Predikasyon

Fason Bondye vle nou bay

II Korentyen 9 : 7

« Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san moun pa fòse yo, san tristès, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan ». 

Tit : « Bay pa sifi ».

Men ki sa Vòltè te di : « Relijyon an se yon kote yon bann mèddam reyini ki chaje enbesil k ap suiv yo ». Vòltè te gade sou yon pakèt vye pratik ki te gen nan legliz mwayenaj, nan 17èm syèk la kote responsab yo te konn ap vann sa yo rele endiljans la. Sa vle di ou te ka achte padon pou peche w ak lajan. Legliz nan epòk la te konn anseye ofrann nan se te yon mwayen pou retire yon nanm ki nan lanfè pou w fè l ale nan pigatwa, epi lè l soti nan pigatwa li ka ale nan paradi. Relijyon te mete yon pratik ki fè moun yo tankou bèt, yo te tounen zonbi nèt, tèlman yo te egare.  Jounen jodi a, lè n ap gade ki jan anpil legliz chwazi pou fè ofrann, nou mande tèt nou èske l diferan ak jan yo te konn vann padon pou peche nan tan lontan jan nou sot di a ? Gen kèk lidè ki pwofite inyorans pèp Bondye a pou pouse yo bay sa yo pa posede. Genyen ki konn menm menase fidèl yo nan mande yo vide bous, valiz, pòch yo nan kòbèy ofrann la. Yo manipile moun yo san yo pa wont, yo sèvi ak inyorans moun yo pou yo mennen yo kote yo vle, pou yo fè yo aji kont volonte yo. Mete sou sa, yo kreye yon imaj Bondye nan lespri moun yo kote yo fè Bondye tounen yon koperativ, si w mete 10 pousan nan bank Bondye a, l ap ba w 100 pousan enterè. Nan nivo sa a, ofrann la pèdi tout sans li, li pa ofrann ankò, li tounen yon envestisman, « ban m m ap ba w », yo devlope rapò sa ak Bondye nan tout bagay, lè w ap chante yo di « Men louwanj ou ban m delivrans mwen nan pla men m », yo redui siyifikasyon ofrann la tankou yon komès relijye kote y ap pledi di plis ou bay se plis w ap beni, oubyen longè ofrann ou se longè benediksyon w.

Koute byen, tout sa w ap fòse fouye nan tèt yon moun ki pa mache ak verite biblik la ap gen yon enpak sikolojik sou moun nan kanmèm paske se sou baz yon vye ideyoloji sa w ap fòse a kanpe. 

Tewolojyen epi jesyonè kontab Faldor Jean Rony kalifye pwoblèm “eco-tewolojik”, sa vle di li gen rapò ak yon pwoblèm tewoloji enviwònman», paske daprè li menm, dirijan sa yo pa konnen kretyen yo dwe gen yon bon relasyon ak anviwònman yo, nan sans, yo pa ta dwe yon menas oubyen predatè pou fidèl yo, men yon gid pou di yo ki atitid yo ta dwe genyen nan tout sikonsans sitou anndan legliz la. Feblès sa fè yo vale yon tewoloji pwosperite san yo pa konnen ni sa l ye ni nan ki kontèks li te pran nesans epi grandi. » 

Ki sa Bib la di nou sou sa ? Pwoblèm lakòlèt sa a oubyen ofrann nan se te youn nan kastèt chinwa Pòl te gen pou l rezoud nan dezyèm lèt li te ekri pou Korentyen yo. Ki sa Senyè a vle nou konnen sou konpòtman nou dwe genyen lè nou ap pote ofrann pou li nan prezans li ? Èske nou dwe santi nou deranje pandan n ap bay ofrann nan ? Koute byen « Bondye plis enterese nan fason w ap bay la pase sa w ap bay la. Wi, Bondye plis enterese nan fason w ap bay la pase sa w ap bay la. » Tèks nou li jodi a ban nou twa verite nou pral gade kounye a : Ou pa dwe bay yon ofrann nan fòse ; Ou pa dwe bay ofrann nan tristès ; Ou dwe bay yon ofrann ak kè kontan, oubyen ak lajwa. Ann konsidere yo youn aprè lòt frè m ak sè m yo.  

