. Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, yo p ap kite nou ni rete bra kwaze ni san pou pa pwodui pou konesans Senyè nou an Jezi Kris.»
Matirite spirityèl : Kote Bondye bay tout kretyen randevou
Lè yon ti bebe fèt, li bezwen lèt manman l ki gen tout sa l bezwen pou l viv, men plis l ap grandi, li bezwen jwenn bon jan manje solid pou l ka pi byen devlope. Ebyen, moun ki fenk fèt nan Kris yo bezwen lèt tou, sa vle di bon jan nosyon fondamantal nan doktrin kretyèn nan, men pou yo grandi spirityèlman, yo bezwen bon jan manje solid. Bib la ban nou yon pwosesis pou n suiv yon fason pou n kapab byen grandi pou n rive nan matirite kote Bondye ap tann nou an. Nou kontan paske pwosesis pou matirite spirityèl nou pral pale a, li soti nan yon apot ki te fè anpil erè pandan l t ap mache ak Senyè a avan l te rive nan dènye mach la, se apot Pyè. Pou chak etap li montre nou nan vèsè jodi a, nou pral eseye gade siyifikasyon yo, koneksyon yo genyen nan mitan, gade ki jan kèk apot te aplike yo nan lavi yo epi ki jan nou menm jodi a nou ka aplike yo nan lavi nou.
Nan yon sans jeneral, Pyè te voye lèt sa a pou tout moun ki ta pataje menm lafwa ak li, pa mwayen jistis Bondye ak Sovè Jezi Kris (V. 1). Sa fè nou kapab di san doute, tout rekòmandasyon ki nan tèks jodi a yo pou nou tou paske nosyon kwasans spirityèl la pa konsène yon gwoup kretyen sèlman ki te viv nan yon epòk, men pou tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi pou Senyè ak Sovè pèsonèl yo. Paske, matirite spirityèl la, se kote Bondye bay tout kretyen randevou. Apot la prezante nou devlopman vi kretyen ki pou mennen nou nan matirite a tankou yon eskalye ki gen 8 mach ladan, nou pral gade yo youn aprè lòt.
Tewolojyen evanjelik yo kwè nan enspirasyon total, mo pou mo Bib la, se sa yo rele an frase : « Inspiration verbale et plénière ». Nan liv li ekri ki rele « Introduction à la théologie », doktè Joël Laloi defini l kon sa : Sentespri Bondye a pran kontwòl panse otè biblik yo pou l gide yo menm nan chwa mo y ap fè pandan l kite yo chak la ak pwòp stil pa yo. Se sou baz 2 Pyè. 1 : 21 yo tire definisyon sa a kote tèks la eksplike wòl Sentespri nan redaksyon Bib la. Alòs, nou kwè se pa yon aza si se kon sa mach ki menmen nan matirite spirityèl ranje. Jan n te di a, an n gade yo youn aprè lòt, menm si gen kèk k ap mande plis tan pase lòt.
- Lafwa (II Pyè. 1 : 5b)
Eksplikasyon : Premye mach la se lafwa. Sa parèt lojik paske lè nou li nan Ebre 11 : 6b, men sa nou jwenn : « Se sa k fè, nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo. » Vèsè a gen tout sans li paske ou pa ka pwoche bò kote yon èt siprèm san w pa menm kwè li egziste. Kounye a, nou pral fè de konsiderasyon sou lafwa : Nou pral gade ki kote li soti epi ki sa li vle di tout bon vre. Bib la klè kou dlo kòk sou ki kote lafwa soti. Women 10 :17 di nou « lafwa vini lè nou tande Bòn nouvèl la, epi nou tande Bòn nouvèl la lè yon moun pale sou sou Kris la ». Epi, se pa mwayen lafwa ki fè nou sove, daprè Efezyen 2 :8.
