E si Neyemi te yon Ayisyen

Lekti

Neyemi 1 : 1-4 ; 2 : 1-9, 11-15 ; 4 : 9,14

Se te nan mwa Kislèv. Lè sa a, wa Ataksèzès te gen ventan depi li t ap gouvène. Mwen menm, Neyemi, mwen te lavil Souz, kapital peyi a. Max Ferlor Jean, youn nan frè m yo, rive soti nan peyi d Ayiti ansanm ak kèk lòt moun. Mwen mande yo nouvèl Ayisyen yo, ti ponyen moun pèp Ayisyen ki te soti nan peyi kote yo te depòte yo (brezil, chili, Sendomeng, Etazini) epi ki tounen nan peyi yo a, ansanm ak nouvèl lavil Pòtoprens.

Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta Dèlma 2, dèlma 4, dèlma 6, dèlma 18, Vilaj de Dye, bèlè, matisan, laplèn, yo fin kraze, se bandi k ap fè lalwa. Palè nasyonal rete tou kraze depi lè tranblemanntè a, anpil lòt kay rete menm jan depi lè bandi te fin boule yo a.

Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou kon sa nan gwo lapèn. Mwen pa manje, mwen t ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.

Jou ki te tou pa m pou m te pote diven bay wa a. Mwen pran diven an, mwen pote l ba li. Li pa t janm konn wè m parèt devan l kagou. Epi li di m kon sa: Ki jan figi ou fè rale kon sa? Se pa malad ou malad? Ou gen kowona oubyen kolera? Ki sa k ap fè ou lapèn kon sa? Mwen reponn li: Mwen swete pou wa a viv lontan! Men, ki jan pou m fè pa kagou lè peyi kote zansèt mwen yo te batay pou li a ap fin kraze, lè pi gwo komès ki nan peyi a se kidnaping ? Wa a di m kon sa: Ki sa ou ta renmen m fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m. Epi mwen reponn li: Si sa fè Wa a plezi, si ou kontan jan m ap sèvi ou la, tanpri, kite m ale nan peyi d Ayiti, peyi kote zansèt mwen yo antere a, pou m ka rebati l.

Wa a te chita avèk larèn li bò kote l, li mande m: Konbyen tan sa ap pran ou? Ki lè w ap tounen? Mwen di l konbyen tan sa ka pran m. Epi li dakò pou l kite m ale. Lè sa a, mwen di Wa a: Si sa fè Wa a plezi, li ta fè ekri kèk lèt pou mwen pou anbasadè pa w ak lòt anbasadè nan peyi a kite m egzekite plan m genyen an. Pou boujwa, Nasyonzini, Kanada ak lòt ankò konnen m gen manda pou sa m ap fè a.

Lè m rive Pòtoprens, mwen fè twa jou san m pa fè anyen. Yon lannuit, Li te fè nwa, mwen pran kèk moun pa m ak mwen. Nou soti Petyonvil, nou desann sou dèlma dwat, lè n rive kafou ayopò nou monte nazon paske anba dèlma pa bon, nou desann lali pou n pase channmas, nou pase bò fakilte dwa, nou vire desann bò stad men nou pa t ka ale bisantnè alewè Vilaj de Dye. Sou tout wout la, malgre fè nwa, mwen t ap egzamine eta Pòtoprens : fatra, kote ki te gen twou ak kawotchou dife te boule yo, san konte barikad ki fè machin nan pa ka pase nan plizyè zòn akoz peyi lòk. Apre sa, mwen kase tèt tounen sou menm chemen m te pase a.

Aprè kèk jou, nou lapriyè Bondye nou an, epi nou mete moun ap veye lajounen kou lannwit, pou pwoteje nou. Lè m wè pèp la te gen kè sote, mwen leve, mwen pale ak chèf yo, senatè, depite, minis ak majistra yo ak tout rès pèp la, mwen pase nan radyo, televizyon, mwen di yo: « Nou pa bezwen pè moun sa yo! Sonje jan Seyè a gen pouvwa, jan li fè moun pè l. Sonje jan l te bay peyi nou an endepandans. Ann goumen pou ayisyen menm ras ak nou yo, pou pitit fi nou yo, pou pitit gason nou yo, pou madanm nou yo ak kay nou yo. » Moun ki t ap travay pou remete Peyi a sou pye t ap travay ak yon men epi zam yo kenbe nan lòt men an. Mwatye nan sèvitè m yo ap travay, lòt mwatye a ak zam yo nan men yo.