  1. Ou pa dwe bay yon ofrann nan fòse (II Kor. 9 : 7)

Mo fòse an kreyòl la, se li menm nou jwenn pou tradiksyon nan plizyè tradiksyon franse nou abitye ak yo ki se « kontrent » la. Nan yon fason jeneral, yo defini kontrent la tankou yon vyolans ou fè sou yon moun, se sa ki fòse a ; se lè w anpeche yon moun aji ak pwòp libète pa l. Kontrent sa a ka soti deyò, sa vle di kote yon lòt moun oubyen yon lòt bagay, oubyen li ka soti anndan moun nan menm. Lè nou di anndan moun nan, li ka yon baryè sikolijik, sa vle di moun nan gen yon bagay nan li ki jennen l epi anpeche l aji jan l ta swete a. Nan kèk domèn, yo konn pale sou baryè kiltirèl, sa vle di peyi oubyen kilti kote moun nan ap viv la konn anpeche l aji nan yon fason oubyen yon lòt, yo pale tou sou baryè sosyal, moral epi fizik. Nan sa ki gen pou wè ak tèks n ap gade jodi a, kontrent la se lè ou fòse yon moun bay yon ofrann san l pa t gen volonte pou l te fè sa. Yo konn fè sa yo rele vyolans vèbal sou moun yo, sa vle di ak pawòl k ap soti nan bouch yo, yo pouse moun nan depoze yon ofrann nan kòbèy la li pa t vle bay. Se definisyon sa a ki bay mo « regrèt » la tout sans li, paske men ki sa regrèt la vle di : « Se lè ou chagren, se lè ou repanti pou yon bagay ou te fè oubyen ou pa t fè. Nan sans sa a, li nòmal pou w regrèt ou te bay yon ofrann si se fòse yo te fòse w bay ofrann sa a.

Anpil moun mal konprann epizòd Abraram ak sakrifis pitit li Izarak li ta pral bay Bondye a, yo di se yon ofrann li ta pral fè anba gwo kontrent paske pa gen yon papa ki t ap dakò touye yon pitit li renmen anpil san sa pa deranje l. An nou gade nan Jenèz 22 lide k ap soti nan istwa sa a, vèsè 2 : « Bondye di Abraram : Pran grenn pitit gasou ou genyen an, sa w renmen anpil la, Izarak, ale nan peyi Morija, lè w rive la, w ap touye l epi w ap boule l nèt pou mwen sou youn nan montay mwen va di w yo ». Sa nou di ? Ki paran zantray la pa t ap rache lè l tande yon pawòl kon sa ? Donk, moun ki di se te yon ofrann ki te gen gwo kontrent ladan l sanble gen rezon, men atansyon, vèsè premye nan menm chapit la retire tout dout, koute sa l di : « Aprè tout bagay sa yo, Bondye sonde Abraram epi li di l : Abraram ! Epi Abraram reponn : Mwen mwen !» Bondye sonde Abraram. Gen tradiksyon ki di « Aprè bagay sa yo, Bondye pase Abraram yon tès », alòs, sa pa gen rapò ditou ak yon ofrann anba kontrent, men pito Bondye t ap pase lafwa Abraram anba eprèv, se te objektif egzèsis la. Dayè, mo ebre ki nan tèks orijinal la se « Nisah », ki vle di « epwouve » oubyen « fè yon moun pase yon eprèv oubyen yon egzamen ». Anplis Bondye te vle bay Abraram yon leson, men li te vle anseye nou yon bagay tou sou sakrifis Kris la ki te gen pou l vini, paske Morija, kote Bondye te di Abraram ale pou ofri grenn pitit li a an sakrifis, se menm kote sa a ki ta pral vin tounen Mòn Kalvè pita nan 2 Kwon. 31, mòm kalvè, kote Bondye ta pral ofri grenn Pitit li a an sakrifis. Bondye t ap teste lafwa Abraram, se pa t yon sakrifis anba kontrent, se pa t yon sakrifis ki te gen gou regrèt ladan. Dayè, pou montre w tèlman se te yon tès, Bondye te gen tan prepare yon belye pou pran plas Izarak, se la nou jwenn non « Yaweh Jireh », « le Dieu qui pourvoit »Bondye pwovizyon an. Sa enteresan pou n wè menm Bondye ki mande nou ofrann nan, se li menm ankò ki ban moun mwayen pou n ba l ofrann nan.