Kounye a, yon vye konsepsyon sou lafwa ka fè nou parese, li ka fè nou fè wout kwochi jis malè rive nou. Paske lafwa se pa sèlman yon konfyans ou mete nan yon moun oubyen yon bagay, sa ki se yon eleman nan lafwa a, men pou li konplè nèt, ou dwe poze aksyon ki mache oubyen ki koresponn ak sa ou kwè a. Si nou kwè Jezi ka sove nou anba peche nou, lafwa sa a kòrèk, men li poko konplè toutotan nou pa poze aksyon an pou nou ale jwenn Kris, konfese peche nou yo, envite l nan lavi nou ofisyèlman pou l vin Senyè nou. Se nan nans sa a ki fè Jak di yon lafwa ki pa gen bon jan aksyon oubyen zèv ki mache ak li, se yon lafwa ki mouri.
Se sa ki fè lafwa n ap pale a diferan ak yon fwa sipèfisyèl, paske Bib la di menm demon yo kwè Bondye egziste tou, men yo tranble, nou jwenn sa nan Jak 2 :19.
Istwa fanm ki t ap pèdi san depi douz lane nan Matye 9 : 20-22 a, ban nou yon definisyon ki kòrèk sou lafwa. Fanm nan te di nan li menm : « Si m ka rive touche wòb Jezi sèlman, m ap geri ». Fwa sa a kòrèk, paske pèsòn pa pi byen plase pase Jezi pou geri tout maladi nou yo. Men si aprè fanm nan te fin fè deklarasyon an epi li te rete chita lakay li, li pa t ap janm geri. Fòk li te atake dezyèm eleman nan definisyon lafwa a ki se aksyon ki mache ak sa l kwè a. Tèks la di nou, li leve, li pase nan mitan foul la epi li touche ke wòch Jezi. An n fè yon ti kanpe la. Levitik 15 : 25 fè nou konnen « yon fanm ki gen san k ap koule sou li pandan plizyè jou ki depase peryòd nòmal li, pa pwòp padan tout peryòd li gens an an ». Pa pwòp la vle di li « impur », tèks la di yo dwe mete moun kon sa an karantèn pou moun pa touche ak li, paske depi yon moun touche fanm sa a oubyen yon bagay fanm sa a te touche deja, moun sa a ap « impur » tou jis nan aswè, li ka menm mouri si l pwoche nan eta l ye a bò kote tabènak la ki nan mitan pèp la (v. 31). Alòs, lafwa fanm sa a pouse l kite karantèn nan, se te yon risk ki te ka koute l lavi l, li pase nan mitan foul la, sa vle di li kraze baryè sosyal epi sikolojik la jiskaske li touche wòb Jezi. Lafwa l la te chita sou Jezi, sa vle di li te kòrèk, epi li poze aksyon ki mache ak sa li kwè a.
Kounye a, jan n te di n ap fè l la, an n gade ki jan lafwa sa a te manifeste nan lavi apot yo, espesyalman nan lavi Pyè. Depi premye fwa Pyè te rankontre ak Jezi nan Lik 5 :4 à 6, nou jwenn definisyon lafwa a. Jezi mande mesye yo lage filè yo nan dlo a pou yo peche, Pyè di : Mèt, nou pase tout nuit la san nou pa pran anyen, men sou pawòl ou n ap jete filè a. Epi lè yo fin lage filè a nan dlo a, yo tèlman pran pwasyon, filè a ak krake pou l kase ». Nou wè, bon ja lafwa a chita sou Pawòl Kris la, « sou Pawòl ou », epi li poze aksyon ki mache ak sa l kwè a « M ap lage filè a nan dlo a », epi rezilta a vini « yo tèlman pran anpil pwason, filè t ap krake pou l kase ».
Si nou vle grandi tout bon nan relasyon nou ak Senyè a, si nou kwè li ka chanje lavi nou tout bon, se pou nou aji daprè sa li mande nou nan Pawòl li a. Lafwa se baz kwasans k ap mennen nou nan matirite spirityèl la, sonje se la Bondye ap tann nou.
Kounye a an n gade dezyèm mach la. Mete sou lafwa nou bon konduit.