Tèks sa se yon adaptasyon istwa Neyemi nou jwenn nan Bib la, nan liv ki pote non l la. Li reprann plizyè vèsè nan liv la ki rapòte egzakteman lide prensipal atitid ak aksyon Neyemi te poze lè l te pran nouvèl lavil Jerizalèm pandan l te an egzil. N ap antann nou sou prensip li pa yon reprezantasyon egzat sou tan ak reyalite yo paske kontèks istorik, sosyal, jewografik ak politik yo pa menm, nou ta ka di nou fè yon anakwonis, sa vle di nou pran yon tan nou deplase l pou n mete l nan yon lòt tan, men nou chita sou prensip ki te motive Neyemi an pou m rive di tèt mwen « E si Neyemi te yon Ayisyen! », Si Neyemi te yon Ayisyen, èske yon senaryo kon sa pa t ka posib ? Lè n konsidere gen plizyè Ayisyen ki nan gouvènman peyi Etazini, Kanada eksetera ki konnen jan peyi d Ayiti ye. Bib la di nou gen yon seri evènman ki pase nan tan lontan yo se pou yo ka sèvi nou egzanp, yo te ekri yo pou enstriksyon nou. Men ki sa nou fè ak yo ? Anpil fwa, atitid nou montre nou pa menm kwè nan yo, poutan n ap di nou kwè nan Bondye. Si nou te kwè nan li tout bon, nou t ap kwè nan Pawòl li, kwè nan Pawòl li vle di pran sa ki di yo pou n aplike yo, nou t ap kopye sou lidèchip Neyemi an pou nou kontribye nan rekonstriksyon peyi d Ayiti.

Èske nou byen gade reyaksyon Neyemi lè l pran nouvèl lavil la? Èske nou obsève demach li antreprann pou l tounen Jerizalèm ? Epi èske nou etidye strateji ak dispozitif sekirite Neyemi pran pou l bati miray la…. : « E si Neyemi te yon Ayisyen ! ».

  1. Reyaksyon Neyemi lè l pran nouvèl peyi l (Neyemi 1 : 4)

Men Avan n ale pi lwen, kite m di nou Neyemi te okipe yon gwo pozisyon nan lakou wa Ataksèzès, li t ap sèvi l. Avan wa a manje, Neyemi te youn nan moun ki pou goute ni manje, ni bwason, se te yon pozisyon privilejye paske moun kon sa pa ka gen pwoblèm grangou, nou ka di Neyemi te nan yon bon pozisyon. E si n ap konpare kondisyon l yo ak piramid Maslo a, tout senk bezwen yo mache : Bezwen Fizyolojik (Neyemi pa t gen pwoblèm manje, dòmi, abiye, eks… Bezwen sekirite (Neyemi te tou benefisye pwoteksyon gad rapwoche Wa a paske li te nan anviwònman imedya l ; Bezwen apatenans (Stati sosyal Neyemi parapò ak frekantasyon l se gwo koze) ; Bezwen estim (tout moun te rekonèt Neyemi, respekte l) ; Bezwen akonplisman (yon moun k ap manje nan manje yon wa ka di tèt li èske gen pi wo nivo pase sa, paske toujou gen yon seri gwo privilèj ki mache ak fonksyon sa yo). An gwo, gen yon seri sousi Neyemi pa t genyen. Dayè, ou te ka menm di pa t gen posiblite pou Neyemi te nostaljik paske se an kaptivite li te fèt, li potko janm pile Jerizalèm yon fwa nan vi l. Poutan, lè Anani enfòme Neyemi ki jan peyi a ye, nouvèl la tèlman frape Neyemi, nou ta di manm li kase, li chita.