M gen yon zanmi ki rakonte m istwa yon jèn fi ki ale nan yon sèvis nan yon legliz yon jou nan semèn nan, epi pandan y ap fè ofrann, pastè a ap fòse moun yo depoze tout kòb yo gen sou yo nan kòbèy la menm lajan pou yo pran machin pou yo tounen lakay yo. Lè yo fenk kòmanse li t ap ezite, men lè l wè jan pastè a ap fòse moun yo, li leve depoze kòb yon lane inivèsite nan kòbèy la ak yon kè sere, yon kòb li te dwe al bay nan inivèsite a menm jou a, yon bò frè l ki te ba l kòb la pou l ale peye. M panse nou dwe rele yon chat, yon chat, sa rele vòlè. Se sa ki rele kontrent la, lè w fòse moun nan bay, lè sa a l ap regrèt kanmèm.

Frè ak sè m yo, si w santi lespri w pa dispoze pou bay, si yon moun ap fòse w vide pòch ou, bous ak valiz ou, se pou w reziste paske menm lè w ta bay tout sa w gen sou ou, Bondye p ap pran plezi nan ofrann nan paske se atitid ou Bondye ap chache, se dispozisyon kè moun k ap bay la ki enterese Bondye avan tout bagay. Sa vle di, avan w pote ofrann nan, se kè  w ou dwe ofri bay Bondye. Nou menm dirijan, sispann fè vyolans sou pèp Bondye a, sispann fòse yo bay, nou se premye gwoup moun ki dwe respekte sa ki ekri nan Pawòl Bondye : Jan moun nan te deside nan kè l, san fòse, oubyen san kontrent.

Tèks la pa kanpe la, paske anplis li di ou pa dwe bay yon ofrann nan fòse epi pou w regrèt, oubyen anba kontrent, li di tou, ou pa dwe bay yon ofrann nan tristès.

  1. Ou pa dwe bay yon ofrann la nan tristès (II Kor. 9 : 7)

Gade ki jan yo defini tristès : « Yon fason ou santi w ki twouble emosyon w epi ki dire ; yon doulè ki anvayi konsyans ou epi ki anpeche w pwofite bagay ki ta dwe fè w kontan a ». Nou tande byen ? Yon fason ou santi w ki twouble emosyon w epi ki dire», onètman m panse nou te ka kanpe la paske definisyon an di tout bagay. Èske se ak yon santiman latwoublay nou dwe prezante nou devan Bondye lè n ap pote ofrann pou li ? Se santiman latwoublay sa a jenòm rich ki te mande Jezi ki sa pou l fè pou l gen lavi etènèl la te genyen. Jezi te reponn li : « Ou pa dwe touye ; Ou pa dwe fè adiltè ; Ou pa dwe bay manti ; onore papa w ak manman w ; epi se pou w renmen pwochen w menm jan ak tèt ou ». Jenòm nan te di Jezi : « Mwen fè tout bagay sa yo deja, ki sa m dwe fè ankò ? Jezi di l : « Si w vle san defo nèt, ale epi vann tout sa w posede, epi bay pòv yo, epi ou va gen yon trezò nan syèl la. Aprè sa, tounen epi suiv mwen. » Men pati ki enterese nou an : « Lè l fin tande tout pawòl sa yo, jenòm nan ale tou tris, paske li te gen anpil byen ». Nou jwenn istwa sa a nan Matye chapit 19 vèsè 16 a 22. Li te panike lè l tande li dwe al vann tout byen l yo, yon santiman latwoublay te pran l, e se definisyon tristès la menm, se kon sa anndan nou ye lè n ap ofri Bondye yon bagay nan tristès. Jan Bib la aprann nou l, Bondye pa pran plezi nan kalite ofrann sa yo, se atitid la l ap chache avan.

