ITIYA, nou te ri tout bagay.

Piblik la te anvi ri. Ri sou non prezidan peyi a ki sinomim manti. Ri sou pastè ki pran tèt yo pou Bondye, anyen pa ka fèt san yo nan legliz y ap dirije. Menm plezi l ap bay tèt li kote se sèl Bondye ki ka wè. Ri sou jan Moïse Jean-Charles pale…..ri sou Ayiti kote tout bagay vire lanvè. Premye spektak Amos César ki rele « ITIYA » ki sot fè nan Le Villate, dimanch 11 out 2019 la te yon gwo reyisit. Se konfime !

Sal la plen. Piblik la reponn. Gwo kout ri chak 15, 20 segonn. Amos César, tewolojyen-komedyen an genyen paryaj la. Se te yon gwo risk. Spektatè yo te ka pa vini nan « Stand up » la pou yon moun « yo pa fin konnen » nan kalite pwogram kon sa. Men se pa t sa ditou. Lè spektak la fini, tout moun te kanpe pou bay imoris la sa yo rele yon “Standing ovation”. Se pa yon bagay ou jwenn fasil ann Ayiti. Amos César fè yo poze anpil kesyon sou li kòm kretyen pou “One man show” sa li lanse. Li konfime li metrize metye a, epi 3 lane li te pase nan « Petit Conservatoire » ak Daniel Marcelin pote bon rezillta. Gwo rezilta !

Premye « stand-up », premye siksè

Amos César reyisi objektif tout imoris bay tèt yo nan yon spektak : Fè piblik la ri. Nan teyat, se pa reyaksyon piblik la ki vin avan pou aktè yo. Sa ki enpòtan se fè yon mesaj pase nan pyès k ap jwe a. Men, nan spektak imou, si piblik la pa ri epi li pa reyaji ak imoris la, « Stand up » la se yon gwo echèk. Se premye eksperyans ansyen elèv Daniel Marcelin an, epi li fè Gaëlle Bien-Aimé fè mizansèn nan. Dimanche 11 out 2019, tout « Le Villate » ri vant deboutonnen sou vàn/blag komedyen an nan ITIYA. Kon sa, yo tounen konplis nan bèl spektak tewolojyen an bay piblik la, paske pifò nan yo se te kretyen. Ou pa t ap janm panse yon « pastè » te ka ofri yon spektak kon sa.

Amos César pa fèmen bouch li nan Bib la

Yon tewolojyen anpil moun rele « pastè », èske l te ka fè moun ri ? Mete sou sa, li pa sanble moun ki konn fè ri ditou ditou. Èske l te ka pran chans bay tèt li libète touche kèk sijè ki ta ka choke moun yo ? Èske l te ka pran chans pase legliz li nan rizib ? Ebyen, li te fè tout bagay sa yo. Nan plizyè blag kote moun yo pa menm fòse ri, Amos César fè leta Ayisyen ki pa itil peyi a pase yon move moman. Li menm oze touche dezòd k ap plede fèt nan legliz pwotestan. Dayè, pi bèl « vàn /blag» spektak la te fèt sou sijè ki gen pou wè a legliz, daprè sa Michel Joseph ki se Jounalis pour « Radio Télévision Caraïbes » te fè konnen. Men, òganizatè yo te gen anpil lafwa pou yo te soti yon afich kon sa.

Yon risk byen kalkile

Pou fè « Stand up » sa, emisyon kretyèn chak maten « Agora 7-10 » ki pase sou radyo « Alléluia FM » te byen kalkile risk la pou 2 lane yo t ap fete a. Spektak la reyisi. Se yon « Mèt » ki bay spektak sa. Tout bagay nan pyès la te komik. Avèk yon prezans sou sèn nan nivo nenpòt gwo non nan domèn « Stand Up », Amos César fè tout piblik la ri vant deboutonnen. Jeff Lefèvre, ki se kominikatè epi yon responsab nan administrasyon piblik, fè konnen « Se yon risk òganizatè yo te pran pou mete sou sèn yon moun yo pa fin konnen nan domèn nan, epi nan yon kalite spektak piblik kretyen an pa fin konnen, men Amos soti de men anlè ».

Se yon kretyen san tabou ki t ap renyè kòm sèl kòk chante nan zafè griyen dan Le Villate. Politik, prezidans, palman, langaj modèn brendjenn ; referans seksyèl gou piman, gwo pwomès prezidan an ki jwenn akizasyon yon gwoup depite nan opozisyon, pou bay 27,750 kilomèt kare Ayiti kouran 24/24 depi jiyè 2019; mannigèt pastè « toutis » nan legliz pwotestan……tout pase anba woulo a nan reprezantayon komik ITIYA.

Imoris la pati sou baz meteyorit ki te tonbe sou latè nan seri Sipèmann nan ki te bay moun pouvwa spesyal. Li pran plizyè egzanp sou kèk Ayisyen ki swadizan gen pouvwa sa pou yo ka li nan panse moun, pou fè moun bay verite oubyen moun ki panse yo ka eksplike tout bagay. Tout sa nan lojik pou poze kesyon ki te fini spektak la : « Depi ki lè tèt nou pati ann Ayiti? »

Gaspard Dorélien, Master of Arts

Credit: BRIDESVIEENHAITI

Tradiksyon an kreyòl : Amos César

Scroll to top