Alòs, ki jan pou yon moun ki pa gen pwoblèm, ki pa nan peyi a annik pran yon nouvèl epi gade nan ki eta l tonbe, epi nou menm nou chaje pwoblèm, nou anndan peyi a, n ap viv sitiyasyon yo chak jou epi nou vag. Pa gen okenn dout nan sa, gen yon pwoblèm konsyans ki grav. Neyemi pran nouvèl la li chita (sa kase fòs li, sa vle di li afekte fizik li), li kriye, li pase plizyè jou nan lapèn (sa se dimansyon emosyonèl, atachman patriyotik pou peyi l), li jene, li priye (dimansyon spirityèl, l ap entèsede pou peyi l). Sa vle di tout sa Neyemi ye kòm moun te touche. Nou menm nou pran nouvèl peyi a pa bon, nou toujou rete kanpe, je nou sèch, nou viv tankou moun ki pa nan lapèn (sa pa afekte etadam nou). Se avèk anpil tristès pou m tande moun k ap pran pretèks pou di : Si kretyen pa t ap priye sa t ap pi mal, nou serye ? Ki jan pou sa te pi mal lè yo ka rantre lakay ou yo vyole pitit fi w, madanm ou devan w, touye yo epi mechan yo ale san kè sote ? Ki jan pou sa te pi mal an 2019 w ap gade Ayisyen k ap manje moun boukannen sou rezo sosyal nan yon peyi ? Ki jan pou sa te pi mal pou 2 jèn soti epi yo al jwenn yo boukannen nan taba ? Ki jan pou sa te pi mal, kote gen timoun nan peyi a k ap mouri grangou (literalman) nan kwadèboukè paske paran yo pa ka ba yo manje ? Ki jan pou sa te pi mal kote yon gwoup moun ka deside rantre nan katye kote prezidan yon peyi rete, touye yon batonye, okenn moun pa janm arete? Ki jan pou sa te pi mal lè yon fanm ansent ap mouri anndan lakay li paske peyi a lòk, pa gen ni wout ni machin pou l ale akouche? Nou sèvi ak fraz la kòm yon pretèks pou soulaje konsyans lach nou an, yon pretèks pou n pa fè anyen, pou n deresponsablize tèt nou, yon pretèks pou n di se Bondye ki gen dènye mo a, li gen kontwòl tout bagay, epi nou kwaze bra nou. Non ¡ Si nou t ap priye vre, sa pa t ap kon sa, paske lapriyè mache ak aksyon. Paske Nehemi pa sèlman reyaji kon sa epi se fini men li fè demach pou l ale Jerizalèm.

  1. Demach Neyemi antreprann pou l tounen Jerizalèm (Neyemi 2 : 1-9)

Nouvèl la tèlman afekte Neyemi, wa a wè sa li di l: Sa w genyen?  Ou malad? Pou ki sa figi w kagou kon sa? Nehemi di : Monwa, ki jan pou w vle pou m ta byen lè m ap tande sa k ap pase lakay mwen? O ! M renmen repons sa anpil. Mwen rankontre ak yon zanmi ki mande m ki jan m ye, m di l mwen pa byen akoz jan peyi a ye a li di m non m pa dwe di sa, menm si bagay pa bon m dwe di : Avec Jésus, tout va bien ». Ebyen m regrèt sa, m pa ka nan ipokrizi sa. Èske m gen Jezi nan lavi m ? Wi ! Èske m gen lavi ki p ap janm fini an ? Wi ! Èske kè m kontan pou jan peyi a ap mache a? Non ! M pa ka byen. Se pou mond la konnen nou pa byen, n ap vin ak yon strès kidnaping, n ap mande ki lè tou pa nou an ap rive, nou pa ka byen. Chak jou paran ap mande ki sa y ap bay pitit yo manje, nou pa ka byen. Ou malad, pa gen gaz pou w ale lopital, si w fè efò ou rive lopital la kanmèm, pa gen gaz pou l fonksyone, si jamè yo redi fè l mache, doktè a pa ka vini paske machin li pa gen gaz, si jamè li te peye 3500 goud pou yon gallon mete nan machin li, li riske pou yo kidnape l, NON NON NON ! Nou pa byen, fòk nou ka di sa. Lè Neyemi fin di li pa byen, Wa di ki sa w ap fè ? Koute :

  1. Neyemi mande lèt otorizasyon pou gouvène lòt peyi kite l pase.
  2. Li jwe sou relasyon entènasyonal / diplomatik wa a (7)
  3. Neyemi mande yon lèt pou Azaf, gad forè wa a, pou ba l bwa pou pòt sitadèl la, pou miray vil la, pou kay kote l ap rete (8)

E nou menm, ki sa nou fè lè nou fin priye ? Nou menm ki nan dyaspora, ki otorite nou ekri ? Ki petisyon nou siyen ? Nou menm ki isi, ki mobilizasyon nou fè nan katye popilè yo ? Ki brigad nou mete kanpe sou pye ?