- Bon konduit
Koneksyon ant 2 mach yo tou fèt. Paske si lafwa nou nan Kris la mande nou aji daprè sa ki nou kwè a, e aksyon n ap poze yo se bon aksyon yo ye pa vre ? Sa vle di, yo souzantann n ap gen yon bon konduit. Alòs, bon konduit la se sa ki montre tout bon nou gen lafwa nan Kris la. Nan Lik 3 : 9, Jezi di nou « Y ap koupe tout pyebwa ki pa bay bon fui ». Ou pa ka di ou kwè nan Kris epi pou w pa gen bon konduit. Jezi di disip yo nan Jan 14 :15 « Si nou renmen m vre, se pou nou fè tout sa m di nou fè yo ». William McDonald panse « bon konduit » la ka vle di kouraj spirityèl nou dwe genyen devan yon mond sovaj pou n toujou goumen pou bagay ki vre. Paske, gen anpil bagay n ap jwenn sou wout nou pandan nou nan pwosesis matirite spirityèl la ki ka vle fè nou gen vye konpòtman, se poutèt sa li di sa.
Se sa ki fè, Pyè ak Jan te reponn ansyen yo, doktè lalwa ak sakrifikatè yo nan Travay 4 : 19 « Mesye, èske nou wè l bon, devan Bondye, pou nou ta koute nou oubyen Bondye ? Gade byen nan pwòp konsyans nou pou n wè si sa nou di a fè sans ». Deklarasyon sa a fè n ap site definisyon William McDonald la ankò : « Bon konduit la se kouraj spirityèl nou dwe genyen devan mond sovaj sa a pou n toujou goumen pou bagay ki vre », nou ta ka ajoute « pou bagay ki mache ak lafwa nou.
N ap viv nan yon sosyete ki kòwonpi nèt, kote chak jou nou dwe fè chwa ki onore Bondye, sitou nan enstitisyon prive ak leta nou konn jwenn sitiyasyon ki ka tounen yon obstak pou kwasans spirityèl nou, apot Pyè di nou, aprè mach lafwa a, se sou mach bon konduit la nou dwe mete pye nou.
Mete sou bon konduit la konesans
- Konesans
Pandan nou gen bon konduit la, se pou nou gen bon jan konesans sou Pawòl Bondye a pou n pa tounen ni agoch ni adwat. Bib la konn sèvi ak mo konesans, « savoir » oubyen lasyans pou pale sou menm bagay. Men kòm n ap pale sou kwasans spirityèl, li enpòtan pou n mete aksan sou konesans Pawòl Bondye tankou yon metriz doktrin fondamantal fwa kretyèn nan epi pou n kontinye grandi ladan tou. Se konesans sa a k ap pèmèt nou fè fas kare ak fo dokttè yo tou, dayè se te youn nan objektif Pyè lè l t ap ekri a. An n gade tou, depi nan kòmansman epit la, ki jan Pyè montre se konesans la ki miltipliye gras ak lapè, sa vle di plis nou konnen Bondye ak Jezi Kris, se plis n ap devlope nan matirite spirityèl nou. Paske, mo ebre ki sèvi pou konesans la se « yada » li vle di yon konesans entim, sa vle di ou dwe konn Pawòl la jiskaske ou fè yon sèl ak li. Se menm mo « konnen » sa a ki sèvi pou pale sou relasyon seksyèl nou jwenn nan Jenèz 4 :1 lè l di « Adan konnen madanm li Èv epi li fè yon pitit ». Gen yon moun ki te di « Ou dwe tèlman fè yon sèl ak Pawòl Bondye a, si tout Bib nan mond la ta boule, depi yo gade w, yo dwe wè Pawòl la nan ou ».
Konesans n ap pale a gen yon kote li kòmanse. Pwov. 1 :7 di nou « lè w gen krentif pou Bondye se lè sa a nou kòmanse gen konesans », gade byen, li di « kòmanse » sa vle di nou dwe kontinye pratik la pou l ka devlope. Pòl se youn nan apot ki te gen pratik sa a, pandan l te nan prizon Wòm, li ekri Timote pou l di l lè w ap vin wè m, sonje pote rad ak liv mwen te kite Twowas kay Carpus (1 Tim. 4 : 13). Epi sonje se konesans Pawòl Bondye a k ap pèmèt nou konbat vye doktrin yo.