Istwa Kayen ak Abèl la ka ban nou yon limyè anplis sou sa n ap pale a, paske li montre nou atitid 2 frè ki t ap prezante ofrann yo bay Bondye. Jenèz 4 : 4b à 7 : « Letènèl te kontan ak Abèl epi li te aksepte ofrann li an, men li pa t kontan ak Kayen epi li pa t aksepte ofrann li an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil, li mare figi l byen mare. Letènèl di Kayen : « Pou ki sa ou move kon sa ? Pou ki sa ou mare figi w kon sa ? Koute rezon ki fè Bondye pa t aksepte ofrann nan daprè vèsè 7 la : « Pa gen dout nan sa, si sa w te fè a te byen, ou pa t ap rive nan sitiyasyon sa a, men paske ou fè sa ki mal, peche a kouche nan papòt ou, l ap tann lè pou l pran tèt ou. Men ou menm, se pou w kenbe tèt ak li. » Gen moun ki di tèks la pa fin klè nèt sou rezon ki fè Bondye pa t aksepte ofrann Kayen an, kèlkeswa rezon an, Kayen pa t anpè avèk tèt li avan l te prezante ofrann nan, pa t anpè a vle di li gen yon santiman latwoublay. Sa pa gen anyen pou wè ak ofrann li te bay la ki se fui latè, chak moun te gen metye pa yo, Kayen se latè li te konn travay. Nan liv Penntatek yo, nou wè plizyè kote Bondye te konn aksepte pèp ofrann fui latè nan men pèp li a. Men tèks la di nou Kayen te mare figi l byen mare, nanm li pa t anpè, li te tris kanmèm. Se atitid li te genyen an ki fè Bondye pa t aksepte ofrann li an. Yon lòt fwa ankò, Bib la montre nou aklè atitid moun k ap bay ofrann nan vin avan ofrann la nan li menm.

Gen moun ki mal sèvi ak egzanp David la nan echanj li te genyen ak Ònan an lè l te vle achte chan an pou l bati yon otèl pou l fè sakrifis pou Bondye. Yo sèvi ak pasaj sa a pou di lè w ap ofri Bondye yon bagay fòk li deranje w, fòk li fè w mal, mo yo sèvi yo gen menm sans ak « fòk li ba w yon santiman latwoublay », sa vle di yon doulè ki anvayi konsyans ou epi ki anpeche w pwofite bagay ki ta dwe fè w kontan ». Ònan te di wa a l ap fè l kado, men David te reponn : Non ! Mwen vle achte l ak lajan nan men, mwen p ap ofri Senyè a yon bagay ki pou ou, epi mwen p ap ofri yon sakrifis boule bay Senyè a ki pa koute m anyen ». I Kwonik 21 : 24.

Atansyon ! Atansyon ! Aksyon David te poze a pa t vle di ofrann la te deranje l oubyen li te kite yon santiman latwoublay nan li menm, rezon an se paske anplis se te desizyon pèsonèl David pou l te achte l ak lajan men tou, David se wa li te ye, li te gen mwayen pou l achte cham an san sa pa t deranje l, sa vle di se ak bon volonte l li te fè l, daprè jan nou te li l nan tèks jodi a : jan li te deside sa nan kè l ».

Frè ak sè m yo, si nou gen 100 goud nan pòch nou, epi nou santi nou tris pandan n ap depoze l nan kòbèy la nan moman ofrann la, kenbe lajan w nan pòch ou, Bondye pa pran plezi nan sa. Menm yon zanmi ou vle fè yon kado si w santi tristès nan kè w, kenbe kado w lakay ou, paske tèks la klè devan nou : « ….se pou w bay san tristès, jan ou te deside fè sa nan kè w ».

Ou pa dwe bay yon ofrann nan fòse epi pou w regrèt, ou pa dwe bay yon ofrann nan tristès, men ou dwe bay yon ofrann nan kè kontan, oubyen nan lajwa.