Nan liv Estè, lè Madoche aprann plan matchavelik Aman genyen pou pèp Juif la, li pran inisyativ pou l ale kote Rèn nan pou di l : Si w pa pale pou nou, menm ou menm ou ka peri tou. Nou konn panse piske nou nan gwo pòs, menas ensekirite a p ap rive sou nou. Pasivite konn fè plis dega pase yon bonm atomik. E jan Bib la di l, se pa sèlman lè yon moun fè mal ou peche, men lè w konnen yon byen pou w fè, ou gen kapasite pou w fè epi ou pa fè l, ou peche tou, Jak 4 : 17. Nou pasif. E mo « pasivite » pran fòm nan yon mo laten ki se “passivus” ki soti nan “pati” ki vle di “soufri, sibi”, wi, nou dakò sibi tout sa yo fè nou san nou pa fè okenn demach pou sa chanje epi aprè n ap defòme verite biblik yo pou n di : “Toutes choses concourent au bien de ceux qui aiment Dieu” Oubyen, depi yon bagay rive konnen li te nan plan Bondye”, manti ¡ Li pa t janm nan plan Bondye pou ensekirite ap fè lalwa nan yon peyi, se nou ki pou chanje sa. Bondye di mwen konn ki pwojè mwen fè sou ou, se yon pwojè lapè, se pa yon pwojè malè. Neyemi kriye, li priye, li fè demach, e li pa kanpe la, li elabore yon strateji, li mete dispozitif sekirite sou pye pou l bati miray la.

  1. Strateji ak dispozitif sekirite Neyemi pran pou l bati miray la (Ney 2: 11-15 ; 4 :9,14)

Ki sa Neyemi fè ?

Li enspekte miray la (11 – 15), sa vle di li fè yon evalyasyon sou sa ki gen pou fèt. Si w rele yon enjenyè nan telefòn, ou mande l vin repare kay ou ki andomaje aprè yon tranblemanntè, epi san l poko wè kay la, li di w sa ap koute l 500 mil goud, ou mèt rakwoche sou enjenyè sa menm kote a, li pa konn metye a. Paske li enposib pou w fè yon estimasyon san w pa vini sou teren an, pou w evalye dega yo, ki mi ki tonbe, ki kote ki bezwen ranfòse, èske se kraze pou kay la kraze nèt pou rekòmanse, fòk ou sou teren an. Lè Nehemi fin priye, lè l fin fè demach, li desann sou teren, li evalye miray la pou l konnen èske materyèl li genyen yo ap sifi, ki lòt ekipman pou l achte, eks…. Ou pa ka rete nan peyi lòtbò, ak yon seri teyorik politik oksidantal tou fèt, epi ou annik fè yon plan ou bay pou aplike nan peyi d ayiti, NON ! Sa p ap janm mache. Ou pa ka pran yon sistèm edikatif k ap mache nan peyi Lafrans, Kanada epi ou plake l nan figi ayisyen, pou w panse l ap mache, NON ! Sa pa ka mache, se pa menm reyalite. Se pou w desann bisantnè, pase matisan, pale ak popilasyon an, koute pwoblèm yo, ale ladwàn, pou w konnen ki fuit la ye pou konntenè zam ap rantre san lapolis pa okouran, pase konpayi telefòn yo nan paswa, vin evalye teren an ! Neyemi pa sèlman fè yon evalyasyon sou materyèl konstriksyon l ap bezwen, men tou, yon evalyasyon sou dispozitif sekirite pandan y ap kontui miray la, paske gen ènmi ki p ap vle konstriksyon an fèt. Nou genlè panse gen nasyon k ap kontan si yo wè Ayiti ap rebati ? Dayè yo te di se yon enpètinans pou yon pèp nwa pran endepandans nan figi yo, se pou yo fè tout sa yo konnen pou yo redui nou nan pousyè jouk yo elimine nou. Se pou n louvri zye nou, ènmi yo plis pase sa w panse a. Neyemi fè yon evalyasyon global. E aprè evalyasyon…..

