Tankou yon komèt, imoris Amos César retounen sou sèn teyat la. Aprè plis pase douzan absans, ansyen elèv « Petit Conservatoire » la tounen ak nouvo pyès komik li jwe poukont li a: « ITIYA ». Se Gaëlle Bien-Aimé ki fè mizansèn nan epi Daniel Marcelin sipèvize travay la. Spektak sa chaje kout ri, souke tèt epi gwo bavo ki louvri sou yon lòt wout dimanch 11 out 2019 nan restoran Le Villate ki Petyonvil, aprè anpil moun t ap tann.
Avèk bèl kesyon fondamantal « Depi ki lè tèt nou pati? « , Amos César ki se senaris, komedyen epi animatè, pase nan betiz koze politik ak sosyal nan yon spektak san mezi jan li montre l nan echanj li ak piblik la. Fanatik ki ta p tann li ak anpil enppasyans te montre jan yo te kontan anpil nan fason yo t ap ri epi bat bravo. Itiya, ki se « Ayiti » alanvè, se yon seri kesyon sou peyi tout moun ap pase nan betiz la. Pandan tout monològ la, maji oratè a pèmèt li eklèsi mistè l ap montre a. Li fè reyalite politik, soyal ak ekonomik peyi d Ayiti parèt aklè nan yon langaj senp, san wout kwochi, pandan l ap poze kesyon sou enstitisyon leta peyi a nan yon fason pou fè moun yo kontan. Youn aprè lòt, imoris la poze pwoblematik gouvènman, legliz, lekòl nou yo, rezo sosyal ak edikasyon seksyèl jèn yo. Pami fraz griyen dan ki pi cho yo, n ap sonje ki jan atis la te alèz pou l fè yon piblik jèn ki melanje bouyi sitou ak fraz sa nou p ap janm bliye a: « M ap pran solèy la, dlo a, tè a pou mwen mete nan asyèt moun yo. »
Amos César enspire l sou seri televize « Smallville » Alfred Gough ak Milles Millar te kreye nan lave 2001, epi plonje nan istwa pèsonaj prensipal la « Clark Kent », pou kole ak imaj Sipèmann epi meteyorit yo ki tonbe sou latè. Imoris la sèvi ak syans fiksyon amerikèn sa pou fè parèt pouvwa sinatirèl meteyorit sa yo bay nenpòt moun ki touche yo. Kidonk, spektak sa se yon fason pou n pase sitiyasyon peyi a nan betiz nan yon dènye nivo. Kote orijinal ak bèlte « Stand-up » sa chita sou reyalite anpil dirijan peyi a parèt tankou moun ki touche meteyorit yo. Chòk sa ba yo yon pouvwa sinatirèl pou yo dirije. Se sa ki eksplike ki jan moun sa yo fè pa responsab, san koutha kote yo okipe plizyè fonksyon direksyon nan tèt peyi d Ayiti.
Avèk Itiya, Amos César fè pati komedyen ki kontinye aktive rapò atizay genyen ak pouvwa. Li remete an kesyon sosyete « toudenkou » ak moun k ap pwofite sèvi ak politik pou yo kenbe pòvrete, inyorans ak vyolans sou tout fòm li. Kontrèman nan « Smallville », dirijan yo pa vini ak okenn solisyon pou pèp la ni nan legliz, ni nan politik oubyen nan ekonomi, daprè mèt spektak la. Se vre, fonksyonè yo fè gwo ponpon nan tout ti aksyon yo fè. Pandan l ap chare diskou kèk dirijan legliz ak palmantè ki te yon bann « pa itil » epi ki vin tounen kòwonpi, ki vire do bay relijyon yo, Amos César ofri yon parad komik koupe souf. Youn nan egzanp yo, li montre byen klè ki jan kèk politisyen pran plezi pou repete mo « doub » la « : li gen twa doub nasyonalite.»
Si komedyen an tounen parèt vizib ankò, sa pa mete sou kote lòt animatè emisyon Agore 7-10 li ye sou radyo Alléluia FM nan. Finalman, Amos César tounen pou toutbon ak Itiya, yon « Stand-up » li ofri pou fete 2 lane magazin matinal li a. Fwa sa, spektak sa reprezante yon valè an plis nan palmarès atis la ki deja chaje.
Crédit: LENOUVELLISTE
Tradiksyon an kreyòl: Amos César