Apot Pyè te yon pechè pwason, jeneralman yo konsidere moun sa yo tankou moun ki sa edikasyon. Men aprè entèvansyon l devan chèf pèp yo, ansyen ak skrib yo nan Travay 4 : 13, yo te sezi, paske zotobre yo di : M te kwè nèg sa yo se moun pèp yo ye, nou pa konnen si yo te fòme kon sa. Aprè anviwon 3 lane ap pran fòmasayon nan men pi gwo Mèt ki genyen an, mesye yo pa t fouti sòt, yo te gen konesans Pawòl Bondye a.
N ap fè w sonje lè Satan te vin tante Jezi, se ak Pawòl la Senyè a te kouri dèyè l. An nou di ou avoka epi yon moun pote yon dosye byen monte pou w siyen pou li, se pou w gade èske sa w ap siyen an mache ak Pawòl Bondye a avan, pou anyen pa mare pye w nan kwasnas spirityèl ou. Si w pa manje Pawòl la pou w gen konesans, w ap kwatchòkò, nenpòt doktrin ka pote w ale.
Mete sou konesans la kontwòl tèt ou.
- Kontwòl tèt ou
Lè w fin gen konesans la, se pou w aprann kontwole tèt ou pou w pa panse se kichòy ou ye. Ki jan yo defini kontwòl tèt ou ? Se yon moderasyon ou genyen oubyen lè w kenbe tèt ou volontèman, se sa yo rele « Maîtrise de soi » nan lang franse a. Gen kèk lòt sous ki ajoute nosyon ekilib ladan, paske lè w gen kontwòt tèt ou, ou gen ekilib nan tout sa w ap fè.
Pòl ban nou yon avètisman jeneral konsènan konesans nan 1 Kor. 8 : 1 kote li di n atansyon ak konesans paske li ka fè n gongle lestomak nou. Se poutèt sa yo di kontwòt tèt nou an dwe pouse nou gen yon vi disiplin. Nan « Commentaire biblique Nouveau Testament du disciple », William McDonald defini disip la tankou yon pisans lè w kontwole volonte w pa mwayen Sentespri Bondye ki nan ou a. Li kontinye pou l di disiplin sa a dwe rantre nan tout sa w ap fè : lapriyè, etid biblik, nan fason ou jere tan w, nan kontwole apeti fizik ou, epi nan fason ou sakrifye tèt ou. Apot Pòl te gen bon jan disiplin sa a, koute sa li te di nan 1 Kor. 9 : 26,27a : « Se poutèt sa mwen pa kouri tankou chen fou, mwen gen yon kote m vle rive. Mwen batay tankou yon boksè. Mwen pa voye kout pwen nan vid. Wi, mwen trete kòm di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl ».
Lè l te fenk kòmanse mache ak Jezi, Pyè se pa moun ki te poze, dayè yo konsidere l tankou apot ki gen san cho a, nou sonje se li menm ki te kouri rale epi pou l koupe zòrèy souvern sakrifikatè a nan jaden jetsemane (Jan 18 :10). Li pa t dakò pou yo arete Jezi, men kèk tan pita, li ta pral kite yo arete l san l pa fè rezistans, li vin aprann kontwole tèt li.
Pafwa yon moun di nou yon vye pawòl, nou sansi pou n ta santi nou byen sepou n ta reponn moun nan tèt pou tèt, men sonje nou dwe aprann kontwole tèt nou paske nou gen yon eskalye n ap monte ki pou mennen nou nan matirite spirityèl.
Mete sou kontwòl tèt ou, pasyans
- Pasyans
Lè w fin gen kontwòl tèt ou, ou pa nan tèt cho ankò, ou ka gen pasyans, senkyèm mach la. Li enpòtan pou n souliye mo « pasyans » la soti nan yon mo grèk ki vle di pèseverans. Sa vle di, pasyans pa vle di rete san w p ap fè anyen. Se pou w ap fè mouvman, gen rès mach ki rete pou w monte. Premye disip Jezi te rele yo te pwofesyonèl nan sa ki rele pasyans la, sa vle di nan pèseverans. Pou ki sa nou di sa ? Paske se pechè pwason yo te ye, pechè pwason konn pase twa jou sou lanmè san yo pa pran anyen, epi yo rantre lakay yo pou yo tounen nan demen ankò. Se sa ki rele pèseverans la.