Li priye epi li mete yon ekip gad lannuit kou lajounen pou defann yo kont atak ènmi yo (v.9) (Sanballat, Tobija, les Arabes, les Ammonites et les Asdodiens). Li mete pèp la pa fanmi, avèk epe, lans ak flèch. Epi li ba yo yon mesaj pou ba yo fòs, li di yo : Pa pè yo, sonje Senyè nou an ki gran, epi batay pou frè nou yo, pou pitit ak pitit fi nou yo, pou madanm nou ak pou fanmi nou (v.14). Wi, se sa nou bezwen. M sonje an 2018, direktè PNH la t ap bay yon bilan pou l di pifò `pò ki nan peyi a pa gen prezans lapolis ladan, sa vle di gouvènman peyi a pa gen kontwòl sa k ap rantre ak sa k ap soti. Kidonk, yo fè yon evalyasyon epi okenn desizyon pa pran pou sa. Neyemi fè evalyasyon, li priye epi li ranje pèp la pa fanmi avèk epe, lans, flèch, paske rezilta evalyasyon an mande yon desizyon sekirite prese prese. Chapit 4 vèsè 17, 18 la di : moun ki t ap bati miray la te gen zouti nan yon men, epi zam pou defann yo nan yon lòt men, epi santinèl pou sonnen twonpèt la te kanpe kote Neyemi.

DÈNYE KOZE

Neyemi kriye, chita, priye epi jene lè l pran nouvèl lavil Jerizalèm, Neyemi fè demach kote wa, li jwe sou relasyon entènasyonal ak diplomatik pou l jwenn materyèl pou l rantre Jerizalèm, Neyemi fè evalyasyon teren an epi li mete fanmi yo kanpe ak zam nan men, ouvriye ap travay zouti nan yon men, zam nan yon lòt men, santinèl ap veye. Ki lòt modèl rekonstriksyon nou bezwen pou peyi nou Ayiti. Si Neyemi te yon Ayisyen, èske se pa sa l t ap fè ? Neyemi se te yon ewo, yon vayan sòlda. Bondye pa janm sèvi ak lach pou l mennen batay. Li te di Jozye, mete gason sou ou, mennen pèp la kanaran, li te di Jedeyon, ale ak fòs ou genyen an, vayan ewo !  li te di Moyiz al delivre pèp mwen an, mwen avè w. Alòs èske se kwè nou pa kwè Bondye avèk nou ki fè nou pa pran inisyativ pou n delivre peyi a ? Poutan n ap priye yon Jezi nou di ki toupisan, genlè se pa vre ? Genlè nou pa konn Jezi sa ? Si se vre Jezi te mouri tankou yon ti mouton, men li te resisite tankou yon lyon ki pa janm pèdi batay. Si se vre tout kote nan Ansyen Testaman ki genyen l’Ange de l’Eternel » se yon Kristofani sa vle di se Kris ki t ap aji, ebyen se li menm ki chèf lame Letènèl la. Jozye voye je l sou montay la li wè yon moun kanpe li di : Kilès ou ye ? Èske ou se yon zanmi oubyen yon lènmi, Lanj Letènèl la di : Mwen se chèf lame Letènèl la, mwen rive kounye, Se Jezi, chèf lame a, li pa janm pèdi batay ! Èske chak Ayisyen ka yon Neyemi ? Wi, nan nivo pa w. Nou ta dwe sezi, kriye, jene pou peyi nou, fè demach mete strateji atè pou n chanje sa. Neyemi te gen gwo enfliyans, li sèvi ak li, nou vle di pa gen kretyen ki gen gwo enfliyans nan peyi a ni lòtbò dlo ? Ki sa nou fè ak li ? E m p ap pale pou kretyen sèlman, men pou tout Ayisyen ki konsyan bagay la pa dwe rete kon sa. Kòmanse anndan lakay ou, pran katye w la, pran komin nan, pran depatman an, pran peyi a pou Jezi, pou zansèt nou yo, pou madanm nou yo, pou pitit nou yo, nou se Ayisyen, nou se Neyemi !

Scroll to top