  1. Ou dwe bay ofrann la nan kè kontan oubyen nan lajwa (II Kor. 9 : 7)

Yo defini « kè kontan » an tankou yon bon emosyon ou genyen ki soti anndan fon kè w, yon santiman tout konsyans ou santi. Toujou daprè definisyon sa a, emosyon sa a mache ak yon bagay, sa vle di gen yon rezon ki ba w kè kontan sa a. Si se kon sa, kè kontan nou genyen an se yon manifestasyon rekonesans pou sa Bondye fè pou nou. Nou prezante ofrann nou yo bay Bondye paske nou renmen li, paske li ban nou tout sa nou bezwen avan menm nou mande l yo. Li enteresan pou n gade tou « kè kontan » n ap pale a oubyen « lajwa » se fui Lespri a li ye, nou jwenn li nan Galat 2 :20 : « Fui Lespri a se kè kontan….. ». Sa fè nou konprann moun k ap prezante ofrann nan dwe fè l selon Lespri, epi kèlkeswa kote Lespri Senyè a ye gen kè kontan, alòs, se yon ofrann ki jwenn enspirasyon l nan Sentespri nou dwe pote bay Bondye, li soti anndan fon kè nou, li pa gen limit. Sentespri vle mete nou nan bon kondisyon emosyonèl, sikolojik ak spirityèl pou n prezante ofrann nou devan Bondye.

Lè nou gen kè kontan, nou bay san gade dèyè, nou bay ak liberalite, e se menm liberalite sa a k ap fè nou rich, se sa menm nou jwenn nan Pwovèb 11 :24 : « Moun ki bay san gade dèyè ap vin pi rich ».

Jezi t ap pale sou pòv vèv ki te bay 2 ti pyès yo, li te di fanm sa a te bay plis pase tout lòt moun ki t ap mete nan bwat la ; paske yo menm yo te bay nan sa yo pa bezwen ankò, men vèv la te bay sa l te genyen pou l te viv, tout sa l te posede. (Mak 12 : 42-44). « Tout sa l te posede » se sa liberalite a ye, e pa gen liberalite san kè kontan, se kè kontan an menm k ap fè w baya k liberalite, sa vle di san gade dèyè. Men atansyon ! Jezi pa vle di liberalite a se lè w bay tout sa w genyen epi ou pa kite anyen pou w viv, men pito, li t ap anseye disip yo epi nou menm sou ki atitid nou dwe genyen lè n ap bay, paske li di « lòt moun yo bay nan sa yo gen anplis, nan bagay yo pa bezwen », poutan vèv la te bay tout sa l te genyen, sa ki te nesesè pou l viv, alòs bon jan ofrann nan se lè w ba w san w pa fèmen kè w, san w pa mezire, se lè ou bay tout ou menm san rezèv. Pandan n ap pale sou « bay tout ou menm » nan, koute sa Pòl te di sou legliz ki te nan Masedwàn yo : « Frè m yo, mwen ta renmen fè nou konnen jan Bondye te montre favè l nan legliz Masedwàn yo. Nan mitan gwo tribilasyon ki te pase yo anba eprèv, malgre yo pa t genyen, kè kontan yo a te fè yo bay san gade dèyè. Sa m ap di nou la se vre, yo bay tout sa yo te kapab, yo menm rive bay sa yo pa menm genyen san moun pa fòse yo, pandan y ap fè sa, y ap plede ak nou pou n aksepte paske yo di se yon privilèj yo genyen  pou patisipe nan sekou y ap voye pou manm pèp Bondye a ki nan peyi Jide. Anplis yo bay jan nou te swete l la, yo ofri pwòp tèt yo bay Senyè a avan, aprè sa yo ofri tèt yo ban nou tou jan Bondye vle l la ». II Kor. 8 : 1-5. Ki sa pou n di ankò ? Se sa vrè ofrann la ye menm.

Bay ak kè kontan sanble ak yon timoun ki gen yon bèl mango byen jòn nan men l pou l manje, epi li wè papa l k ap vini byen lwen nan yon vwayaj li te pase plizyè jou deyò. Li tèlman kontan paske li pral pase tan ak papa l, li bliye si l grangou epi li lonje mango a bay papa l pou l montre l jan l kontan. Se menm jan an tou, lè nou nan prezans Senyè a, kè kontan nou jwenn nan pouse nou ofri l sa nou genyen ki pi bon an san fòse, nan lajwa.