Jak 1 : 3 di nou : « Lè lafwa nou rankontre eprèv, nou aprann gen pasyans nan soufrans yo ». Nou wè koneksyon ki genyen ant premye mach la ki se lafwa ak senkyèm nan ki se pasyans, sa vle di pèseverans. Jak kontinye nan chapit 5 : 7 pou l di nou dwe gen pasyans tankou moun k ap travay tè jiskaske Senyè a tounen. Nou wè ki jan ? Tankou moun k ap travay tè, alòs pasyans pa vle di rete ap tann san w pa fè anyen, men se pou w pèsevere jiskaske Senyè a tounen.
Alan Mafayden, yon fotograf pwofesyonèl te pase 6 lane pandan l te pran 720,000 priz imaj yon zwazo ki t ap plonje tèt li nan yon dlo avan l te resi reyisi grenn foto li te bezwen an. Se sa ki pèseverans la. Si nou ta di tankou Pòl, si pou yon bagay k ap pase moun prè pou pèsevere kon sa, ebyen konbyen fwa nou ta dwe fè plis efò pou n pèsevere nan bagay k ap mennen nou nan matirite spirityèl kote Bondye ap tann nou an.
Sa rive nou rantre lakay nou men nou tèlman fatige menm priye nou pa ka priye, menm Bib la nou pa ka li. Pwoblèm konn fè w panse pwomès Bondye yo pa mache ak reyalite w ap viv la, se nan moman sa yo menm nou dwe montre pasyans sa vle di pèseverans, se senkyèm mach la li ye, ou manke 3 pou w rive nan matirie spirityèl la, nou pa ka kanpe, se pou n leve pye nou mete sou sizyèm mach la.
Mete sou pasyans la devosyon oubyen sèvis nou pou Bondye.
- Devosyon
Devosyon se atachman ou genyen nan mach ou ak Senyè a pandan w ap sèvi l. Se sa ki fè li mache pye pou pye ak pasyans la ki se pèseverans. Li pèmèt nou respekte chwa Bondye fè pou l pase nou anba eprèv n ap pase nan pèseverans la. Chak grenn mach nan eskalye ki mennen nou nan matirite spirityèl la gen yon koneksyon.
Mo franse nou abitye ak li a se « piété », se pou sa Pòl di Timote egzèsis kòporèl la bon pou kèk bagay sèlman, men « piété » a bon pou tout bagay, paske devosyon sa a gen nan li menm yon pwomès lavi sou tè sa a ak sa ki gen pou vini an tou. (I Tim. 4 :8).
Pyè se youn nan apot ki te montre devosyon li te gen pou Senyè a. Li se premye disip ki te konfese Jezi se Kris la, Pitit Bondye vivan an ; se li menm ki t al chache pyès la nan bouch pwason an, se li ki te ale kay Kònèy epi prezante levanjil la bay payen yo. Devosyon sa a pouse l pran lapawòl nan jou pannkot la kote gen 3 mil moun ki te repanti.
Mwen ak ou dwe pase tèt nou egzamen pou n wè nan ki nivo devosyon nou pou Senyè a ye depi lè nou te mete pye nou sou premye mach lafwa a lè n te kwè nan li ak jounen jodi a. Devosyon w pou Senyè a se lè w vle temwaye pou li tout kote menm si sa dwe koute w pèdi travay ou.
Menm devosyon sa a dwe mennen nou nan lanmou pou frè ak sè nou, avan dènye mach matirite spirityèl la.
- Lanmou pou frè ak sè nou
Mo grèk ki sèvi pou lanmou frè ak sè a se « Philia », li sèvi pou amitye, yon lanmou ki montre atansyon ou genyen pou frè w ak sè w ki pouse w kontribye nan bonè yo. Li jwe yon wòl tranzisyon avan w tonbe nan dènye mach la ki gen plis egzijans. Se menm jan an, yon jwè foutbòl pa ka kouri monte yon teren pou l jwe si l te sou ban, san l pa kòmanse chofe, se yon fason pou l diminye risk pou l ta blese, nou pral konprann pi byen lè n rive nan dènye mach la. Lanmou pou frè ak sè a gen yon bon dòz tolerans ladan tou paske li fè nou akstepte yo pou moun yo ye a, nou prè pou n koute yo.
Ebre 13 : 1 pase nou lòd pou n pèsevere nan lanmou pou frè ak sè nou yo. Rezon pèseverans la se paske se pa yon bagay depi w genyen l yon fwa ou tou genyen l nèt, ou dwe toujou travay li anpil anpil jiskaske ou rive nan dènye mach la, li mande anpil egzèsis.
Pòl te montre kalite lanmou sa a pou Onezim pandan l t ap sipliye Filemon pou l resevwa onezim ki te fè l tò tankou yon frè nan Kris la. Pòl te menm di si l te pran kèk bagay pou ou, lè m vini m ap peye pou li.
Lanmou pou frè ak sè nou ap pouse nou pataje manje noua k yo, vizite yo lopital, pote yo sekou lè yo nan sitiyasyon difisil.
Mete sou lanmou pou frè ak sè nou yo lacharite, paske charite a ale pi lwen, li kouvri tout bagay nèt.
- Lacharite
Mo grèk pou lachirite a se « Agapê ». Se yon lanmou san enterè, yon lanmou ki soti nan Bondye, li san kondisyon. Se menm lanmou sa a Bondye gen pou limanite ki fè li bay grenn Pitit li a Jezi yon fason pou nenpòt moun ki mete konfyans nan li va gen lavi ki p ap janm fini an (Jan 3 :16). Nan 1 Korentyen 13, Pòl fè yon deskripsyon sou lanmou san parèy sa a. Nou pral li yon pati nan tèks sa a pandan n ap souliye lacharite a se dènye mach pou n rive nan matirite spirityèl la: « Menm si mwen ta pale anpil lang moun pale sou latè, menm si mwen ta rive pale lang zanj yo, si m pa gen lacharite, sa vle di si m pa rive nan dènye mach matirite spirityèl la, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen, tankou yon senbal k ap fè bri. Menm si m ta gen don pwofesi, menm si m ta rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si m ta gen yon konesans ki pa gen limit, epi m ta gen yon lafwa ki ka deplase montay yo, si mwen pa gen lacharite, sa vle di si m pa rive nan dènye mach matirite spirityèl la, mwen pa anyen. Menm si m ta bay pòv tout sa m posede, menm si m ta ofri kò m pou yo boule, si m pa gen lacharite, sa vle di si m pa rive nan dènye mach matirite spirityèl la, sa p ap sèvi m anyen. Pou ki sa ? Ebyen se paske charite a, sa vle di dènye mach matirite spirityèl la, li gen pasyans ak mizèrikòd, li pa jalou, li pa vante tèt li, li pa gonfle ak ògèy. Li pa brital ni li pa egoyis. Lacharite paf ache fasil, li pa kenbe yon lis bagay mal moun fè l. Lacharite pa janm kontan lè gen lenjistis, men li toujou kontan lè verite a parèt klè. Lacharite aksepte tout bagay ak pasyans, li pa janm pèdi espwa, li pa janm abandone. Ebyen se la Bondye ap tann nou, pou n gen tout deskripsyon sa yo nan nous an manke moso.