Mwen konnen li pa fasil pou n jwenn anpil legliz jounen jodi a nan kote n ap viv la kote moun yo bay ofrann ki pa lajan, men kite m di nou, si se yon chan bannann ou genyen epi w santi nesesite pou w pote yon rejim kòm ofrann pou Bondye, fè sa san ezite, pa okipe moun, sa regade ou menm ak Senyè w la sèlman. Si w vle vann li tou pou w pote kòb la vini, pa gen pwoblèm, men sonje ou dwe fè sa nan kè kontan, pa okipe ipokrizi pèsòn aji sou ofrann ou an.

DÈNYE KOZE

Bon jan ofrann la se lè nou bay san nou pa regrèt la, san yo pa fòse nou ; Bon jan ofrann ofrann la se lè nou bay san tristès ; Bon jan ofrann la se lè nou baya k kè kontan, oubyen nan lajwa. Verite sa a dwe rantre anndan fon kè nou si n vle evite fè kòve. Paske anpil fwa ofrann nou yo sanble ak kakav ki byen abitye men yo pa gen souf nan yo, se diferans sa a menm ki gen ant yon moun k ap viv ak yon moun ki mouri « souf la ». Si nou pa bay ofrann nou yo ak kè kontan, yo p ap gen « souf nan » yo tou, sa vle di yo p ap vivan devan Senyè a.

Bib la ban nou yon egzanp sou yon koupe ki te prezante ofrann ni ak regrè epi nan tristès tou. Aprè yo te fin vann yon teren, Ananyas ak Safira te bay manti paske yo te kenbe yon pati nan lajan an pou yo epi yo di se tout lajan an yo te pote. Petèt se paske yo te wè lajan an te twò bèl devan je yo, oubyen yo te vle fè wè. Poutan, yo te lib pou yo te bay kantite yo vle e pèsòn pa t ap di yo anyen, daprè sa Pyè te di yo nan Travay chapit 5. Yo te regrèt lajan an. Menm jan yo te ofri yon ofrann kadav, sa vle di kip a t gen kè kontan ladan, kò yo te tonbe sans ouf devan apot yo tou. Se ak sa ofrann nou yo sanble lè nou pa bay yo ak kè kontan, yo sanble ak kadav devan Bondye. Ki sa pou Senyè a fè ak yon kadav ? Se pa kwòk mò li ye.

Pi gwo ofrann nou ka bay Bondye se lavi nèt, san manke moso. Si vi nou pa vo anyen pou nou nan pwen pou nou bay Bondye tout, ki sa nou p ap ba li ? Nou konnen ki jan nou sansib pou lavi nou. Lè nou ba l lavi nou nan kè kontan, li gen yon fason li resevwa pafen ofrann sa a devan twòn li. Ou menm ki poko resevwa Jezi nan lavi w, pi gwo ofrann ou ka ba li se lavi w kòm repons pou sakrifis li te fè pou ou sou kwa a, li ba w garanti ofrann sa ap gen yon bon sant nan prezans li pou tout letènite. Men sonje, kèlkeswa sa w ap bay la se pou w bay li ak kè kontan, paske kè kontan an se luil ki sou ofrann nan k ap rale dife Sentespri pou boule ofrann nan, sa ki montre Bondye aksepte l. Se pou Bondye fè nou gras pou n konprann epi pratike pawòl li, amèn !

Kote Bondye bay tout kretyen randevou

Bib la ban nou yon pwosesis pou n suiv yon fason pou n kapab byen grandi pou n rive nan matirite kote Bondye ap tann nou an. Nou kontan paske pwosesis pou matirite spirityèl nou pral pale a, li soti nan yon apot ki te fè anpil erè pandan l t ap mache ak Senyè a avan l te rive nan dènye mach la, se apot Pyè.

Lanmò Kris la ban nou yon delivrans total Kapital

Sèl lanmò Kris la delivre kò nou, nanm nou ak lespri nou. Jezi te mouri pou chak dimansyon nan lèzòm pou l te ka ban nou yon delivrans total kapital.

E si Neyemi te yon Ayisyen

Se avèk anpil tristès pou m tande moun k ap pran pretèks pou di : Si kretyen pa t ap priye sa t ap pi mal, nou serye ? Ki jan pou sa te pi mal lè yo ka rantre lakay ou yo vyole pitit fi w, madanm ou devan w, touye yo epi mechan yo ale san kè sote ?

Scroll to top