Apot Pyè te pase anpil wout avan l te rive nan dènye mach la. Menm aprè rezireksyon Jezi, Pyè potko rive. Paske nan Jan 21 vèsè 15-17 nan tèks grèk la, nou pi byen konprann sa k ap pase a. Paske premye fwa Jezi di Pyè èske w renmen m, li sèvi ak vèb agâpe, li di : Pyè, Agapas me ? Sa vle di èske w renmen m san kondisyon nan pwen pou w mouri pou mwen, paske se sa Agapê a vle di, men Pyè reponn : Senyè, fileyo se, sa vle di, m renmen w vre, men se nan lanmou frè ak sè a m ye toujou, se nan 7èm mach la m ye, m poko rive nan dènye a. Yon dezyèm fwa, Jezi di : Pyè, agapas me ? Sa vle di èske w renmen m san kondisyon nan pwen pou w mouri pou mwen, men Pyè reponn : Senyè, fileyo se, sa vle di, m renmen w vre, men se nan lanmou frè ak sè a m ye toujou. Lè Jezi poze Pyè kesyon an pou twazyèm fwa, li pa poze l ak Agapê a, men pito li sèvi ak menm vèb Pyè sèvi a, sa vle di li desann vin jwenn Pyè nan 7èm mach la, li di : Pyè : fileyis me ? sa vle di èske ou gen lanmou frè ak sè a pou mwen jan w di a ? Pyè di : Senyè ou konn tout bagay, fileyo se, sa vle di wi, se lanmou sa a m gen pou ou, m pa ka ba w manti. Men èske Pyè te rete la ? Non, paske yo arete l nan Travay 4, yo di pou l pa pale sou Jezi, Pyè di li pa ka pa pale sa l wè ak sa l tande, paske se Bondye l ap obeyi. Pyè vin prè kounye a pou l mouri pou Senyè a, dayè yo te krisifye Pyè sou yon kwa tèt anba li te di m pa diy pou m mouri menm jan ak mèt mwen, mete m tèt anba. Wi, Pyè te rive nan dènye mach matirite spirityèl la, paske li pa t ap viv pou li ankò, li te prè pou l mouri pou Mèt la.
McCully te papa Ed McCully, youn nan misyonè Aucas yo te touye nan peyi ekwatè. Yon jou swa pandan yon ekip moun t ap priye, yo te tande l ap priye kon sa : « Senyè, kite m viv ase lontan pou m Endyen sa yo sove, yo menm ki te touye pitit mwen an, pou m ka pase men nan kou yo pou m di yo mwen renmen yo paske yo renmen Sovè m nan Jezi Kris… ».
DÈNYE KOZE
Mete sou lafwa nou bon konduit la se sa ki montre tout bon nou gen lafwa nan Kris la ; Pandan nou gen bon konduit la, se pou nou gen bon jan konesans sou Pawòl Bondye a pou n pa tounen ni agoch ni adwat ; Lè w fin gen konesans la, se pou w aprann kontwole tèt ou pou w pa panse se kichòy ou ye ; Lè w fin gen kontwòl tèt ou, ou pa nan tèt cho ankò, ou ka gen pasyans, senkyèm mach la ; Devosyon se atachman ou genyen nan mach ou ak Senyè a pandan w ap sèvi l. Se sa ki fè li mache pye pou pye ak pasyans la ki se pèseverans ; Menm devosyon sa a dwe mennen nou nan lanmou pou frè ak sè nou, avan dènye mach matirite spirityèl la ; Mete sou lanmou pou frè ak sè nou yo lacharite paske charite a ale pi lwen, li kouvri tout bagay nèt.
Men ki jan Papa Tom Olson te konn abitye li pasaj jodi a pou pitit li : « Mete sou lafwa w bon konduit oubyen kouraj David la ; sou kouraj David la, mete konesans Salomon an; sou konesans Salomon an, mete pasyans Jòb la ; sou pasyans Jòb la mete devosyon Danyèl la, sou devosyon Danyèl la, mete amitye fratènèl Jonatan an; sou amitye fratènèl Jonathan an, mete lanmou Jan an. ».
N ap fini pou n di lanmou se rezilta yon vi kwasans, se ak lafwa li kòmanse.
Pyè di nou nan vèsè 8 tèks jodi a egzèsis sa a p ap kite nou rete 2 bra kwaze pou n pa ta grandi nan konesans nou nan Kris la. Li di si se sa, konnen n ap avèg spirityèlman, paske pou w monte mach yo fòk zye w louvri epi pou limyè Pawòl Bondye a ap klere chak mach pou ou.
Efezyen 4 : 13 konfime yon lòt fwa objektif li gen pou nou pa mwayen apot Pòl, koute sa li di : « Travay sa a dwe kontinye jouk nou ini ansanm nan sa nou kwè ak nan konesans nou konsènan Pitit Bondye a. Objektif nou, se pou nou vin tankou kò yon moun ki byen grandi, byen devlope, nou nou vin sanble ak Kris la nan tout sans ».
Se pou Bondye fè nou gras pou n konprann epi pratike pawòl li, amèn !